Dezas pou Ayisyen Tekzas

0
1406
Men kalamite Ayisyen nan Tekzas

Ban m yon ti limyè mèt….

Pou m wè sa k ap pase.

Manno Chalmay

 

Tout chache n chache n pa fouti rive jwenn pèsonn ki pou rive ban n yon ti lòsyè limyè sou fenomèn sa a. Yon Ayisyen ki bezwen al Ozetazini li bijo desann jis Chili. Apre sa pou l remonte anpasanpa 12 peyi anvan l resi rive travèse fwontyè Meksik.

Apre plis pase 5 lane pèsonn  pa t ko esplike m ase pou n k fè yon ti kras konprann. Apre anpil kesyon gen yon moun ki te rive di n konsa. Se yon mafya entènasyonal byen òganize ki pisan anpil. Se yo li gen kontwòl trafik anba tab sa a.

Lè sa n di hmmmm poze pitit gason m ! Se pa yon ti biznis konsa konsa. Men jou ki te dimanch 19 septanm nan chans pou nou n te jwenn kèk esplikasyon. E, kèk esplikasyon sa a yo te ride n wè pi klè.

Se detan n te nan yon gwo bis n ap desann Okay Difon. Koze nan bouch youn nan pasaje ki te chita kote n nan te atire atansyon nou. Nou di esplikasyon sa n t ap chache anlè a men n resi bat jis nou fè fas kare ak li atè a nan yon gwo bis Okay

Temwayaj Frants Pyè

Nou pat ret tann anpil koze pou n te gen tan wè se youn nan Ayisyen ki te anba pon Tekzas yo. Sa vle di n rele entèvyou sa temwayaj anba pon Tekzas. E nan chak pawòl jilèt yo ou santi tout kout katchapika imilyasyon ak kout razwza dezespwa k ap filange pwent lalwèt Frants.

« M te Chili depi plis pase 4 lane konsa. Gen yon kontak ki di m gen yon koze TPS ki pral pale pou Etazini. Misye di m an al tante chans nou. Men sa ka rive w pase piplis pase 2 mwa nan raje anvan w resi rive sou fwontyè Meksik ».

Se konsa l pale ak nou. Men nan son vwa l ou santi se kè Frants kenbe ki fè l pa pete kriye. Epi te gen anpil moun nan bis la. Li pito pran lawonte sèvi kòlè. Tankou gran frè n nan ta di l. ” Kòlè malere se flenm.

Nonm nan kontinye pou l esplike n gou anmè fyèl vwayaj tèt chaje sa a kite plake nan fon gòj  li. Se konsa l lontinye vide esplikasyon nan bis la. E pou jan l plenyen anpil pa gen anyen k di poulen chwal chovay sa a yo pat pyafe sou lestomak li an bourik.

« Lè w sot Chili w ka pran piplis pase 2 mwa anvan w resi rive sou fwontyè Meksik. Ou bijo travès11 ou 12 lòt peyi. Ou monte bis ak tren. Ou pase nan raje. Ou monte mòn. Ou travèse rivyè. Ou travèse  lanmè. Sa k pi mal la anyen pa di si w gen chans travèse Etazini .»

Sa se yon ti zing nan kalamite Frants di n Aysyen frè n ak sè yo pe pase. L di n gen kote w bijo pran kannòt pou w rive nan yon lòt peyi. Men menm si amatè a ta di w se 30 minit w ka pase sou lanmè sa a. W pa bezwen okipe l. W ka pase yon bout jounen.

Kouman yo fè anba pon an ?

Ayisyen ki sou fwontyè Meksik ak Tekzas pa soti Ayiti direkteman. Kesyon pou nou poze tèt nou poukisa peyi latino kote yo soti tankou Chili pa legalize estati yo ? Kijan nou konprann yo soti depi Chili, travèse tout peyi sa a yo pou rive Meksik san oken peyi ofri yo posibilite legalizasyon ?

Sa dwe fè nou reflechi pou n mande kouman Ayisyen sa a yo fè al chwe anba pon Tekzas la ? Se senp pou konprann dapre sa Frants esplike n. « Lè n fin travèse fwontyè a. Nou twouve n nan rivyè a dirèk dirèk. Polisye Meksiken yo mete yon bann filfè babele yo pou n pa retravèse retounen ».

Nou kwè dènye esplikasyon sa a resi mete n klè atò. Kounye a yo bijo al mayi moulen kò yo anba pon an. Temwayaj kèk nan medam ki te twouve l anba pon Tekzas la ki pran nan gwo pon gongon. Dapre sa youn nan yo deklare nan radyo yo fè kadejak sou yo.

Yo maspinen yo, toufounen yo, lapide yo. Yo fè 5 sou san fè twalèt. Yo bijo bwè dlo mò. Apre yo mete yo nan prizon Tekzas pou senk jou. Yo fè yo rete prèske tou touni nan yon chanm frèt kou nen chen lamègzo. Gen manman menm lè yo wè bwa a mare tout bon vre yo bijo bandonnen ti bebe 2 ou 3 mwa nan raje a. Bèt sovaj a fin fè ti rès la.

Depi prèske 5 ou 6 jou Bidenn pe choute Ayisyen pimpe yo retounen Ayiti. Menm jounen jodi madi 21 septanm nan sa te kontinye tenn fas. Bidenn kanpe kin jis kaske 4 gwo avyon chaje kou Papa Legba vin debake Ayisyen nan aryopò a.

An n sonje lè l te al an Florid detan l te gen dyakout li chaje ak de manti tout koulè nan kanpay. L te met kanpa l tè pou mande Ayisyen padon. Men se anvan l te pote lamayòl nan zeleksyon 2020 an. Men depi l fin pran kouwòn depin nan nan van an vire. Bidenn ak Kamala Aris.

Yo sèmante sou mò grann yo vyèy timenn yo. Fòk yo fè fen Ayisyen anba pon Teksas yo pase nan yon twou yon vyep ti zegwi bwodri bò lapòs Okap. Ayisyen Ayiti gen fwontyè Matisan. Sa k Meksik yo gen fontyè Tekzas…De dezas.

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here