Federasyon Sanksyon Kanada : Apèd balondò nan bandi

0
1169
Andre Apaid nimewo 1 nan ekip GNB 184 la

Sekou Pèpetyèl fin ekspire

Manzè pa pote tèt li sekou

Bandi fè l kouri kite Bèlè

Al kache sekou jis Piblen

Epi Bèlè kwè l ka ride yo

                 

Depi kèk mwa anpil lòt abolotcho san ren san fyèl ak zagoloray anbachal te jwenn men sòl sanksyon pa yo ansanm ak yon flonn makòn kòm bann pouriti parèy yo. Senmenn pase a se te tou pa nonm Loran Gagòt ki te Balondò nan Chanpyona Dechèpiyè Milya Petwo Karibe yo. Senmenn sa a se tou pa nonm Andre Apèd Jinyò kote non l fè hit nan mitan yon makòn lòt bandi omajiskil. Nonm Loran Gagòt la menm kote a w gentan wè nonm 25 estad papye ijyenik yo.

E, se nonm Loran Gagòt la sèl grenn ki konn ki kote youn nan 25 estad sa a yo ye. Pou depi jou sa l bati yo nan yon bèl rèv gagotè a kostim, se toujou zonbi Tèt Kale yo sèlman ki jwe ladan yo nan chanpyona entènasyonal kòripsyon sou lobedyans Federasyon Petwo Karibe. Apre Federasyon Sanksyon Kanada (FESAK) fin bay nonm Loran Gagòt la Balondò nan gwo Chanpyona Dechèpiyè Milya Petwo Karibe (CDMPK) senmenn sa a se tou pa nonm Andre Apèd Jinyò a.

Se toujou Federasyon Sanksyon Kanada  (FESAK) ki te bay papa GNB sa a Balondò sa a ak kout tanbou ak kout vaksin rara tou limen Yogann. Men fwa sa a se nan Chanpyona Bandi ki gen ti non jwèt GNB nonm Apèd la pote lamayòl nan Balondò. Pou moun ki pi jenn yo tankou mwens pase 30 lane GNB sa a se yon sig ki vle di Gran Nèg Bandi. Gen bandi ak bandi. Depi w tande Federasyon Sanksyon Kanada (FESAK) bay Apèd balondò kòm bandi, sa grav.

Ou mèt konnen gen bandi serye nan kay la vre.  Lè yon peyi tèlman an devenn tout oligak yo nèt mare sosis yo ak otorite politik yo mete sou pè malfèktè ak pastè dilèzam pou yo òganize chanpyona gangstè pwofesyonèl. Se gwo malè pandye lè tout elit ki gen responsabilite pou yo òganize yo pou mennen sosyete a sou chimen devlopman ak pwogrè pou tout moun pote labanyè kòm san konsyans.

Loran Gagòt Balondò dechèpiyè

Lè yon peyi se yon bann elit pichon ak giyon ki gen mayèt politik, ekonomik, espirityèl la anba pat yo, si l pako disparèt se gras a sa nou pa wè yo. Lè tout elit yo gen doktora nan kontrebann, dilèdwòg, trafikan zam, trafikan dolachè, si peyi sa a pako disparèt se gras ak vijilans lespri zansèt nou ak fòs kouray ak detèminasyon mas popilè yo pou yo reziste kont malfèktè. Pou n retounen sou koze bandi yo, gen youn nan bandi sa a yo ki se yon bandi espesyal.

Apèd se yon grenn bandi toulimen. Yon grenn bandi klere klere. Mwen gen yon zanmi m ki t ap di Apèd se yon bandi fosforesan. Sa vle di menm si l jis nan ziltik w ap wè l, tèlman l fè non l nan aktivite bandi. Men ou pap jwenn okenn jounalis gwogòj yo pale sou kalib bandi espesyal sa a yo nan okenn radyo ANMH yo. Fòk nou di sa tou nonm Loran Gagòt la gen tout teknik ak tout taktik pou l mare ni dyòl jounalis gwo gòj yo tou.

Loran Gagòt konn tout teknik awozay pou l kase pwent plim tout jounalis ki ekri nan jounal, ni kamera tout kameramann jounalis televizyon fouyapòt yo ak yon bèl ponyen milyon goud ki gen gou ak lòdè Petwo Karibe. E, m bay youn nan pwopriyetè krèy medya ANMH yo gwo defi pou yo di manti kou chen yo pat konn resevwa anpil milyon nan men Loran Gagòt pou yo tenyen grenn je kamera yo pou yo ka pa wè, si yo pa wè, youn nan 25 estad yo.

Menmjan nonm Loran Gagòt la gen doktora nan dechèpiye milya Petwo Karibe, li gen doktora tou nan fèmen dyòl medya kote l maton nan ekzèsis antòtye fèy lang yo nan chanm zenglen boutèy byen file milyon li te dechèpiye nan barik piyay Petwo Karibe a gwo jounen. Ni nan televizyon, ou pap janm wè, ni nan sèten jounal, pèsonn pap janm ka ekri, ni nan radyo, ou pap janm tande anyen anyen anyen. Sonje Anakasis kominis bò katedral te di aklè nan radyo nonm Loran Gagòt te wouze 19 senatè kote l te ba yo chak 40.000.00 dola vèt pou l te ka achte vòt yo san machande.

Loran Gagòt Balondò nan dechèpiyè Milya Petwo Karibe

Andre Apèd Balondò nan Bandi  

Senmenn sa a, tout latè fèk aprann sa se nonm Andre Apèd Jinyò a ki te gen chans leve Koup Balondò nan disiplin yo rele Boujwa Bandi a. Pou byen di nou jiri kanadyen ki bay nonm Apèd la Balondò nan Bandi an se pou tèt restavèk. Menm si se li ak akolit bandi parèy li  yo ki te gen responsabilite pou te byen ranpli misyon yo te ba l milya milyon pou l te fware ant 2001 ak 2004 selebrasyon Bisantnè Lendepandans Ayiti.

Misyon an, se te fè krèy ak tout boujwa lòbèy parèy li yo pou yo mennen batay kou yo konnen pou yo te lage Ayiti nan gwo katchouboumbe pi mal pase kote l tonbe jounen jodi a. An prensip, selon misyon patwon nonm Apèd sa a nou tande a, te ba l pou l fè, sa n wè la a se yon ti zing toupiti nan twòkèt la. Nou pako menm wè mwatye nan twòkèt la ditou. Tout ensekirite, aksyon bandi nan teritwa anfouraye yo.

Krim nan tout lari tout jounen, masak nan katye popilè yo chak senmenn, enstabilite nan tout rakwen, grangou, lavichè, dolachè, lamizè  w wè k ap fin depafini ak Ayiti jounen jodi a se rezilta rekòt destabilizasyon nonm Apèd sa a tande a ak gang matchòpwèl li yo nan oligachi GNB bandi l yo te plante depi 7 fevriye 2001. Jou sa a detan Titid t ap prete sèman kòm prezidan nan palè nasyonal,

Sendika Tyoul Entènasyonal yo te rele Konvèjans lan ki se te branch politik GNB t ap enstale Jera Goud (Jera Goug) kòm prezidan Pon Moren. Se menm jan an peyi enperyalis vètè yo sot fè l ak Wann Gayidò nan Venezyela. E ta sanble se menm move plan yo bay pou Kaplim nan ki te bay nonm Tyonk la konsèy fè move plan sa a. Se la to m konprann kouman menm yon grandèt kou Jera Goud ransè.

Depi lè l te fin foure tout kadav kò l nan Konsèy Nasyonal Gouvèman an (KNG) ki se yon bouyon mimi militè makout ak sivil sankoutya apre mobilizasyon pèp souvren an te fin kwape ke makak Divalye a, tout moun serye te gen tan wè nonm Goug sa a pa serye menm pou yo grenn pyas. Plan pou enstale Jera Goud nan figi moun kòm prezidan Pon Moren an se te plan move plan yo bay pou Kplim nan te mitonnen pou te koumanse simaye pikan kwenna anba pla pye gouvèman lejitim ki te pote lamayòl nan eleksyon ki te fèt nan mwa novanm 2000 yo.

5 milyadè epav ki ta pral bwè kòb yo nan epav Titanik se lanmè a ki rive bwè yo anvan yo rive. Kanada bay Apèd Balondò nan bandi, se de dènye nouvèl sa a yo ki fè hit pete plafon nan tout aktyalite a jounen jodi a. Men tout moun ki konn moun sa a yo te gen tan konnen Apèd gen doktora nan bandi. Sa k pi enteresan an se menm peyi enperyalis ki te konn founi l zam pou bay bandi Gi FiIip yo ki rale non l nan fon kalbas gwo bandi a zèl yo.

Apèd bay konferans

Madi 27 jen an Balondò nan bandi a bay yon konferans pou laprès kote l gen odas ak je chèch pou l di Kanada sanble fè èrè. Mezanmi ooo ! Ki sa nonm Apèd la ap di konsa a ? Depi ki lè mèt chen te konn fè èrè nan lis chen l yo fasil konsa a. Kòm wont se yon volonte l ye, Apèd pran pòz fè wont sèvi kòlè. Ta sanble se yon moun ki konseye l pran pòz wont li. Se sa k fè l te bay konferans 27 jen an kote l te pwofite pou l defann tèt li.

Sa vle di l se ekspè nan akouche makòn bandi pou pwoteje pil milya l fè sou do ouvriye ak ouvriyèz ki pe bourike nan faktori l yo pou yon kaka aran ki pa menm ka pèmèt yo okipe kòd fanmi yo.

Yon bèl leson tout moun dwe tire nan Balondò sa a Federasyon Sanksyon Kanada (FESAK) bay nonm Apèd la jounen jodi a. Sa montre aklè Zougoudou sa a yo rele GNB a se te yon mouvman Gran Nèg Bandi. Alòs sa montre to kolon kretyen èsklavajis yo pa gen okenn pwoblèm sèvi ak okenn kalib bandi lè se pou yo disparèt Ayiti nou an.

Pou n fini fòk mwen fè n sonje Antoni Babye ki se mari madanm jounal 4 trè a,  sete nimewo 3 nan ekip GNBis 184 la. Apèd sete nimewo 1 nan 184 la. Alòs se jan pwovèb la di l la tout kolonn toujou fè krèy. Enben an nou tann ki sa madanm jounal 4 trè a pral di  sou bèl Balondò sa a Federasyon Sanksyon Kanada  (FESAK) fèk bay nonm Apèd la. An nou tann desizyon ti manzè ki limenm gen Balondò nan ranse ak figi moun serye. Andre Apèd se bonjan krèy ak komokyèl mari madanm jounal sa a. An nou tann toujou. Twou manti pat janm fon vre !

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here