Ayiti : Lajistis sou beki

0
1643
Je fanm nan mare, pou l sou beki ankò, sa grav pase aksangrav

Je fanm nan mare, pou l sou beki ankò, sa grav pase aksangrav

Depi plizyè lane aparèy jistis la pa janm gen chans pou l fonksyone kòmsadwa. Yo mwa pa janm pase pou w pa tande swa tout aparèy la ou byen youn nan pyès ki pi enpòtan ladan l yo anpàn. Lè se pa pàn komisè, se pàn jij, lè se pa pàn jij se pàn grefye. Pou tout moun ki pran tout tan yo pou yo founi de grenn je yo gade pi bèl kalte aparèy jistis la genyen nan dènye jou sa a yo se tounen yon gwo izin ki la pou founi pàn devandèyè san gade dèyè tout lajounen. 

Chak jou ou tande grèv san bout pasipala.  Mezanmi o ! Pou je fanm lan mare epi pou li sou beki anko. Tout moun ka konstate nan ki nivo sistèm jidisyè a trouve l jounen jodi a. Li chaje ak yon seri pwoblèm nan tout kadav kò a pran depi nan grenn chive nan tèt li rive jis nan tèt zòtèy li. Kidonk tout ka malad nèt. Gen moun ki menm di pou jan yo wè aparèy jistis l ye la a li pi mal pase lanmò. 

Lè nou konstate KSPJ ki se ti non jwèt Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a ki gen pou misyon : kontwole pouvwa jidisyè a, li la tou pou siveye epi mete lòd ak disiplin nan mitan Majistra yo. KSPJ sa a tou, ou tande a gen yon pouvwa jeneral enfòmasyon ak rekòmandasyon sou eta Majistrati a ye. KSPJ a ta dwe travay kòtakòt ak Minis Jistis la, poutan nan dènye tan sa yo se toutan gen deblozay ant 2 pati sa a yo si w konn de matlòt k ap goumen pou yon grenn gason. Lè nou konstate zafè jij yo mete deyò nan sistèm lan ak manda yo. 

Li chaje ak yon seri pwoblèm nan tout kadav kò a pran depi nan grenn chive nan tèt li rive jis nan tèt zòtèy li

Depi plizyè mwa gen anpil jij manda yo rive nan bout lontan sa. Sa vle di tou gen plizyè dosye ki bloke akòz sitiyasyon malouk sa a. Sa k pi mal la se Konsèy la ki gen pouvwa pou voye lis jij manda yo fini yo ak lòt sa ki merite nominasyon yo bay minis Jistis la pou limenm voye l bay Prezidan peyi a pou l ka chwazi renouvle manda yo oubyen nonme lòt jij tou nèf. Men renouvèlman sa a sanble pran nan blokis piske plizyè dizèn jij ap tann manda yo renouvle depi plizyè mwa e gen nan yo ki menm gen ane pandan moun ap pouri nan prizon. 

Divès dosye ki rete ap tann tounen pwatann. Pwoblèm jij fè moun paka jwenn jistis. Eske se paske dosye renouvèlman manda jij yo pa nan priyorite gouvènman an ditou ? Pètèt. Enfòmasyon nou ka fè konfyans fè n konnen pouvwa Ekzekitif la ap fè chantaj ak dosye renouvèlman manda jij yo, pouvwa Ekzekitif la ta ekzije pou KSPJ ta mete 3 non jij ki konn travay pou pouvwa a nan lis KSPJ te sètifye yo. 

3 jij sa a yo se Bredy Fabien ki te blanchi prezidan Jovenel Moïse nan akizasyon kòm chèf nan ekzèsis ak jimnastik dechèpiyay nan foure 10 dwèt awousa l tout longè nan lajan Leta a. Jij Ramoncite Accimé k ap mennen dosye Petwo Karibe a ak Fermo Jude Paul ki te libere Calixte Valentin Mercidieu ki te akize nan zak sasinay an 2012 nan zòn Gantye. Koze sa a fè Asosyiasyon Majistra a yo k ap tann renouvèlman manda yo voye pye si w konn mal bourik entchò ki fin manje pay mayi nan solèy mwa jiyè.

San nou pa bliye depi septanm 2019 okenn aktivite nan Koudapèl pa mache akòz  pwoblèm ensekirite ki genyen nan zòn Bisantnè a jij yo pat vle pwoche nan Va a pou yo pa fè ladènye sou yo. Malgre nan yon nòt mwa jiyè 2020 an KSPJ te fè konnen : Lakou a reprann aktivite l yo. Men Lakou a te dwe al nan yon lòt kay nan limewo 6 ri Kaseyis nan zòn Pako. Poutan pa janm gen yon grenn jij ki al chita depi lè sa a (kòz politik) alòske kou dapèl kapital la ekzèse jiridiksyon li sou plizyè tribinal. Premye enstans Pòtoprens la, Kwadèboukè, Jakmèl ak Tigwav.

 

  Yon lòt gwo pwoblèm ankò se kantite lajan bidjè jistis la ki pa ka reponn tout bezwen sistèm lan, sa ki antrene: Aryere salè, salè anplwaye nan aparèy jistis la ki pa kanpe sou anyen, move kondisyon travay, pa gen akonpayman, pa gen machin disonib pou jij yo al fè konsta. Sitiyasyon malouk sa a revòlte tout branch nan aparèy jidisyè a. Sa ki ponn yon dikdal grèv youn aprè lòt menm gen de lè youn sou lòt. Se sa ki sot pase la a nan lane ki sot pase yo. 

Majistra doubout yo te tannen yon grèv ki dire plizyè senmenn pou denonse move kondisyon travay, pou yo reklame yon ti diplis sou kòb y ap touche a, kat debi pou ekzije aplikasyon lwa 27 novanm 2007 la sou estati Majistrati a. Kanpe travay sa a te deja paralize asiz kriminèl yo ki te dwe koumanse nan plizyè jiridiksyon nan peyi a. Malgre tout pwoblèm sa a yo minis Jistis la pat janm jwenn tan pou chita sou pwoblèm sa yo.

Se sa ki kòz grèv la se nan 2 jou avan ane a fini minis Jistis la te resi deside rankontre ak Asosiyasyon Majistra Doubout yo. Selon youn nan responsab Asosiyasyon Majistra Doubout yo minis Jistis la pwomèt pou li chita sou revandikasyon yo. Kidonk Asosiasyon Majistra Doubout yo anonse y ap met yon bout pou yon ti moman nan grèv yo t ap fè a pou yon mwa konsa. Sòti nan youn tonbe nan yon lòt menm jou a. 

Menm kote Majistra Doubout yo anonse yo mete yon bout nan mouvman grèv yo a pou 1, Asosyasyon Grefye yo anonse sou bò pa yo yo retounen ak mouvman grèv pa yo a apati 12 janvye 2020 an. Konsa, yon lòt epizòd pral kòmanse. N ap fè sonje Grefye yo te deja fè yon grèv lane pase ki te dire yon bon ti tan malgre bèl pwomès aloral minis Jistis la pwoblèm Grefye yo pa fèyon pa kita yn grenn pa nago. Yon lòt fwa ankò aparèy jistis la pap ka fonksyone piske se Grefye yo ki pou ekri, pou resevwa tout pyès yo. Kidonk Grefye yo se plim jij yo.

Ane jidisyè 2019-2020 an te mèg anpil alòske li posib pou ane 2020-2021 an pi mèg ankò, si pa gen anyen ki fèt pou rezoud divès pwoblèm k ap sakaje bil aparèy jidisyè a nan peyi a. Ni tou, nou pa dwe bliye kriz politik la ki te deja tankou yon siklòn k ap vanse bridsoukou  sou teritwa a.

Gen anpil nan yo ki pa janm wè ak figi yon jij ki pou ta mande yo ki mò k te pete fyèl lanperè

Detan lajistis sou beki pa bò lakay nou, sa tou fè pil milye moun ki nan prizon e ki pa janm jije yo piplis mal toujou. Se sa nan langaj lajistis la yo rele prevansyon prevantiv pwolonje a. Nan sitiyasyon sa a, sa vin tounen yon pratik jounen jodi a nan prizon yo. 

Gen anpil prizonye ki ta dwe rejwenn libète yo depi 2 ou 3 lane poutan yo toujou nan prizon san nou pa bliye prizonye politik yo k ap kanni nan prizon tou sou konsyans chèf Leta a ak matchòpwèl li yo ki vle fè militan an yo abi ak lenjistis. Penitansye Nasyonal ki se pi gwo prizon nan peyi a chaje ak moun pil sou pil.  Gen anpil nan yo ki pa janm wè ak figi yon jij ki pou ta mande yo ki mò k te pete fyèl lanperè. Gen kote se gadavi ki sèvi prizon lè nou pran egzanp vil Tigwav kote prizonye yo se nan gadavi yo anpile yo pil sou pil. Alòske espas la pat fèt pou sa. Men tou sa konn ranje koze jij raketè yo tou. 

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here