Ayiti : Jounen Nasyonal Timoun… Lari

1ye pati

0
1969
Timoun Lari yo

Timoun jodi, granmoun denmen
Pwovèb Ayisyen

Lèt tou louvri Asosiyasyon Timoun Lari (ATIL) pou  Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben. Mesyedam, nan lokazyon Jounen Nasyonal Timoun Lari dimanch 12 jen 2022 a, nou menm Timoun Lari Leta ak Lasosyete kondane devan tribinal prejije san n pa menm jije pou n bijo viv nan Lari tout vi n, vin vide vant nou nan lèt tou louvri sa a. San filtè, san n pa met fren nan lang nou, san na pa pè nou pap pè di n tout yon dal bagay ki fè n mal sot jis Ansdèno rive jis sou dal.

Nou menm Timoun Lari Nou pote yon flonn komisyon file monte nan bobin fil revandikasyon vin deplòtonnen lage douvan papòt lesyèl Mouche Leta pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben. Wi, nou menm Timoun Lari yo n vin pale ak Mouche Leta pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben pou n mande yo pouki yo amize yo fè espre yo sonje bliye n pandan 364 jou afile nan chif almanak yon lane.

Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben, jounen jodi a n pral oblije mande n pouki se chak lane resi pran pòz nou resi sonje Timoun Lari ekziste nan peyi a deta n bijo yo viv nan lari 24/24 tout jounen tout lannwit. E, nou konnen byen Timoun Lari yo devan de nawè n tout lari tout jounen tout lannwit. Alòs pèmèt nou poze n ti kesyon pou kisa deki prevyen sa a?

Pèmèt nou mande n pou kisa deki prevyen se sèlman pandan yon grenn jou ki pa menm fin kont menm nou pran pòz rann nou kont Timoun Lari gen dwa pou n sonje yo ekziste ? Menmsi n ta pran pòz soud nou pou n pa reponn sa pa fè anyen. Menmjan sa pat janm fè Mouche Leta Pouryanis toujou soud ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben toujou bèbè pa janm okipe de ti Moun Lari yo.

Si gen Timoun Lari tiMoun Lari ki bijo pase tout vi yo ap viv nan mitan lari se paske Mouche Leta Pouryanis ak tout Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben gen lespri koridò pou n pa di lespri twou chalimo. Si sitiyasyon Timoun Lari yo vin pi malouk chak jou ki jou se paske ni pèsonn wi pèsonn ni Mouche Leta Pouryanis ni Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben chwazi pou yo fè grèv bèbè, soud, ak avèg.

Tout sa se pou esplike n si Leta a andikape epi Madanm li Lasosyete ta kokobe, ki dire pou  sitiyasyon Timoun Lari ki Andikape yo. Mouche Leta Pouryanis ni Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben pa janm konprann anyen nan anyen nan sitiyasyon Mouche Leta Pouryanis ni Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben yo. Sa vle di youn nan yo pa janm reponn youn nan pil ak makòn kesyon timoun Lari yo toujou poze pandan 364 jou byen plen.

èske se yon sèl grenn jou ti Moun Lari ekziste pou nou ?

Epi tou, reponn ak pa reponn se menm tenyen. Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben se menm tenten yo. Se menm non yo yo tout konn ban nou yo panse ki sanble avè n oubyen yo panse ki merite n. Ti Grapyay, ti Kokorat, ti Bandi, Ti Chen, ti Sanzave, ti Valpa, Ti Vòlè, ti Mizè. Antouka se pa kout loray toudenkou ki te kale n. Si pa malè yon aswè yon vit machin ta kraze, tout Timoun Lari antrave lapoula.

Inosan kou koupab peye vit kase a. Anvan pipirit koule kafe, kout pwen, kout pye, kalòt, kout baton, prizon san jije, kondane san pitye, prizonye poutèt prejije. Epoutan sa fè 14 lane byen konte byen kalkile 4.2 milya fon Petwo Kalibre fè fon nan fon kòfrefò byen kalibre tou won san fon dechèpiyè a kostim santi bon men ak pafen kòb lòdè vòlè. Kòd lajistis rete antòtye nan fon tiwa tout tribinal kase fèy kouvri sa kite sa la pou sa pa fè bri.

Chak jou w tande kòfrefò Pakè kase men se dosye zòt voye patwon gwo vòlè voye ti vòlò al vòlè plan 250 estad transparan gade san wè. Sa fè 14 lane byen kalkile 4.2 milya fon Petwo Kalibre fè fon nan fon konfrefò tou won san fon zenglendo a kostim tout plimay tout plim. Manifestasyon nan onz depatman fin dechennen pe mande arete tout lis dechèpiyè yo. Oo pou jis jounen jodi a marinad. Vòlè fèk kare sou moun tankou delegasyon pis ak karagn sou do chen lamègzo.

An an Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben mare n gwo konplo pou n pa janm met pwent pye n sou zo ban lekòl. Se plan pa nou pou n pa janm konn li. Se konsa pou n ka pa janm li rapò sou rapò fon Petwo Kalibre a rapòte. Se vre Mouche Leta Pouryanis anyen lè Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben ka monte bèl pwogram pou ti Mopun Lari ka pa janm konn li. Men anyen pa ka fè yo anpeche n tande.

San memwa a yo bliye si gen radyo ki pale. E gen nan yo ki pa pè pale bon pawòl laverite sou po tanbou. Menm si gen nan yo tou katchapika zagoloray konn konn koupe souf yo sèk kou ke pen.  anyen yo, menm pouryanus yo menm Manmanfouben yo. Si Mouche Leta Pouryanis, anyen n pa t ap di, anyen n pat janm di Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben ta fè je chèch reponn tou menm yo menm nan yo pap kwè nan repons san sans san nannan sa a yo pral bay la.

Alevwa pou nou menm ti Moun Lari ki se gran ti Moun Lari paske n pase vin pe travèse lari pou kont nou depi premye jou manman Lanati te kale n pou jis grif lanmò pase pran n trennen n travèse apre move lavi fin fè n pase tray tout vi n pe trennen nan mitan lari pou jis nou trepase. Se yon lwa manman lanman palman san manman an vote pou Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Lasosyete Manfouben kondane yon bann ti Moun Lari pou pase tout vi yo pe bouske lavi nan mitan kè lari nan devan de kalalou je yon bann dirijan san kè san karaktè.

Konsa, n bijo maton nan travèse lari pyeje ak anpil ladrès paske tout lari yo pyeje ak moto tout koulè ak machin tout kalte, tout gwosè, tout wòtè, tout longè, tout san kè. Ti Moun Lari bijo maton nan travèse lari paske tout lari pyeje byen pyeje an verite. Depi 2008 tout lari byen pyeje ak tout kalte move je move dilè move raketè bon piyajè 4.2 milya Petwo kalibre. Wi ti Moun Lari peye po kase 4.2 Milya fon Petwo kalibre byen kalibre nan fon kòfrefò piyajè tout kò a nèt tu kale byen kale.

E piyajè san konsyans se pi gwo malè pandye 24/24 sou tèt ti Moun Lari ki bijo viv nn lari 24/24. Mouche Leta Moral ak Madanm li Manzè Lasosyete pwenn fè pa fè arete, jije, kondane, anprizonne ti Moun Lari ki pran yon grenn pen pou kraponnen grif grangou pou l pa fin moulen branch trip li. Epoutan Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmman Sitirèz kase fèy kite sa pou kouvri seremoni dechèpiyay pil milya fon Petwo Kalibre byen kalibre nan chato 9 milyon pa bò isit ak ak nan chak paj kanè bank ki pa isit.

konbyen santèn ti Moun Lari kòd lajistis paspouki mare byen di al fèmen jis nan fon prizon Sèmikòl sou tèt mòn Dèlma 33 ?

Epoutan konbyen santèn ti Moun Lari kòd lajistis paspouki mare byen di al fèmen jis nan fon prizon Sèmikòl sou tèt mòn Dèlma 33 ? Epoutan krèy dechèpiyè a kòl 4.2 milya  pe kale kò l sou moun tout kote kòm si se pat anyen. Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmman Sitirèz rele entelijan. Se yon ti degaje krè dechèpiyè fon Petwo Kalibre t ap fè. Pa bò isit, ti degaje, mwayèn degaje gwo degaje pat peche, pa peche e pap janm ka peche depi se sou wayòm zenglendo a kostim n ap viv.

Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmmanfouben di n byen, èske se yon sèl grenn jou ti Moun Lari ekziste pou nou ? Èske se yon sèl grenn jou ti Moun yo merite pou n pran pòz sonje sonje yo ? Non non non Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben nou pa bezwen pran 364 jou pe fè jimnastik sèvo antòtye pou n chache yon grenn manti mal bati dwategòch depaman pou lage nan lestomak nou.

Menm si lestomak nou toujou vid paske manje se pa dwa n genyen, men lespri n plen ak konpreyansyon epi 2 grenn je n kale pe gade tout sa k pe pase tout jounen. Nou menm ti moun nou pap pran nan okenn manti vove plan pakoti mal taye sa a yo ankò. Kòm pi bèl ekzanp Manzè Lasosyete pran pòz li panse se ti moun jodi ki gen pou vin gran moun grandèt majè denmen. Se vre !!!! Vèkèlè ???

Si ti moun jo di  se yo ki pral gran Moun denmen sa ta vle di se sou zèpòl yo tout chay sosyete a pral kwaze de pye l chita pou yo demele yo rezoud yo tankou tout pil ak pakèt pwoblèm nan chak paj matematik lavi ti Moun Lari yo. Mouche Leta w kwè se vre ? Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben nou kwè n pa sou gwo blòf soti nan tèt nou pase desann nan tout kò n pou rive jis nan tèt zòtèy nou.

Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben kòm nou toujou pran pòz nou konnen ti Moun yo gen dwa enben yon nan pi gwo dwa sa a yo se dwa pou yo pale san jeretyen pou yo pale san fren, pou yo pale san filtè tout sa k benyen kè yo kriztè. Yo gen dwa pou yo deside divòse ak lavi nan lari a pou yo ka viv nan kay kòm tout ti moun paske tout ti Moun se ti Moun. Menm si se aloral. E yo tout ta dwe gen menm dwa vre. Se sa ki ta nòmal.

Wi nan dwa pou yo pale san filtè ti Moun Lari yo pap  di gran moun nan kay yo manti mennnn !!!! Men nou pa kwè se vre ditou ditou. E nou konnen, nou konnen se manti m pe ban nou nan gwo limyè lajounen pou fè n sou kou pipirit ki fin desann kèk gwo kout kleren Nazon. Nou menm Timoun Lari Mouche Leta Pouryanis ak Madanm li Manzè Lasosyete Manmanfouben pa menm ban n dwa pou n viv nan lari. Lè vakabon abiye lapide nou pou bon plezi yo, se flonn ayibobo anba peristil nou konn di !

Tann rès la !

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here