Jij Bredy Fabien ta pral libere Saint-Jean Romélien alyas « Tètkale » !

0
3325
Saint-Jean Romélien alyas « Tètkale »

Pou moun ki pa konnen Saint-Jean Romélien alyas « Tètkale » li gen 30 lane sou tèt li. Se yon chèf gang ki t ap opere nan Granravin. Se jou ki te 3 desanm 2016, Lapolis te arete l pandan l ta pral pran avyon Copa Airlines pou l ale nan peyi Meksik. Jou sa a li te gen sou li mil san dizui dola meriken.

Jij Bredy Fabien ta pral libere misye sou pretèks li pa jwenn anyen kont li paske dosye Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) pa kanpe sou anyen. Se Komisè Gouvènman Tribinal Sivil Pòtoprens lan Mèt Ocnam Clamé Daméus ki kouri jedi 3 me a voye yon lèt bay Direktè Administrasyon Penitansye an, Komisè Jean-Gardy Muscadain pou l di l : tanpri kenbe Tètkale  nan prizon pou mwen jiska nouvèl lòd.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here