Kilès ki Vòlè?

0
3942

Apre dènye soukous ki boulvèse peyi a, 6, 7 ak 8 Jiye, lè gouvènman Moise-Lafontant te deside ba pèp la yon kout ponya pwennfèpa nan monte pri gaz, noumenm yon gwoup Ayisyen fondalnatal k ap reflechi sou pwoblèm Ayiti ap di de mo:

Pandan pèp Ayisyen ap vonmi san pa bokit nan faktori pou boujwa voye sere milyon nan bank lòt peyi. Pandan bèt sovaj ap devore jenès nou an k’ap mache chache lavi toupatou sou latè. Pandan jenn tifi ki ponkò menm aprann li blije ap vann kò yo, oswa danse move dans pou yo pa mouri grangou ! Pandan manman ak papa pitit ap monte kalvè pa do pou bay timoun manje epi voye yo lekòl !

Men ki repons n ap gade gouvènman an bay:

Palmantò ap touche gwo lajan ilegal pou pwason, lajan pou bèl machin ak lajan kòripsyon pou gwo kay…

Yo meprize pèp la

Yo krache sou mizè l,

Yo reponn li ak gaz lakrimojèn

Yo reponn li ak katouch pou retabli lòd, ki vle di kraze dwa pwogrè pèp la

Yo mare sosis yo ak boujwa pou lage 3 adoken ba travayè ki t ap reklame 800 goud olyede 300 goud salè minimum

Yo monte pri tout bagay depi kòmanse sou pri kat didantite jouk rive sou pri paspò

Yo kanpe gade:

Moun ki pa ka manje pandanstan tout manje soti kay vwazen

Fanm ansent k’ap trepase kon bèt devan pòt lopital

Yo bay lòd kraze kay malere ki rete twò pre ak yo

Men se ‘ti kochon laplenn’

Pandanstan koripsyon ap vale teren: okenn arèstasyon pa fèt pou vol lajan Petro Caribe; tout makouchat ap taye banda jan yo vle, atake moun serye pandan chef ap danse.

Palmantò ap touche gwo lajan ilegal pou pwason, lajan pou bèl machin ak lajan kòripsyon pou gwo kay, san konte kantite gonfle yo gonfle lajan lalwa ba yo dwa touche, ak lòt lajan anba tab y ap touche pou oswa vote lwa radiyès-pèmèt oswa distribye djòb ba moun k ap touche santravay.

Pandanstan, boujwa Ayisyen kon etranje ap pran woulib ladwann, lè piyay la rive nan tobout la menm, boujwa louvri pò akòstay pa yo menm pou resevwa kontrebann devan je tout moun. Tout taks kaba. Peyi a rele yo chèmèt chèmètrès. Viv Briganday. Viv Kòripsyon. Viv Esklavaj.

Fòk sa sispann

Kounyè a n ap mande eske se konsa sa dwe ye? E pèp la ki sa l jwen? Eske gen esklavaj toujou nan peyi Dessalines lan? Eske se pèp ki pou toujou ap bay san janm jwenn yon kout kiyè. Eske pèp la kondane pou toujou viv nan fatra pandan Gwo vòlè kòstime-kravate ap vòlè fòs travay li pou fè milyon? Kilès ki kòmanse ak vyolans la? Kilès ki kòmanse ak piyaj fòs travay moun nan? Eske Ayiti kondane pou peri anba parazit ak ‘bandi legal’ kap bwè tout san pandan l ap bloke tousa k’ ta vle sanble ak yon pa pou devlòpman l?

Jodi a se dwa n pou nou vin mande konbe kòb taks ki pa janm peye? Konbe kòb manje, kòb lasonyay, kòb pou lékòl yo vole nan men travayè?  Konbe ti moun yo lakòz pa ka ale lekòl? Konbe yo lakòz ki mouri grangou? Konbe donmay ak enterï yo dwe peye?

Jodi a n ap mande si lòtè krim sa yo pap janm jije? Kote jistis pèp la? Li lè li tan pou nou lonje dwèt anwo tout gwo v֋òlè kriminèl nan peyi a pou jistis popilè deside sò yo. Tout tan sa ponkò fèt Ayiti ap kontinye plonje nan twou san fonsa a, jiskaske yon jou se Te y’a di devan non pèp Ayisyen. Men nou kanpe fèm avèk pèp Ayisyen pou nou goumen jis tan kat la rebat nan enterè majorite a.

Michelle Daniel

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here