Bòs Wonal : Yon tayè wòch

0
1503
Metivye gen anpil sous dlo fre ak pye zabriko men wòtè.

Yon samdi maten septanm ki sot pase a reyon solèy yo te ge tan fin blayi nan tout rakwen sou zile a. Se konsa m rete lide di m fè yon ti mache rive Metivye. Anplis li bon pou kenbe sante a djanm, gen yon bon akasan tou cho ak pen tou fre ki pe tann mwen anlè a. Byen bonè anvan solèy la koumanse two cho m pike monte Metivye se yon ti lokalite ki nan tèt Doko.

Pou w rive Metivye kote ki gen anpil sous dlo fre ak pye zabriko men wòtè, w ka pase Morèt si w te nan zon Meyòt. Sizoka w ta sou Wout Frè apati kalfou Akademi w pike monte ka Gwo. Depi w swiv wout la monte nèt l ap mennen Metivye tèt dwat. Se konsa dentan m fin vire nan Kalfou Madyowo m vire sou lamen gòch.

Apre yon ti vanse sou yon 100 mèt m tande yon sèl anbyans mizik chante ladoudous. Ki sa l ye ? Se yon konvre bèt volay ki deside bay kalinda granm maten an. Bon, lè m tande jan mizik la dous m di kite m anrejistre l pou m ka fè lòt moun tande l. Paske gen dwa se pou yon sèl grenn fwa m ka gen chans koute yo nan vi m.

Gen de bagay w pa ni jwenn, ni wè, ni tande 2 fwa. Lè m fi n anrejistre yo m kontinye vanse pou m al vire monte nan kafou Doko. M gade m pa wè yon gwo pye zabriko ki te gen yon pye figye modi ki makònen sou li si w konn si w konn se yon makòn anmoure ki pe danse anba tonnèl pay kokoye nan fèt chanpè Limonad.

M te toujou konn renmen gade yo chak fwa m pase. Nan mande mande, gen yon gran moun tou pre a ki di m se yon fil hot tansyon ki te kase sot tonbe sou li detan yon gwo lapli. Epi l tou boule l. Apre konpayi elektrik te voye vin koupe l met atè plat. Kèk pa pi devan w wè yon sitwayen ki pe toke kot yon wòch koulè. Se ti ko w, ti kow, ti kow.

Misye te gen yon mayo gri sou li, yon pantalon long chaje ak pousyè wòch la sou li. Yon bonèt gri nan tèt li pou bay solèy la kanpe lwen. Li byen konsantre detan l ap travay sou kote wòch la li mete kanpe sou de janm li ki repliye. Li chita sou twa blòk li met kouche youn sou lòt pou wè yon bèl wotè.

Fò w ta di se yon bon kòkòday li l pe karese tèlman l pran swen pou l fè sa. Kòm se te tou pre wout la m vanse sou li, kore misye epi m koumanse poze l kesyon l te byen kontan reponn. Fòk w ta di se sa misye t ap tann. Atizan tayè wòch la te byen kontan rakonte m bèl istwa l ak bon zanmi l sa a.

M vle pale de wòch sa ki chaje ak koulè. Fòk w ta di se yon atis ki pentire l ak yon penso fen. Travay wòch ak poze seramik se pa menm travay. Paske seramik la tou ekè ki vle di kat kwen yo tou kare. Men wòch la mande anpil anpil ladrès pou w ba l fòm pou l byen chita sou lòt la ou akote lòt la pou l byen parèt. « M te aprann metye taye wòch la ak papa m depi lè m te lekòl. Sa vle dim grandi ak metye a. Se depi 1996 kou vakans rive m toujou ale ak papa m sou chantye. Pou jis kounye papa m toujou ap travay nan metye a. Bos Wonal esplike n li pase tout peyi a pe fè bèl travay sa a. Anpil nan travay m fè yo toujou byen soti ».

Se konsa l te pale ak nou. Bos tayè woch la rakonte n se depi l te fin fè yon travay nan zon Fo Jak. Sa te fè l vin jwenn anpil anpil gwo kliyan. Bos tayè Woch la ki di n l abite Metivye fè konnen l sèvi ak mato rachòt pikòp, nivo fil, aplon ak tiwèl pou n ka brase epi mete mòtye pou ka plake wòch yo. « M fè 5 elèv deja. E depi lè m te apranti m te koumanse fè elèv. Pou le moman m gen yon elèv m ap fome. Youn nan travay m fè ki pi reyisi se Plas Zetwal ki sou zile Lagonav. Si n vle n ka jwenn li sou Youtoub. M tèlman alèz nan metye a menm si yon moun kanpe ban m abiye l ak wòch m ap ka fè l byen fasil ».

Bòs Wonal te kontan di n kliyan an yo toujou satisfè pou travay li fè yo. Okontrè anpil fwa se detan l ap travay kliyan an konn ap pase li tèlman kontan pou jan l travay la l tou pran telefòn li. Gen nan yo ki konn pran 3 lane anvan yo rele l pou yo ba l travay. « Se sèlman nan Grandans m p ko al travay. Depi se kote yon kliyan bezwen m m toujou la. Se Fèmat m konn al achte wòch koulè yo pou m al fè travay yo. Kliyan an yo toujou fè m konfyans. Gen nan yo ki konn okipe de tout sa k pou fè m santi m byen. Gen nan yo ki konn pase vin sipèvize trvay la ».

Pawòl bòs tayè wòch la

Gen kèk nan yo ki konn tou ret chita la pou asiste kouman travay la ap fèt. M renmen travay map fè a. E, chak jou m fè anpil jèfò pou m travay pi byen toujou chak jou. Paske lè se atis ou ye, ou dwe tujou fè sa w kapab pou zèv ou yo san repwòch. Se konsa bòs Wonal Tayè Wòch te kontinye pale ak nou.

Apre tout bèl pawòl sa a yo, men sa bòs Wonal te di pou l te mete yon bout nan bat boucha. « Si Leta te konnen pou l te ankadre talan an yo, se pa ni de ni twa bèl zèv atis yo ta pwodui pou lònè ak respè Ayiti! ».

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here