Bowoun pou Manbo Evoni Ogis

0
1106
Manbo Evoni Jòj Ogis

Manbo Evoni w ale

Ki lè w ap vini wè n ankò

W ale.

Chante Vodou Ayisyen

 

Kòm nou tout konn sa deja depi nan mitan lannwit mèkredi ki te 23 mas la, grif lanmò te pase pran Manbo Evoni Jòj Ogis travèse ak li pa fòs mennen l nan peyi Alada apre l te fin pase 65 rèkòt kafe byen plen fè tiyon. Se te anpil kriye san kriye matyè rele anmwe devan dèyè jiskaske gwo responsab Konfederasyon Nasyonal Vodou Ayisyen yo te deside envite tout pitit fèy yo pou vin bay ansyen Sekretèz Jeneral yo a yon dènye ochan anvan yo mennen l ale jis nan fon peyi kote pesonn pa janm gen dwa pou met chapo a.

Granm maten se nan gran lakou Biwo Etnoloji a te bade ak Pitit Vodou lakay. Yon gwo penti Manbo Evoni byen klere te kanpe byen djanm nan mitan yon bann bèl flè l t ap ri bouch louvri ak 32 dan l byen limen kou grenn je lalin si w konn se yon Afranchi. Moun sou moun, si w jwenn yon chèz pou w poze dada w se chans. Pitit fi manbo a, kòd fanmi manbo a, Matchòpwèl li, kòkòday li, tatawèl li, bizawèl, yo tout te la byen bonè.

Yon flonn bèl medam abiye ak yon wòb mòv ki gen yon bann papiyon k pe vòltije ladan yo. Wa bèl pa w. Moun an mòv, moun an blan, moun an nwa, moun an kostim te gen tan reponn prezan pou voye gwo bon anj Manbo a ale. Moun a soulye, moun a sandal an kwi, moun pye atè, moun tèt mare ak mouchwa tout koulè t ap fofile tankou koulèv Danbala devan yon gwo sèkèy mawon ki gen kadav manbo a detan anpil chante Vodou pe tonbe devan kou dèyè.

Fineray manbo Evoni Jòj Ogis

Yon krèy Sèvitèz klere kou figi solèy te nan yon koral yon kalib seremoni hòtpòt n pa wè depi lè grif lanmò te plonje nan Maryani nan Komin Gresye pou ranmase gwo bon anj Ati Jesnè Bovwa 26 septembre 2015, plonje avè l anba lanmè anvan l al leve ak li jis sou Zile Alada. Yon ranje tanbou ki fèt ak manman kabrit byen akòde tonbe lage son atè san gade dèyè.

Florida pe voye alagouj, si w pa sou menm w, si lwa w la pa batize pa sezi si w wè w koumanse djayi san w pa vle. Se premye fwa m te gen chans wè 3 pi gwo otorite nan Vodou a ki chita kòtakòt san youn pap choute sou lòt san youn pap twaze lòt. Se te yon mirak pou n te wè Ati Nasyonal la  Kalanri Demòn, Wa Vodou a Ogisten Senklou ak Wesnè Demostèn ki se Anperè Nasyonal Vodou a.

Lè seremoni an fini apre sèkèy la te deplase manm KNVA a yo te remèt kolye manbo a bay youn nan kòd fanmi l yo. « Manbo Evoni Jòj Ogis te fè anplis sakrifis pou l te ka kore Vodou a. Li te goumen anpil pou nan tèt kole ak lòt pitit fèy li yo pou l te ka mete KNVA kanpe. Si jounen jodi a Vodou a byen òganize, se gras a tout jèfò Manbo a Evoni. Se konsa Ati Nasyonal la Ougan Kal Anri Demòn te pale de Sèvitèz la ki travèse li di ki se te yon tilandeng depi se pou l defann Vodou a.

Men detan seremoni an pe mache chak pitit Ginen ki estime se yo ki twowo gwonde a te pwofite pou yo choute sou lòt sa yo pa twò renmen an. Se konsa Sanmba L te soti pou l gaspiye karaktè Ati Nasyonal la nan voye pawòl piman bouk sou li. Dapre sa Anperè a di Kal Anri Demòn pran Vodou a kòm si se byen ras li te mouri kite pou li. « Ati a dwe met pye l atè pou l ka ateri paske Vodou a mande inite ak tèt ansanm.

Depi sou sa n di n nan, nou pa bezwen di rès la. Yon delegasyon Gwèto De ki te soti nan Depatman Nòdwès te mete yon bon kou dlo pwav monte melanje ak piman bouk pou flite byen fò nan 2 boul je mouche Leta. « Kouman pou w vle se Vodou a ki te bay Ayiti lendepandans anba krim vyolans makòn kolonn menm kolon katolib yo te lagen n, epi se menm restan kolon sa a yo Leta achtè figi sa a bay tout avantaj. Ki sa Vodou a jwenn ankò nan men Leta apa mepri vyolans ak imilyasyon »?

Se konsa Gwètò De Alsena Jozèf ki reprezante KNVA nan depatman Nòdwès te denonse Leta jan l aranje l poul krache sou Vodou a pou l ka fè legliz katolib plezi. Gran Sèvitè a te kontinye pou di Leta pou l sispann krache sou Vodou a. Paske l t ap pi bon si l mete tout karaktè diskriminasyon sou kote, n t ap wè kouman Ayiti t ap ye. Men tèt tèlman di yo pito kite Ayiti Kraze pase pou yo mete ansanm ak Vodou a. Se ak flonn pawòl ki gen gou piman bouk sa a yo  Gwètò de a te plenye. Anpil lòt koze te pale men pito kite sa la.

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here