Kilès ki responsab okipasyon peyi a?

0
555
Madi 28 jiyè pase a plizyè òganizasyon konsekan te manifeste nan lar i Pòtoprens kont prezans fòs okipasyon Loni an nan peyi a

Daprè militan dwa moun, Patrick Elie, ki pou konnye a prezidan yon komisyon k ap reflechi sou yon lòt fòs ame pou peyi Dayiti; se elit ayisyen an ki responsab tout okipasyon Dayiti yo, depi 28 jiyè 1915 pou rive mas 2004. Patrick Elie te fè deklarasyon sa a nan lokazyon 94zyèm anivèsè premye okipasyon militè peyi a, madi 28 jiyè 2009 la, yon dat madichon kirete make nan listwa peyi a. Jounen jodi a, prezans fòs okipasyon Loni nan peyi Dayiti se yon gwo blokay pou devlopman peyi a, se yon movè imaj pou peyi a sou plan entènasyonal la. Okipasyon sa a anpeche touris ak envestisè yo antre nan peyi a. Okipasyon Loni an ap fè peyi a vin pi pòv chak jou. Selon Patrick Elie, se pa defèt fòs ame ayisyen an devan yon lòt lame etranjè ki fè peyi a konnen 3 okipasyon nan mwens pase yon syèk, men se defayans elit ayisyen an ki lakòz tout deriv sa yo. Se avèk anpil konstènasyon jouk jounen jodi a, dirijan ayisyen yo montre yo tèlman iresponsab, yo fè se etranje k ap vin deside pou yo nan plas yo sou avni peyi a, après 205 lane endepandans, yon endenpandans zansèt nou yo te pran aprè anpil efò ak sakrifis. Yon endepandans ansyen kolon fransè yo te fè n peye ak yon pakèt lajan pou yo te ka rekonèt li, aprè yo te fin piye peyi a. Patrick Elie kontinye pou l di, si dirijan ayisyen ki la konnye a pa pran konsyans pou jere diferan kriz k ap sekwe peyi a, n ap rete konsa nou wè peyi a ap plonje pifon nan yon okipasyon k ap tèni imaj peyi a.

Se nan sans sa a , li lanse yon apèl bay dirijan ayisyen yo, pou yo pran responsabilite pèp la te konfye yo, pou travay pou peyi a reprann souverènte, pou fòs okipasyon Loni an, Minista kite peyi a, pou konstwi yon peyi kote tout pitit tè a ka viv an tout diyite. Se nan sans sa a madi 28 jiyè 2009 pase a plizyè òganizasyon konsekan nan peyi a te mete tèt yo ansanm pou yo te òganize yon manifestasyon pou egzije depa san kondisyon nan peyi a. Plizyè santèn moun te sòti sou Ponwouj devan pye papa Dessalines lan pou rive devan lokal Loni an ki se syèj fòs okipasyon an pou te di yo: « Non ak okipasyon an, Non ak politik neyoliberal, Non ak tout pwo-konsil». Sou pankat yo te genyen plizyè lòt revandikasyon kouwè: « Retou fizik e san kondisyon prezidan Jean Bertrand Aristide, piblikasyon lwa sou salè minimòm lan 200 goud la, liberasyon tout prizo-nye politik yo, jistis ak reparasyon pou militan Lavalas sòlda Loni yo te touye devan katedral Pòtoprens lan, refòm nan inivèsite Leta, jistis ak reparasyon pou tout viktim plan lanmò neyoliberal la.» òganizatè yo te fè konnen mobilizasyon ap kontinye jiskaske minista kite peyi a wè pa wè fòk minista kite peyi a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here