Demagoji ak kontradiksyon nan boujwazi a

0
365
Yon pòtrè Drèd Wilme nan Site Solèy

Atik sa a te parèt nan jounal Ayiti Pwogrè nan lane 2006, jounen jodia n ap repibliye l yon fason pou n moutre anyen pa chanje, se menm penpenp lan.

Men boujwazi a toujou byen fon nan konplo ensekirite kont mas pèp la nan peyi a. Se yo ak vye politisyen yo k ap alimante bandi yo epi se yo ankò k ap mande pou touye yo. Jounenjodia Apaid se alye Jovenel Moise. Gen òganizasyon dwa imen ak ansyen politisyen GNBis, se yo ki t ap lonje dwèt sou militan nan katye popilè yo pou Minista kraze. Pouvwa sa a ak opozisyon tradisyonèl sa a se de bò bounda sistèm pezesouse a ki kanpe sou kou mas pèp la pou toufe l.

Kriz  an Ayiti a ap anpire pirèd,  prèske de lane aprè koudeta 29 fevriye 2004 la, yon koudeta boujwazi a te prepare ak anpil sipò finansye peyi enperyalis yo tankou Etazini, Kanada ak Lafrans, sitiyasyon yo vin pi grav pou mas pèp la.  Sèjousi, sitou ak represyon k ap fèt chak jou nan katye popilè yo, moun yo gen tout kalte pwoblèm, pwoblèm ekonomik yo ak politik yo pi fè yo mal. Malgresa y ap reziste sanpransouf se sa ki fè  boujwazi a pa rive mete yo ajenou, ni mete do yo atè. Nan yon sans, koudeta /kidnapin lan pa reyèlman atenn objektif li.

Andy Apaid

Boujwazi a pa gen kapasite pou l fè anyen, menm eleksyon/seleksyon  depi lontan l ap òganize pou lejitime koudeta a, li ranvwaye l plizyè fwa. Sitiyasyon sa a bay kominote entènasyonal  la anpil tèt chaje, paske yo bezwen fè eleksyon yo rapido pou y al chante kantamwa  yo, kriye viktwa, kòmkwa yo  mete demokrasi an Ayiti. Depi nouvèl ane kòmanse a, Kominote entènasyonal la fin wè mo nan fè gwo presyon sou boujwazi a pou yo fè eleksyon yo anvan 7 fevriye 2006, se nan sans sa premye tou eleksyon yo vin fikse pou 7 fevriye. Men poko gen okenn mezi serye ki pran pou sa fèt,  kòm nou konnen byen,  ekip teknokrat sa yo, sèl sa yo  pwòp se piye peyi,  esplwate malere epi krazezo moun k ap revandike dwa yo. Noumenm n ap toujou klè sou pozisyon nou “eleksyon onèt pa posib nan yon peyi ki anba lokipasyon”.

Kèk timoun ak manman yo pandan y ap dòmi, Minista te touye yo nan masak Site Solèy jou 6 jiyè 2005 lan

Anfèt, se yon echèk totalkapital boujwazi a ap renmèt la a.Yo mare tankou krab malgre kantite milyon ki tonbe lan men yo. Sepandan yo pa wont sou enkapasite yo non, okontrè y ap fè gwogòj,  tonbe fè menas, joure moun, fè akizasyon pasipala pou defann tèt yo, nan fè wont sèvi kòlè yo rive jouk  lan akize pwòp gouvènman defakto Latòti/Bonifas yo te mete sou pouvwa. Yo akize  Minustah, pwòp fòs represif yo genyen sou teren an k ap reprime popilasyon an.  Apaid nan yon mesaj pou laprès deklare:  “Gwoup 184  la,  estomake devan monte zak ensekirite nan peyi a, sitou nan Pòtoprens, dènye mwa sa yo kidnapin, asasina, vyòl ak vòl ak zam lan men ap fin demantibile pitit bondye…” li kontinye : “ Gwoup 184 la denonse inaksyon aktyèl gouvènman ayisyen an…gwoup 184 la kondane ak tout fòs li mank volonte Minustah men  sitou mank volonte Juan Gabriel Valdes….sitiyasyon sa a lakòz yon klima laperèz blayi sou tout peyi sitou nan Pòtoprens, klima laperèz sa a pa favorab pou reyalize  bonjan eleksyon sitou nan tètchaje kote… frè nou ak sè nou ap vin nan yon sitiyasyon kote yo pa sa deplase jan yo vle..”

Boulòs menm, te pi klè toujou, pandan li t ap lanse modòd grèv lendi 9 janvye a swadizan kont kidnapin, men se moun site Solèy yo, moun Bèlè yo li t ap vize. Li ta renmen Minustah ak Lapolis efase moun sa yo nan peyi a,  menmjan  laboratwa Pharval ki pou lafanmi Boulòs  te kòmanse fè sa nan touye kèk timoun ak vye siwo Afebril ak Valodon a.

Akize Minustah nan konplisite ak moun nan Site Solèy, se yon kokenn temwayaj demagojik. Men se depi jounen lendi 12 desanm lan, lè prezidan Repiblik Dominiken an Leonel Fernandez t ap vizite Ayiti a,  kanpay demagojik la kont Minustah  kòmanse toutbon. Jou sa a, boujwazi a mete senpatizan l yo nan lari, te gen gwoup etidyan  gnbis yo, sendika  ouvriye ak Guy Philippe kote yo t ap chante : Si Desalin te la Fernandez pa ta la a…Si Desalin te la Minustah pa ta la a. Yon demagoji anraje paske premyèman se yon bann  sanmanman antipatriyotik ki t ap manifeste a, yo monte sou drapo nasyonalis yo pou yo kontinye destabilizasyon peyi a. Dezyèmman yo pa gen pwoblèm ak Minustah vre, si yo te gen pwoblèm ak  okipan an yo ta mande l pou l rache manyòk li. Non sa pa la pwoblèm lan ye, si nou baze sou deklarasyon Reginald Boulòs ak Apaid  fè sou Minustah, se di y ap di yo, yo pa kontan ak fason y ap mennen bak peyi a. Yo pa kraze ase moun k ap viv lan Site Solèy, yo pa sasinen ase pitit pèp la nan Bèlè, nan Solino elatriye… Tout sa se pou yo defann tèt yo kòmkwa se ensekirite a ki lakòz yo pa kab renmèt anyen nan peyi a.

Gwoup 184 ki te sou direksyon Andy Apaid ak Charles Baker
Emmanuel Wilmer alyas Drèd Wilme

Alòske ensekirite a se boujwazi a ak peyi enperyalis yo tankou Etazini ki te toujou genyen kontwòl li. Yo monte l lè yo vle, yo desann li, lè yo pito selon jan konjonkti politik la ye. Nou pa kapab bliye se boujwazi a ak gouvènman Meriken  nan konplo ak Repiblik Dominiken ki te lage nan Gonayiv yon bann mèsenè pou  te vin teworize popilasyon  an. Yon bann ansyen militè Ravix, Chamblain  ak Guy Philippe kenbe peyi a annotaj kote yo  masakre plizyè moun nan pwovens yo. Katòz novanm 2003 lapolis arete  Charles Henri Baker ak David Apaid manm gwoup 184 pou zam ilegal yo te genyen sou yo.  Si nou raple n byen se menm boujwazi sa a, kote yon bann entelektyèl te sabote epi boykote bisantnè endepandans lan, jou premye janvye a menm yo fè yon pakèt vyolans lan peyi a. Nou poko kapab bliye si se Apaid menm ki t ap peye Kolibri ak Labanyè pou boule kay moun, touye moun nan Site Solèy. Lanmò de atoufè sa yo te bay gwo lapenn nan boujwazi a menm Latòti te pale pou l fè konnen kouman li regrete lanmò Labanyè. Alòske yo pa t vle wè Dread Wilme paske li pat janm dakò pou l ap vin detwi moun lan Site Solèy pou fè  laboujwazi plezi, li pat janm dakò met dife lan kay malere yo nan Site a, se pou sa boujwazi a te rayi li , jouk yo fè Minustah sasinen  l, jou  mèkredi  6 jiyè 2005 lan.

Reginald Boulos

Kounye a, se Amaral  boujwazi a  bezwen elimine,  Boulòs akize Amaral kòm pigwo kidnapè devan Letènèl, nan yon entevyou Amaral te fè sou radyo Twopik FM men ki repons li te bay boujwazi a.  « Nan kad akizasyon Reginald Boulos, Charles Henri Baker ak  Andy Apaid  lage  sou do m. Jounen jodi a mwenmen mwen  konprann yo, ki fè yo lage akizasyon sa yo sou do m se paske  yo panse mwen se yon moun yo  ka  achte konsyans mwen, yo panse mwen se youn lan moun viza ka  egare m, yo panse mwen se youn lan moun yo te kab fè menmjan ak Labanyè,  yo te mete nan Site Solèy  pou entimide popilasyon an. Jounen jodia mwen konpran Boulos ki te ofri m yon viza pou mwen pou en nan yon viza Kanada ak madanm mwen ak pitit mwen. Lè sa a li pat trete m de kidnapè…Andy Apaid menm te ofri m yon viza pou Zantiy pou mwenmenm,  pou mwen te kab ale kite mouvman lavalas la, lè sa a mwen pat kidnapè, yo te konn pale avè m trèbyen. Kòm jounenjodia yo wè m pa mache nan lojik yo a, yo fè yon sèl pou yo wè kouman yo kapab denigre m »

Jounenjodi a boujwazi ak makout yo  konstate dekadans yo, yo panike, yo pè pou pèp la pa mache pran yo, pran pouvwa lan men yo ak fòs ponyèt li. Yo konstate malgre represyon Minustah ak Lapolis ap fè nan katye popilè yo, mobilizasyon an rete djanm, malgre grangou, soufrans moun yo ap andire rezistans lan ap pran plis jarèt nan peyi a.

Berthony Jolicoeur alyas Amaral Dulona yon lòt viktim boujwazi kriminèl la

Sepandan boujwazi parazit sa a ak makout yo nanpwen anyen yo pap fè pou kenbe peyi a nan eta deplorab sa a pou yo kapab kontinye fè lajan yo lan dwòg ak lan kidnapin. Boulòs ak Apaid konnen byen ki moun  ki lan kesyon kidnapin lan, men y ap itilize l pou yo akize pitit pèp la, pou yo sasinen pitit pèp la. Boujwazi a, nan kesyon kidnapin lan, se yon volè y ap kouri  dèyè l epi ki pran rele bare vole tou, pou kreye konfizyon, pou moun pi devan yo pa kenbe l. N ap siyale tou, jeneral Brezilyen an  yo akize ki fè swisid la, jeneral Bacellar pat dakò pou l al masakre moun Site Solèy yo pou boujwazi a ak makout yo. Se pou sa yo elimine l epi  pou yo te tou soulve Kominote entènasyonal la pou yo di vag sou tout bagay, epi antre vin aplike plan Komisyon Konstriksyon Lapè a pou mete peyi a sou yon pwotektora a. Se sa boujwazi a ak makout yo bezwen, se sa y ap chache paske  yo pran nan twa wa : pa fè eleksyon/seleksyon an yo antrave, fè l  yo antrave pirèd. Yo pa konn sou ki pye pou yo danse, paske enperyalis la limenm li pa bezwen konn ki moun, ki restavèk  ki pral  opouvwa depi moun lan fè travay li byen, defann enterè peyi Etazini avantou epi  aplike plan Meriken genyen pou Ayiti a san mawonaj, san dezanpare.

Berthony Dupont

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY