Goudougoudou :10 lane apre

0
2632
Kisa nou wè ki fèt deja? Anyen. Men, nou konnen, nan ka yon goudougoudou, se pare pou n pare. (c) Valerie Baeriswyl

Òganizasyon mondyal yo pa pou nou yo ye

Sa la pou ede vòlè yo piye devore

Gason Manno

 

Nan lespas yon lane 2 gwo katastwòf ki pote anpil tèt chaj te frape Ayiti youn apre lòt brid sou kou. Youn se tè tranble 12 janvye 2010 la ki te gaspiye anpil moun ak anpil kay nan 2 depatman. Lòt la se katastwòf politik lè madan Kingkong te debake an chango sou rès kadav yo pou vin enpoze yon siklòn ki rele Tèt Kale ak yon sèten Miki.

Ki sa k te pase 12 Janvye 2010 ?

Kiyès Ayisyen ki gen plis pase 15 lane ki ka di l pa janm tande pale de gwo malè san parèy sa a ki te frape Ayiti Cheri nou an jou madichon ki te 12 janvye 2010 la? An tou ka se yon jou ki pap janm efase nan almanak listwa lakay paske tè tranble sa a anpil moun rele Goudougoudou a te gaspiye prèske 300.000 frè n ak sè n ki te krabinen anba bout beton.

Anplis dikdal moun ki gaspiye nan gwo malè si m te konnen toujou dèyè sa a, nou dwe konte tou dikdal lèzòt ki estwopye, je pete, tèt kase, bra ak pye koupe. Pou valè kay ki kraze menm se pa pale. Gen sektè ki pale de 1.500.000 fanmi sitiyasyon malouk sa a te lakòz yo pat gen okenn kote pou yo rete paske tè tranble a te kraze kay yo miyèt moso lage yo atè plat tankou pil sab bò lanmè Labadi.

Awousa milyadè sou malè n

Tout moun ki gen yon ti zing konsyans rekonèt, apa kalamite soufrans lesklavaj ak legliz izin zonbi mouche leblan je vèt loksidan te pote nan non Bondye yo a, gouvènman diktati bout di, koudeta kont gouvènman popilè, lavichè, Sida ak kolera, GNB ak Oligachi mafya yo, Goudougoudou 12 janvye 2010 la se pi gwo malè pichon ki te ka tonbe sou Ayiti.

Sa yon moun pa ta panse, malè sa a ki te vide kò l sou peyi a 12 janvye 2010 la, li vin  rann sitiyasyon moun afè pa bon yo pi angrave. Se te pi bon okazyon tou pou anpil milyadè vin pi milyadè, kote yo te pwofite de malè popilasyon an pou yo te mete piplis milya sou pil milya yo te gen deja. Pil mafya boujwa yo ak Awousa Tèt Kale yo te ri tou jòn lè yo wè konbyen milya Goudougoudou pèmèt yo fè san yo pa t janm atann. Menm jan popilasyon an pa dwe janm bliye 300 mil kadav san sèkèy 12 janvye kite atè, li pa dwe janm bliye yon kalib awousa amelyore a kostim yo bay pou Bil Kinkong. Anpil anpil enfòmasyon  fè konnen, nonm sa a boule 11 milya dola vèt anvan yon bat je. Kòb sa a te la pou te rekonstwi tout kay ki te krabinnen yo. Ekip Awousa ki nan ekip Tèt Kale yo menm kraze 4.6 milya Petwo Karibe a sou dan devan tankou lè ti moun laplenn pe souse kann. Kòm rezilta sa k te mal vin pi mal toujou, sa k te byen vin pi byen toujou.

Sa k te dwe fèt ?

Nan tout lòt peyi lè gen kalib katastwòf tèt chaje sa a yo ki pote dlo nan anpil grenn je se plis fòmasyon responsab Leta a yo bay pou montre moun yo kouman pou yo pwoteje tèt yo pou yo pa viktim ankò sizanka pa ka sa ta rive ankò. Yon lòt kote Ministè ki konsène nan koze bati kay konn fè fòmasyon pou enjenyè achitèk, kontremèt ak bòs mason pou montre yo kouman pou yo bati kay byen solid epi nan ki zòn.

Pabò isit menm se pa konsa sa pase. Apre Goudougoudou an te fin depatcha Ayiti, gen yon bann makòn jeran izin zonbi yo rele legliz ki tou pwofite fè kòb pa yo pou yo konbat siklòn grangou nan vant yo ak anvi ki anba ti vant yo, elatriye. Se konsa yon bann ti koken a bib, ki fè tout vi yo ap bay moun yo pran pou makak yo, te pito mande popilasyon mouton an pou yo reyini sou Channmas pandan 4 jou pou yo al ret tann jezi a ki pa menm konn adrès Ayiti vin chache yo. Blan pwotestan yo menm te fè konnen, se sou lòd Satan malè sa a frape Ayiti paske Ayisyen fè twòp twòp twòp peche. Bondye ki bon anpil la pini yo detan l krabinen 300.000 nan yo. Sa vle di kote ki pa gen malè konsa se paske yo pa janm fè pyès peche.

Ki sa 12 janvye 2010 aprann nou ?

12 janvye 2010 aprann nou kouman vakabon abiye ka sèvi ak malè Ayisyen pou yo vin milyadè trap de san yo pa jennen kontinye benyen moun ak de gwo manti menm gwosè ak sitadèl Wa Anri Kristòf la. Nou pa dwe bliye nonplis nonm Swit Miki a ki t ap fè moun k ap viv anba tant yo filalang ak yon lamayòt kote l te di yo, li gen 30 mil kay sou dlo. Se Preval ki pa vle ba l kote pou l mete yo. Menm Miki sa pase 5 lane ap koupe rache vòlè piye dechèpiye nan pouvwa a pesonn pa janm wè menm yon poto nan kay aloral sa a yo. Epoutan nan mago lajan Petwo Karibe a menm Miki sa a dechèpiye li bati yon chato ki koute 9 milyon dola vèt. Pesonn jounalis Tèt Kale pa janm mande l ki kote l jwenn tout milyon sa a yo.

Lakwa Wouj blan meriken li menm te pase bòl blé l li ranmase yon demi milya dola nan non malè popilasyon afè pa bon yo. Men apèn si yo te bati 12 ti koukouwouj, li grese pat joudalis GNB yo pou yo di se 12 mil kay yo bati. Pesonn pa konn ki kote yo ye. Myèl la bwè siwo l. Si pa malè yon malè konsa ta rive ankò tout sa k pat kò rich ap pare pou yo tou milyadè menm jan ak Bil Kingkong ak Kwawouj ak mafya nan oligachi kontrebandye amelyore yo ak Awousa Tèt Kale yo.

Goudougoudou an aprann nou tou, Ayisyen k ab ini yo pou rezoud pwoblèm. Nou sonje kouman Ayisyen te solidè youn ak lòt nan anpil jou apre evenman 12 Janvye 2010 la. Ak goudougoudou 12 Janvye 2010 la, nou pèdi anpil, nou soufri anpil. Men nou rekanpe e nou aprann. Nou aprann batay kont goudougoudou entènasyonal yo bay pou Kò Gwoup la, goudougoudou lakay ki gen Leta, legliz ak laboujwazi san zantray yo.

Detan sa a fòk nou fè anpil atansyon, nou gen anpil pou nou fè detan nou dwe rete vijilan pou n pa sibi menm jan ankò sizanka yon lòt katastwòf ta parèt sou nou ankò. Kisa nou wè ki fèt deja? Anyen. Men, nou konnen, nan ka yon goudougoudou, se pare pou n pare. Detan n pe veye Goudougoudou lanati ka pote nou dwe kontinye konbat Goudougoudou politik ekip Awousa Tèt Kale yo ki soti pou fini ak Ayiti depi 9 lane. Rezistans ak vijilans se modòd pou 2020 an.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here