Dizyèm anivèsè tranblemanntè a se yon okazyon solanèl; yon opòtinite pou nou analize politik Kanada anvè Ayiti

0
2599
Tranblemanntè a se yon michan dezas natirèl. Yon pati nan kokenn chenn soufrans li lakòz sou viktim yo se rezilta dirèk desizyon ki te pran nan vil Washington, Paris ak Ottawa"

Dimanch pral make 10yèm anivèsè yon tranbleman tè ki te demantibile vil Pòtoprens ak zòn ki alantou li yo. Nan espas kèk minit, plizyè santèn milye moun te mouri. Yon pi gwo kantite toujou te sibi chòk ki domaje yo pou tout rès vi yo.

“Tranblemanntè a limenm te yon michan dezas natirèl. Mèzalò, yon pati nan kokenn chenn soufrans li lakòz sou moun ki viktim yo se rezilta dirèk desizyon ki te pran nan vil Washington, Paris ak Ottawa”, deklarasyon Turenne Joseph, manm Solidarité Québec-Haiti.

Daprè yon evalyasyon ajans nouvèl Associated Press fè de (2) mwa apre tranblemanntè a, sou kòb èd ki soti nan peyi Etazini, sou chak dola, se sèlman yon (1) santim ki te ale jwenn Gouvènman Ayisyen an (tandiske tranntwa (33) santim te ale jwenn lame Ameriken an). Gen plizyè lòt envestigasyon ki ponn menm kalite estatistik sa yo ki lakòz gwo desepsyon ak sezisman. Parekzanp, òganizasyon Lakwa Wouj Ameriken fè gwo tapaj piblik, bat bravo lakontantman pou tèt li, daprèzavwa li ta ranmase 500 milyon dola pou Ayiti. Responsab yo bat lestomak yo osijè kay yo di y ap bati pou viktim yo. Orezime, se ta sèlman sis (6) kay pèmanan Lakwa Wouj bati.

“Olye li soutni efò Ayisyen ap dirije pou yo ‘rebati peyi yo pi byen’, pwosesis rekonstriksyon an kokobe souverènte Ayisyen pi mal toujou”, deklarasyon Jennie-Laure Sully, manm Solidarité Québec-Haiti.

Yon lane apre tranblemanntè a, laprès Kanadyen dekouvri plizyè dokiman entèn gouvènman an ki montre ki jan Kanada te mobilize de mil (2000) sòlda ki debake Ayiti kòtakòt ak douz mil (12,000) sòlda Ameriken, apre tranblemanntè a. Tout bòt fere sa yo ta mobilize pou yo kwape yon “soulèvman popilè” yo sipoze ki ta ka genyen epi pou yo bloke prezidan Jean Bertrand Aristide, pa kite li retounen nan peyi l.

Turenne Joseph deklare : “Anverite, se yon wont sa ye onivo politik Kanada anvè Ayiti lè nou konstate, tousuit apre yon trajedi tèrib konsa, moun ki t ap pran desizyon nan Ottawa yo te plis enterese kontwole Ayisyen olye yo te panse pote sekou bay viktim tranblemanntè a”.

Jenny-Laure Sully limen fè konnen: “Si, tout bon vre, gouvènman Justin Trudeau a ta vle komemore 10zyèm anivèsè tranblemanntè a yon fason ki onorab, li ta dwe anonse Kanada ap wete kò li nan Core Group sa a kote plizyè gouvènman etranje ap rale fisèl Jovenel Moise, yon swadizan prezidan Ayisyen ki alatèt yon ekip dirijan ilejitim k ap benyen nan koripsyon ak represyon”.

Solidarité Québec-Haiti ap patisipe nan seri aktivite komemorasyon tranblemanntè a, k ap fèt nan Maison d’Haïti ak nan TOHU jou ki va 11 epi 12 janvye 2020 an. N ap òganize rankont 12 janvye, vè 1:00 pm konsa.

 

Pou plis enfòmasyon kontakte:

Jean Saint-Vil, 514-222-7261

Solidarité Québec-Haïti

Monreyal, Madi 7 Janvye -2020

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here