Bandi manke touye mèt Claudy Vilsaint

0
2151
Mèt Claudy Vilsaint te viktim anba grif bandi legal patizan senatè ak depite yo, yo pronmèt li y ap touye l si l pran lajistis

Sa gen plis pase yon mwa kote bandi ak zam fannfwa te manke touye mèt Claudy Vilsaint nan moman yo t ap enstale mèt Jackson Louis nan tèt pakè Miragwàn lan,  jou ki te 21 mas 2017 la, vè 10 zè nan maten.

Soti lendi 17 mas 2017 la pou rive vendredi 21 mas la aprè lekòl te fin rantre bandi legal patizan senatè ak depite (PHTK) ki sou pouvwa anplas la t ap defann enterè yo na chen manje chen. Patizan menm pati yo PHTK ak PHTK t ap goumen ant yo. Paske yo vle se nèg pa yo, pou yo mete kòm chèf, direktè, enspektè, komisè nan zòn lan. Soti Sen Michèl nan Depatman Nip pou rive Chalon, Kafou Dèriso, antre nan vil Miragwàn pou monte nouvèl site tonbe nan Site Granmanjè nan pakè Miragwàn nan pou yo te al retire fatra, yo voye nan lakou pakè a akoz chak patizan menm pati PHTK yo pat satisfè dèske se mèt Jackson Louis yo mete nan pakè a kòm komisè gouvènman.

Se la a bandi ki pat pou komisè Jackson Louis yo te vin ankòlè kont enstalasyon an. Atò vin gen de nan bandi yo ki ta pral fè mannèv fè bri tire anlè pou fè moun kouri, mèt Claudy Vilsaint te deklare “de sèl moun paka vin la pou yo bloke yon envestiti k ap fèt“. Menm kote a de bandi fè kò sou li, bat li byen bat pete tout figi l benyen l ansan, monte anlè avè l pou y al lage l anba, kòm yo wèl obeyi li inosan yo konnen se yon avoka k ap defann tout moun. Sa te pase devan je tout lòt otorite lapolis yo, yo te la men yo pat brannen kò yo paske yo te sou lòd pou yo pat fè okenn entèvansyon.

Jou sa je popilasyon an te rouj ak dife tèlman yo te nève yo te wè se abi bandi patizan pouvwa anplas la t ap fè sou mèt Claudy Vilsaint ki te viktim anba grif bandi legal patizan senatè ak depite yo, yo pronmèt li y ap touye l si l pran lajistis pou paske semenm yomenm nan ki te fè kò sou mèt Claudy Vilsaint, non moun ki te atake l yo se Waland Fabien, Youri Beauchamp, Island. Plent depoze kont moun sa yo anyen pa janm regle yo fè konnen se pouvwa yo a ki la se pou mèt Claudy Vilsaint antann avè w yo nan baz, moun sa yo se ti zanmi polisye tout​ ye tou tan yo chita ansanm ap bwè byè. Jistis ak reparasyon pou mèt Claudy Vilsaint.

Anneseau Bissainthe

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here