Bay kou bliye, pote mak sonje: 23 jiyè 1987-23 jiyè 2018!

Sa fè 31 lane depi Tèt kole ti peyizan ayisyen (TK) ap kenbe pwomès mobilizasyon l ak sansibilizasyon l pou l kontinye fè presyon sou otorite lokal ak nasyonal yo.

0
316
Jou ki te 22 ak 23 jiyè 2018 nan depatman Nòdwès komin Pòdpè, plizyè santèn ti peyizan manm ak senpatizan Tèt kole ti peyizan ayisyen te reyini pou te komemore dat 23 jiyè 1987. Kredi: Elyseé Luckner Vil

Devan grenn je yon seri enstitisyon nasyonal kou entènasyonal ki di y ap defanm dwa moun, Tèt kole renouvle angajman l ap mande jistis ak reparasyon pou tout ti peyizan ki te viktim nan Janrabèl ak Mawotyè yo. Anba zam, katchapika gran don ak militè pouvwa KNG sou gouvènman Henry Namphy ki te mare sosis yo ansanm pou te sasine 139 ti peyizan san konte plizyè santèn ki te disparèt tankou yon kout zèklè.

Nan okazyon sa a, jou ki te dimanch 22 ak lendi 23 jiyè 2018 nan depatman Nòdwès komin Pòdpè, espesyalman uityèm seksyon kominal Pòs metye nan lekol nasyonal la. Plizyè santèn ti peyizan manm ak senpatizan Tèt kole ti peyizan ayisyen soti nan divès komin, seksyon kominal ak bitasyon nan depatman Nòdwès la, te reyini pou te komemore dat sa a: Se konsa nan dimanch swa ki te 22 jiyè a, te gen yon kokennchenn koudjay kiltirèl ak yon seri mizik ak tèks pou retrase memwa ansanm viktim 23 jiyè 1987 yo.

Peyizan ki te viktim nan masak Janrabèl

Nan lendi 23 jiyè menm te genyen yon jounen refleksyon depi sou dat yo te sasinen ti peyizan yo pou rive jounen jodia. Konferansye yo te pale sou konjonkti aktyèl la avèk anpil animasyon, kote yo t ap montre kijan Jovnèl Moyiz fè rive nan tèt peyi a Ayiti. Se sou chapo peyizan (nèg bannann nan) ki se yon restavèk boujwa nasyonal ki mare sosis li ak kominote entènasyonal la tankou: FMI, BANK MONDYAL, INYON EWOPEYEN… pou do mas popilè nan tout peyi a. Malgre Jovnèl ap kontinye fè kanpay pou yon karavàn k’ap gaspiye lajan nan tout peyi a. Disèt mwa aprè peyizan yo toujou ap viv nan kras, revandikasyon yo toujou rete menmman, parèyman. Anpil ladan yo rive kite peyi pa bann ak pakèt pou al chèche lavi nan peyi kay vwazen tankou Sendomeng, Chili, Brezil pou n site sa yo sèlman nan menm lojik pou y al kontinye travay tè akoz agrikilti pa priyorite Leta peyi Ayiti.

Selon temwayaj yon manm kòdinasyon depatmantal Nòdwès la, Pierre Joseph, tèt kole ti peyizan ayisyen se yon òganizasyon k ap swiv chimen mas esklav yo ki te goumen jiskaske yo te fini ak sitèm esklavaj la. Se nan kontèks sa y ap toujou kenbe flanbo mobilizasyon an jiskaske lafanmi Lucas, Nickol Pradvien, Jean Michel Richardson ak tout akolik li yo, konplis yo ki te nan pouvwa KNG a ak enperyalis meriken, pou lajistis nasyonal ak entènasyonal mete kòd nan kou yo.

Nikol Poitvien

Fò k fanmi viktim yo rive jwenn jistis ak reparasyon. Se pa san rezon Nickol Poitvien nan lane 1987 sou lantèn radyon nasyonal te deklare li touye 1042 kominis , sou konplisite anbasad meriken. Pierre Joseph te site sou gouvènman Preval nan dat Septanm 1998 lajistis te arete kèk moun ki te patisipe nan masak la tankou Remy Luca, Anovil Saint Vil, Jean Michel Richardson ki ta pral jwenn liberasyon yo san jije sou pouvwa Jean Bertrand Aristid la nan lane 2001. Pierre Joseph deklare akoz sistèm dominasyon ak eksplwatasyon peyi enperyalis yo sou do peyi Ayiti pa bay lajistis chans pou l pouswiv kriminèl yo ki te enplike dirèkteman oubyen endirèkteman nan masak la, aprè kèk nan yo ki te jwenn arestasyon yo epi ki ta pral libere san jije nan lane 2001.

Selon menm manm Kòdinasyon depatmantal Nòdwès la: ansyen prezidan Mateli pou rive sou prezidan Jovnèl Moyiz, se (2) chèf leta ki kontinye ak pwojè makout divalyeris la nan peyi a. Nan fason ansyen prezidan Mateli kanpe ankwa devan lajistis pou pa rive tande fanmi l ki enplike nan gagote lajan peyi a. Nan jan prezidan Jovnèl te vle mete baboukèt nan bouch sitwayen nan Péleren 5. Kote li kraze kay malere ak malerèz yo sou pretèks li se prezidan se fini. Kote leta ta dwa ap konstwi kay bay popilasyon an selon atik 22 nan konstitisyon 1987 la. Se pa pou san rezon prezidan Jovnèl Moyiz foure nan tiwa rapò UCREF la ak rapò sou gaspiyaj lajan PETROCARIBE a ki evalye ak anviwon 3.8 milya dola meriken. Gouvènman Preval pase pa Mateli ak alkolik li ye gaspiye sou do popilasyon ayisyen an, alòske jan Venezyela te di a, si yo tap fè devlopmam tankou baray 3 rivyè nan Pòdpè, wout kafou Jòf pou rive Ansafolè jiskaprezan ki rete yon pwomès kanpay pou prezidan Jovnèl Moyiz.

Mach Tèt kole 2018. Kredi: Elysée Luckner Vil

Pierre Joseph ki tap pale toujou sou kesyon ansanm eleksyon ki fèt nan peyi a, kote gen 6 milyon moun nan peyi a ki gen laj pou vote, tout dènye rezilta eleksyon ki sot pase yo montre kijan popilasyon an pa kwè nan bann politisyen kriminèl, pope twèl sa yo ki toujou ap rive sou pouvwa san lejitimite. Pafwa se ak sipò boujwazi a men nan men ak konimote entènasyonal la. Se nan okazyon sa Tèt kole ti peyizan ayisyen ap komemore dat 23 jiye sa, kote popilasyon ayisyen sot fè yon leve kanpe 6,7,8 jiyè ki sot pase la pou di NON pou remèd chwal gaz gouvènman Jovnèl Moyiz/ Lafontan ak FMI te vle lage nan gòj li, di NON ak tout gaspiyaj, lavi chè. Se konsa popilasyon an te rive bay leta ak boujwa a monnen pyès yo.

Tèt kole ti peyizan mande popilasyon an pou toujou pran angajman l anfas sitiyasyon sa yo, lè yo santi dwa ak devwa yo menase kòm pèp. Se nan batay y ap rive kapote model leta pezesouse sa yo epi rive mete yon leta k ap charye revandikasyon mas popilè. Pitit peyi a pa dwe rive kite pou al chèche manje pou l okipe fanmi l, si l gen yon tèt fèmal akoz pa gen lopital li oblije rete lakay tann lanmò.

Nan kontèks sa tèt kole ti peyizan ayisyen di y ap kore tout leve kanpe ki charye revandikasyon mas yo.

Mach Tèt kole. Kredi: Elysée Luckner Vil

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY