Èske monte pri gaz la se meyè chwa pou rezoud pwoblèm kòb yo di ki pa gen nan kès leta a ?

0
2450
Si gaz la monte se tout bagay nan peyi a ki pral monte tou

Nan jou k ap vini la yo, yo di pri gaz la pral monte sou pretèks trezò piblik pa gen lajan. Poutan pa gen moun kite janm konnen vre, ki valè kòb gouvèneman pwovizwa ki sot pase la te kite nan kès leta a; ni gouvèneman ki anplas la pa te janm di nonplis ki valè lajan li te jwenn lan kès la. Kounye a, yo ap plenyen pa gen lajan. Mwen ta remen konnen sou ki bidjè gouvèneman sa ap fonksyone. Èske se sou bidjè (2016-2017) oubyen (2017-2018 la ki poko menm kòmanse) ? Èske bidjè yo ap fonksyone sou li a te gen yo fon ki te disponib pou fè sa karavàn ki ap fèt  la yo.

Mwen pa yon ekonomis, men m trouve li nòmal pou pa ta gen lajan ankò nan kès peyi a, paske mwen pa kwè te gen yon lajan nan bidjè a ki te la pou finanse kanaval ( padon, se pa kanaval m t ap di  m te vle di karavàn). Konsa tou, kòb karavàn nan ka pa soti nan kès leta, lè sa, fò k yo ta di  kote l soti, èske se nan pòch yo, oubyen pòch zanmi yo, oubyen gwo blan.

Answit, PM. Jack Guy LAFONTANT di : “Gen yon bwat leta ki bezwen 50 anplwaye pou li fonksyone, poutan li gen 200”. Mwen ta renmen konnen ki travay 150 lòt moun sa yo ap  fè? Èske yo vin travay tou ? Èske se zonbi yo ye ?

E se menm ti bagay la pou pòt pawòl Prezidan Repiblik la. Mwen ta remen konnen ki kantite pawòl prezidan an gen pou l pale konsa ki fè li bezwen prèske yon demi douzèn moun pou pote pawòl pou li, tandiske m sonje klèman prezidan Jovenel Moïse te di lan kanpay li, li pap vin pale, se travay l ap vin travay.

Twòp nominasyon fèt nan administrasyon piblik la. Gen enstitisyon ki gen: Minis, Direktè jeneral, Direktè Adjwen, Chèf kabinè, San konte kowòdonatè jeneral , Kowòdonatè Adjwen, ak pil Sekretè Deta, yo tout ap souse ( padon ankò, m te vle di touche, klavye a ap banm pwoblèm) nan leta San ou pa wè sa y ap regle.

Diminye depans initil yo pito, olye se gaz pou nou kouri monte, sa ki pral lakòz kou prodwi yo vin monte 17 wotè pase Jan yo deja ye sou mache a.

 

Molière ADELY

9 Me 2017

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here