Kòltiz : Yon pratik solidarite ant peyizan

0
3729
Se yon pratik kote peyizan yo mete tèt yo ansanm pou yo travay latè nan vann jounen. Yo fè kotizasyon kolekte kòb ansanm pandan tout lane a pou yo ka achte youn oubyen plizyè bèf.

Bèf ki pa touye 31 desanm

Y ap touye l 1ye janvye

 

Depi lane 2021 an jou ki te 16 desanm nan Inesko ki se youn nan ajans Nasyonzini yo te rekonèt Soup Joumou kòm yon Patrimwàn Kiltirèl Limanite. Tande pale sou soup joumou se youn,  men, konn tout engredyan yo sèvi kòm materyo ki rantre nan fè soup joumou an se yon lòt. Pou vyann ak zo bèf la ki se nanm soup la sa a se yon lòt ankò. Men kondi grann mwen ta di. Se pou w konn la pou w al la. Jodi a n pral chita sou yon pratik Peyizan nan Sid genyen ki rele kòltiz.

Kòltiz, se yon pratik solidarite ant peyizan ayisyen ki gen piplis pase yon syèk. Dapre anpil rechèch nou fè moun nou pale yo di n yo leve jwenn pratik sa a jan l ye a. E genyen menm ki fè n konnen menm granpapa yo te konn fè pratik sa a depi yo te ti katkat. Vwala pou jis kounye a yo toujou kenbe l byen djanm. Men se sitou nan Depatman Sid la nou jwenn tradisyon sa a ki rele kòltiz la. Menm nan Depatman Sid la se sitou nan komin Kanperen depi n leve n jwenn li. E pou jis kounye si w ta wè pa gen kòltiz, ou te mèt konnen pap gen gen vyann nan soup 1ye janvye. Depi pa gen vyann bèf nan yon soup nou ka rele l tout lòt bagay sòf soup. Nou pale ak moun ki soti nan tout lòt depatman nan peyi a pou n ka konnen pi byen, yo tout di n yo pa konn pratik sa ki rele kòltiz la bò lakay pa yo.

Pou koumanse an n pran san n pou n byen esplike n ki sa kòltiz la ye. « Se yon pratik kote peyizan ki mete tèt yo ansanm pou yo travay latè nan vann jounen. Yo fè kotizasyon kolekte kòb ansanm pandan tout lane a pou yo ka achte bèf. Bèf sa a ou bèf sa a yo, sa depan ki kantite kòb yo ranmase a se 30 ou 31 desanm yo pral touye l ou touye yo. Vyann sa a yo pral separe ant tout moun ki te patisipe nan kotizasyon sa a. Se sa k fè jou w tande bèf sa a ap touye a tout moun oblije prezan pou ranmase kantite vyann pa yo ». Se sa kanmarad nou Inyas Bobèf yon peyizan nan Kanperen te pran san l pou l esplike n. Agonòm Bobèf te kontinye pou l te esplike n nan koumansman, se te tout peyizan ki te nan eskwad ki te deside pote kole nan mete kòb ansanm pou yo ka rive achte bèf la ou bèf yo. Paske konn gen kòltiz ki konn rive achte plizyè gwo bèf. Depi sou 1ye kòb eskwad la touche pou 1ye travay li fè nan ane a, kotizasyon an gen tan koumanse. Li te esplike nou pou l te di n gwosè ou kantite bèf eskwad la pral achte a pral depan sou kantite kòb yo rive kotize pou ane a. Depi 30 desanm rive, w ap pase yon kote, ou tande bidip bidip bidip se pa lòt bagay. Se bèf kòltiz k ap pase pa yo anba kout baton gayak peyizan anvan yo kòche l apre pou yo dekoupe l an plizyè moso. Nan katye ka Tibi nan 3yèm seksyon se toujou bèl bèl anbyans. Detan y ap lapide yon gwo bèf, gen yon lòt menm ki mare nan yon pye gwayav. Siman nan kè l li do ape ri sa k mouri a. Men l pa konn si tou pa l dèyè. Kout tanbou fè kenken detan Peyizan an yo ape chante. Kout baton ape vide kou grenn lapli novanm sou tout kò gwo bèf sa a ki lonje kat pye men longè atè a. Tout manm eskwad la ki te pote kole nan bay kòb reyini y ape tann. Y ap  tann ak sak yo, kivèt yo, bokit yo nan men, fèy bannann yo oubyen sachè yo nan men yo. Se yon bèl anbyans. Nou kite Tibi, nou pran wout Lasivèt. Tout sou kote wout la se kèk gwo bèf kòltiz k ap pèdi lavi yo devan dèyè. Detan n pe pran mòn pou n rive anlè Lasivèt, depi se kote w tande bidip bidip bidip tout Kare, se menm aktivite a. Bèf kòltiz ki pe pèdi lavi yo san gade dèyè.

 

Yon lòt fòm kòltiz

Tank tan an ap pase koze kòltiz la pe evolye tou. Lontan se te kòb eskwad travay sèlman yo te kotize pou achte bèf la. « Men kounye a menm si w pa travay nan eskwad w ka fè kòltiz. Konsa n bijo òganize yon sòl. Depi janvyen n lanse enskripsyon pou moun ki vle patisipe nan sòl la. Papa ou manman sòl la deside l ap achte yon bèf tan pri. E manm sòl yo gen jis ka fen novanm koumansman desanm pou yo fin fè kòb la kont. Se konsa n lanse enskripsyon pou sòl la. Nou deside kantite manm yo ak kantite kòb pou yo chak bay chak mwa pou yo ka rive rasanble kantite kòb yo bezwen pou yo achte bèf la ». Se sa Kafenòl te di n lè n te al lakay li sou kannal la pou l te bann esplikasyon sou lòt fòm kòltiz sa a.

Avantaj ki gen nan bèf la anyen pa pèdi. San an yo kwit li menm kote a bay moun manje. Po a fè bonjan tanbou ou byen sandal, valiz, soulye elatriye. Kòn yo, zago yo, dan an yo, zo yo fè bèl bijou lè se pa chen ki kraze yo anba dan dèyè yo. Anndan zo yo gen sa ki rele mwèl la anplis  mwèl ki nan tèt bèf la.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here