Deklarasyon FRG9 sou akizasyon 52 milyon Goud la

0
1244
Jimmy Cherizier pòtpawòl G9

N ap mande pèp Ayisyen an, sa k ap viv anndan peyi a, tankou aletranje. Kòmanse pran sa pou abitid. Lè nou tande nèg a mikwo nan laplipa medya tradisyonèl an Ayiti ak sou rezo sosyal ap pale yon seri koze, fò k nou gade dabò:

1) Kiyès moun sa yo ye. Nan ki kan yo kanpe. Ki enterè yo genyen ak ki motivasyon ki dèyè akizasyon voye monte y’ap simaye pou kreye konfizyon nan tèt nou.

2) Ki moun yo sible. Pou ki gwoup moun y’ap travay kont ki lòt gwoup?

N ap pran egzanp, dosye rimè 52 milyon Goud yo di G9 reklame pou kite kamyon gaz yo sòti nan tèminal Vare a . Kiyès ki premye fè bri sa kouri sou rezo sosyal yo? Se yon jounal anliy Gazette Ayiti, ki se pwopriyete Assad Volcy. Ki kote Assad Volcy ye nan moman an? Nan kabinè Ariel Henry. Kiyès ki Ariel Henry? Youn nan prensipal prezime asasen Prezidan  Jovenel Moise yo, ki, selon rapò DCPJ ak konpayi Digicel, ki te nan kominikasyon byen dri avèk youn nan pi gwo asasen dirèk Prezidan Jovenel Moise yo ki se Joseph Félix Badio.

An nou gade G9 fas ak Ariel Henry ak tout gouvènman li a, kijan alye Ariel Henry yo, tankou Assad Volcy ki pat janm renmen Prezidan Jovenel Moise wè nou menm Fòs Revolisyonè G9.

Depi lè Prezidan Jovenel Moise te sou pouvwa a, nan lane 2020 pou rive nan moman n’ap pale la, kote Prezidan Jovenel pa la ankò (Paix à son Ame), menm Assad Volcy sa ak akolit li yo te fè konnen se te pòv Prezidan Jovenel Moise ki te federe gang nan Pòtoprens, ki vin bay Fòs Revolisyonè G9. Yo te toujou di se pou Jovenel Moise n’ap travay. Jodia, malgre tout mepri nou te jwenn devan pouvwa Jovenel Moise la ak alye li yo, nou se sèl ra gwoup jenn fanm ak jenn gason ki sèmante :radiyès pèmèt sa ki se asasina lawont nèg ki sou pouvwa a yo jodia komèt sou Prezidan Repiblik la pap rete enpini e nou reklame depa san kondisyon tout asasen yo nan leta a. Alò, se nòmal pou Assad Volcy ki touve l’ nan bòl li yon fwa ankò anndan manmèl kès leta a atravè Ariel Henry, menmjan sa te ye avèk tranzisyon Jocelerme Privert a, pou l ap voye labou sou FRG9.

Kounyea, men sa nou dwe konprann. Si FRG9 te mande 52 milyon Goud pou nou kite gaz soti nan tèminal la al distribye nan ponp yo, avèk kiyès nan gouvènman an nou te fè negosiasyon sa a? Moun ki bay nouvèl la, ki se Assad Volcy, li menm ki nan kabinè Ariel Henry rapòte se selon sous gouvènman an li bay enfòmasyon an. Ok. Te gen negosyasyon, pa vre? Kote moun sa yo G9 te negosye avèk yo a ? Kijan yo rele, ki pòs yo okipe e kisa yomenm yo te di nou nan negosyasyon sa yo?

Pèp Ayisyen, jodia li lè pou nou ouvè je nou. Nou pa nan tan akayik yo ankò. Lontan se te sou cheval yo te konn voye mesaje pote mesaj. Jodia se yon kesyon TEKNOLOJI, TELEFÒN ENTELIJAN, REZO SOSYAL, etc. Gen diferans ant enfòmasyon, zen, divèsyon ak manipilasyon. Twò  lontan nèg sa yo chita dèyè yon mikwo ak yon telefòn nan medya tradisyonèl yo ak rezo sosyal ap fè nou detwi chak moun ki vle libere nou anba grif sistèm pouri sa ki konpoze  ak yon bann fo politisyen abolotcho, militan politik mesken, sèten jounalis san kolòn vètebral, eskanmòtè dwazimen ki kenbe nou annotaj.

Si jodia, nan lajan peyi a, yon nèg ta pote 52 milyon Goud ba nou, nou t ap twò kontan resevwa l’. Paske, non sèlman se lajan swè nou, lajan manman nou ki se machann manje, madansara, men se lajan ki te dwe voye timoun lekòl, mete lopital, sant sante, fè wout, bati bonjan enfrastrikti, bonjan bibliyotèk, mete kantin nan lekòl yo, ranfòse Kès Asistans Sosyal pou apeze grangou ki se youn nan pwazon k’ap fini avèk sèvo ti jenn yo nan sosyete a jiskaske fanm kou gason oblije ap vann kò yo pou yon plat manje.

Objektif atak sa yo, se pou demobilize, afebli, kase ren lit FRG9 la ak pèp la anjeneral. Assad Volcy ap toujou la pou bay manti sou tout moun ki kanpe pou defann enterè majorite a, pandan li pap janm ba nou verite sou move zak sal  l’ap mennen anndan peyi sa depi sou René Préval jis rive nan Ariel Henry jodia. Soti nan kidnaping sou René Préval jis rive nan vann bal ak zam nan peyi a pandan se menm nèg sa yo k’ap denonse kidnaping ak ensekirite.

FRG9 pa nan pale anpil. Men, se yon devwa nou genyen pou chak fwa yon abolotcho politik ak sangwen a mikwo sou rezo sosyal konprann yo ka fè nou pase menm jan ak Prezidan Jovenel Moise, sasinen karaktè nou avan yo sasinen kò nou, nan fè amalgam pou fè nou parèt lèd nan je nasyon sa, se pou nou redrese yo avèk bonjan pawòl laverite. Nou mande depa Ariel Henry ki se yon enkilpe nan asasina Prezidan Jovenel Moise nan tèt peyi a san kondisyon ak tout akolit li yo.

Ou menm pèp Ayisyen an, moman pa w la rive pou w aji ak reaji pou w libere tèt ou anba grif sistèm sa a. Prezidan Jovenel Moise te di si nou pa pwofite moman sa nou pap janm jwenn chans sa ankò pou nou soti nan sa yo mete nou la, depi 36 dènye ane sa yo.

Assad Volcy, ou vle nou pale? Ebyen, nou pral pale koze. Se yon gran opòtinite ou ofri pèp sa pou l’ wè anba nou e n’ap ede l’ wè anba tout vagabon patannte nan lakou Pòtoprens.

Mèsi!

FRG9 an Fanmi e Alye: Manyen youn. Manyen Tout.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here