Jiyè 2011-Jiyè 2021: Sanba Azò 10 lane lòtbò

0
1990
Lenord Fortuné alyas Sanmba Azò

Tan pou m mouri malere,

M pito mouri jenn gason,

Nèg pa konn afè mwen

Pawòl chante Sanmba Azò

 

Okenn Ayisyen natif natal menm si l pa respekte tèt li pa fouti di l pat konn Gwo kokenn Sanmba sa a. Sanmba Azò se konsa l te rele. Sanmba Azò sa a w tande a, se pat yon Ayisyen konsa konsa  non. Jou l te fèt se ak yon kout tanbou manman l te fè fanm chay la koupe kòd lonbrik li. Se sa k fè apre Ti Wowo gwo tanbouyè devan Letènèl, Azò se youn nan pi gwo tanbouyè Ayiti te gen chans pou l te akouche. 

E se mwen k pou di w. Sanmba Azò sa w tande a Ayiti Cheri pat janm regrèt li te akouche l menm jan ak anpil lèzòt. Gen anpil moun ki di l te konn jwe tanbou. Men se konnen yo pa konnen. Lè w gade vre Sanmba Azò pat janm nan jwe ak tanbou. Depi w tande se kote Sanba Azò pase si te gen yon tanbou nan zòn nan, li sispèk sispèk. Paske l konnen Sanmba Azò papa tanbou pap jwe ak li. 

Grenn je tanbou a nèk tonbe sou men Sanmba Azò sèlman. Ou byen depi tanbou a sispèk Sanba Azò nan zòn nan sèlman. San l pa di yon grenn pawòl tanbou a gen tan koumanse pale jis li depale koze l pa menm metrize. A a se pa pale. Kòm nou konnen jan bèl ti pwovèb la di l la. Azò se 1ye Ayisyen ki te resi fè tanbou pale twòp. Se konsa yon jou kou jodi a jeneral lanmò te di Sanmba Azò se twòp atò. Sanmba Azò te vin twòp pou tè. 

Se sa k fè Jeneral lanmò te tonbe fè jalouzi. Li te tann nas li nan Lopital Bèna Mez kote Sanmba a te entène. Se apre l te fin santi kadav kò a te koumanse faya apre l te fin pran kèk bon majè pataswèl anba grif move maladi malentespri. Yon jou 16 jiyè, katchapika lanmò ki te mache sou pwent pye te resi siprann nanm sanba Azò. Fwasa sa se li ki pat nan jwe ak ti bonnanj Sanba a. Li te tonbe jwe ak po tanbou nanm li jis li rachonnen l pakanpak.

Jeneral lanmò te rache Sanba Azò nan men tout Ayisyen ki kwè nan kilti lakay yo. Bon non batèm Azò se Lénord Fortuné. Men non vanyan l se Sanba Azò. E nonm nan pat pote non sa a pou bèl lèt vre. 16 jiyè 2011 se te pi move jou madichon nan lavi Azò. 16 jiyè sa a sot fè 10 lane byen plen depi katchapika lanmò file de bò te fofile defile anbachal vin pike lavi Azò nan do. 

Kòm yon lepè bò lakay la konn di n sa. Malè pa janm bat tanbou menm jan ak Sanba Azò. Se konsa malè lanmò te gen tan kreve grenn je tout tanbou anvan Sanmba Azò l te al espantan sou li nan mitan kalfou jennen si m te konnen toujou te twò dèyè. Se konsa tout peyi a ki te kanpe doubout pou te bay Sanmba Azò ochan nan lonè ak tout respè. M sonje sa se tankou se te jounen jodi a. Tout pitit ginen t ap òganize lantèmn l. E, se te yon lantèman nasyonal hòtpòt otorite ki te la nan moman an te mande pou te bay Sanmba Azò. 

Li pap twòp si n fè sonje kokenn tanbouyè sa a yo rele Sanmba Azò a te travèse abò bato Imamou pou l te retounen al jwenn zansèt yo nan fon Ginen jou madichon ki te 16 jiyè 2011. Gwo malè sa a te rive apre kadav kò Sanba a te fin faya anba kout grif vye maladi tout kalte. Se nan mitan kè Chalmas, devan  Mize Panteyon Nasyonal la yo te monte yon peristil men wòtè. 

Se la menm devan brid nan dyòl chwal Wa Anri Kristòf tout Ayisyen pitit fran Ginen te vin bay Sanba a yon dènye ochan Woukoukou. Kiyès ki pa sonje lè Sanba Azò te sou men l epòk kanaval. Toutotan l pa ko pase kanaval pa ko janm koumanse. Se Azò sèl ak Rasin Mapou ki ka mete dife sou Channmas san pesonn pa boule. M sonje sa kou jodi a yon dimanch swa kanaval. M kanpe devan kontribisyon, Azò pe pase l te nan pase 11 zè konsa. 

Bon son tanbou pe tonbe si w konn grenn lapli latousen. Kout tanbou fè kenken. Bon chante lwa pe pèdi lavi yo. Bon lòdè florida pe voye alagouj nan kat kwen nan kalfou ri Kazèn ak ri Monseyè Giyou. Gen yon jenn fanm ki pran lwa k sot tonbe sou do pye m bip !!! N pa bezwen menm pèdi tan n mande m anyen. Pa gen anyen ki pe fè m di n ki sa k te pase apre.

N pat voye m al fè repòtaj pou nou. Non, m sonje gen yon gran moun fanm ki di ti manzè « Gade yon jenn fanm. W pa wè se lwa w la ki pa ko batize pitit. Si w pa pran san w nenpòt moun ki konnen ki sa pou l fè l ka vòlè lwa a nan tèt w wi pitit fi m nan ». Azò wa chantè, wa konpozitè, wa powèt ginen, wa tanbouyè travèse sa fè 10 lane men longè. Men non l rete kanpe la byen djanm pou plizyè santèn lane ankò. 

Se te yon nòt ofisyèl ki te fè konnen Bohoun Sanmba a te gen pou l fèt nan samdi 23 jiyè 2011 pran 7 tè pou rive 11 zè nan maten. Bon jan pitit Ginen, bon jan Vodouyizan san mank, Sanmba Azò ak Sanmba Wawa ki te travèse lane pase se te de pi gwo nan bon jan papa Mizik Rasin nan. M sonje nan Bohoun pou Sanba Azò, Sanba Wawa ki te koumanse jwe mizik rasin ak Sannba ki travèse se youn nan pi gwo pòtvwa Mizik Vodou a. ;

Li te fè piplis moun konnen Mizik sa a. Pesonn pa janm konnen ki lwa sanmba Azò te sèvi. Men l pat pè l pat krenn pran avyon travèse rive jis nan peyi Japon al fè lwa tout kalte danse nan tèt Japonè ak Japonèz yo. Pou lòt peyi ki deja gen moun ki gen san Ginen k ap kouri monte desann nan venn yo se pa pale. M pa bezwen di n anyen. Ala yon vye sanmba sa a se Vye Sanmba Azò. 

Sanba Azò se te premye grenn Ayisyen bon jan Vodouyizan natif natal Leta te bay yon Ochan ak tout yon kalib grad konsa. Se Ati Nasyonal la Mak Bovwa ki te la pou mennen Bohoun nan. Maks Bovwa sa a nan epòk sa a se te pi gwo otorite ki te la pou dirije vodou a kòm sa dwa. “Lè Kadav Sanmba Azò te rive sou Channmas nan yon kabwèt de jennn poulen chwal t ap rale. M te la. Lè gwo otorite nan Leta t pa bay kadav la Ochan m te la tou. 

Lè prezidan peyi a nan epòk sa a t ap dekore Sanmba Azò menm lè l te fin travèse. M te la tou. Rasin Mapou gwoup Mizik Rasin li te fonde e l te jwe ladan l jiskaske l travèse a te jwe anpil mizik jou samdi sa a. M te la. Apre anpil kout tanbou te fin jwe yo te mennen kadav Sanmba Azò nan krematoryòm Paks Vila sou wout Aryopò a pou yo boule l jis li tounen poud. 

Nan vandredi swa te gen yon gwo veye sou Channmas ki te fèt pou Sanmba Azò. M te la tou. Te gen anviwon 30 gwo atis tout kalib tout plim tout plimay ki te vin bay Sanmba yon dènye Ochan. Fòk nou ta di Sanmba Azò te wè pi lwen pase Antwàn nan Gonmye. Pou sa Ayisyen parèy nou pe fè n pase pou fè blan an yo plezi. Nou ta mèt di Sanba Azò te gen rezon l nan 2 pla men l.

Tout Ayisyen natif natal, pran yon ti tan koute byen. Koute byen se kòm si n tande vwa tenò Sanmba Azò ki pe chante yon chante plenyadò tankou yon simidò. « Boukmann ooooooooo, nan bwa Kayiman. Nou lonmen non w nou pa detounen w nan Bwa Kayiman. Papa Boukmann oooooo, nou gen aseeeee. Papa Boukmann ooo nou rive nan tobout nou ooo Peyi nou divize. Lafanmi dozadooo.  Ou pa te fè bwa Kayiman pou n sèvi etranje ».

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here