Depite Patrick Norzéus chanje kan!

0
3418
Patrick Norzéus, ansyen Majistra Lavalas nan Komin Delma

Depite Lavalas nan Baradè/Gran Boukan an Patrick Norzéus  vire do l  bay  Fanmi Lavalas, l al jwenn PHTK.  Depite a mache sou liy Nawoon Marcellus, Mario Dupuy,  Rudy Hériveaux,   Annette Auguste Sò An , Ronsard St-Cyr ak anpil lòt anbachal.

Se samdi maten 5 me a, depite a fè konnen piblikman li pran distans li ak pati Jean-Bertrand Aristide la kote l te pase 26 lane ap sèvi. Kounyea li pote sipò l bay prezidan Jovenel Moise.

Norzéus fè konnen tou chwa Maryse Narcisse pou te kandida Lavalas nan dènye eleksyon prezidansyèl la, sete yon move chwa ki kreye yon emoraji nan pati Lavalas la. Pou limenm Notè Jean-Henry Ceant te kab plis fè yon bon kandida pase Maryse.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here