De jèn jounalis te viktim anba men bandi sanfwanilwa, jouk apre yo te fin fè yon entèvyou ak yon sèten Timakak ki se yon bandi tou, yo akize l nan sasinay Enspektè Divizyon Jerry Toussaint ki te responsab soukomisarya Lapolis nan Tomasen. Jerry se pitit ansyen majò Fòszame Ayiti Dany Tousen.

Dapre deklarasyon yon lòt jounalis Wilmann Vil ki limenm te gentan sove anba zam bandi yo. Se yon latriye bandi k ap opera sou kontwòl Toto Bòlèt ki kraze ak bal jounalis Wilguens Louissaint ak John Wesley Amady.
Rezon ki fè Toto Bòlèt tolere gwoup bandi sa yo, se paske y ap travay pou li, se yo li itilize pou pran tè abitan nan zòn lan.

Se pa jodia y ap denonse Toto Bòlèt, men pawòl sa yo pa janm rive nan zòrèy Lapolis ak Lajistis an Ayiti.