Awo Nawo pou Drapo n

0
249
Nawomi Osaka : Fanm Zantray !

Nou voye yon bèl Sali

Pou tout Pèp k ap lite

Anpil bèl konpliman

Pou tout moun ki tonbe

Pou bèl kòz nòb lalibète

Manno Chalmay

 

Nan dènye atik nou te ekri a n te mete kanpe kalbi Entèlèktyèl Zantray ou byen Entèlektyèl bon bagay. Entèlektyèl Zantray se sila a yo lanati fè ak bon jan materyo pèsonalite ak diyite ki kole ak bon jan siman karaktè. Entèlektyèl Zantray se kategori Entèlektyèl ki kanpe kin detan yo rale drapo diyite yo monte byen wo nan bout kòd pèsonalite ak karaktè. Entèlektyèn Zantray tankou Antoni Fèlps se sila a yo ki pa janm dakò  lote  pèsonalite yo kou pil patat ti savyen pou al ofri lareyaksyon entènasyonal yo pou sèvi yo tyoul. Entèlektyèl Zantray yo pa anpil se vre, men youn sèlman vo piplis pase 1.000 zentèlektyèl grapyay. Anplis dèlektyèl Zantray sa a yo ou jwenn yon Fanm Zantray.

Nawomi Osaka : Fanm Zantray !

Manzè Nawomi Osaka fè sa anpil lòt moun ki gen gwo ekla pa ko janm fè. Li aksepte riske karyè li pou li fè listwa”. Se kòmantè Pitè Wonal Bèlis yon sineyas Ayisyen fè lè l fin okouran gwo deklarasyon  Nawomi fè sou dosye restitisyon reparasyon dèt lendepandans lan.  “Ayiti se premye Repiblik Nwa apre Zansèt vanyan nou yo te fin goumen kont blan kretyen èsklavajis pou kase tout may chenn sovaj kite mare libète n.

Men tout deklarasyon Nawomi Osaka fè senmenn pase a sou koze dèt lendepandans la. Premye Repiblik Pèp Nwa lib la, restan kolon blan an pat janm padone yo radiyès pèmèt sa a, e yo te deside pou kontinye pèsekite jèn Repiblik la. Kòm blan kolon yo se bandi kriminèl nan chak gout san yo, se poutèt sa yo te deside foure katchapika sanksyon malouk byen fon jis anndan ti gòjèt nou. Restan blan kolon yo te fòse Ayiti k te bijo peye yon gwo gwo mago dola vèt yo rele dèt lendepandans azipopo pikan kwenna.

Blan kolon fransè yo tèlman mechan, kriminèl, malveyan yo fè Ayiti peye mago pou lendepandans li malgre se gwo goumen Zansèt nou yo te mennen, anpil san te koule pou te rive kwape blan an yo ak tout siklòn mechanste nan san yo. Kòm konsekans blan kolon yo te mande yon gwo mago ki te plis pase 1 milya dola vèt yo te fè Ayiti peye l se pou yo te ka chache trangle l toufounen l. Jounen jodi a plis pase 2 syèk apre azipopo sa a toujou nan dengonn nou kote gwo dèt sa a soti pou trangle n gwo jounen.

Anplis krim lesklavaj la kote yo bwè san plizyè milyon zansèt nou yo, zak dechèpiyay òganize sa a fè Ayiti fè defisi bon jan ressous ki te ka pèmèt li jwenn anpil gwo bourad pou l bati yon demen miyò pou tout pitit li yo. Detan anpil lòt peyi ap envesti nan tout domèn ki ka pèmèt li devlope, Ayiti bijo pe bourike tout lajounen tout lanwit pou peye yon gwo mago l pat janm dwe pesonn pandan plis pase yon syèk. Anfen li lè li tan pou Lafrans resi gen konsyans pou l rekonèt abi ak enjistis li te fè Ayiti yo twòp.

Anfen si Lafrans ta gen moun ladan l ki gen yon ti zing zantray li lè li tan pou yo rekonèt pil ak pakèt mechanste krim yo te fè Ayiti epi remete l pil mago yo te foure katchapika pwazonnen anba kou l pou l te fòse l ba yo a. Lafrans lè w remèt Ayiti mago sa a w dwe l la piga w met nan tèt w se lacharite w fè l kòm papa bon kè moun kè nan men. Non non non ogran jamè, okontrè se reparasyon w fè pou yon pil ak yon pakèt enjistis san parèy w te fè l. Mal kou mizè Ayiti pap vin lonje bòl ble l devan w. Nan non pa m, Ayiti ekzije reparasyon ak restitisyon! Lafrans si w gen nen nan boul figi w se pou w pran responsabilite w epi pote kole nan ekri yon lòt paj listwa tou nèf ant de nasyon yo.

Ak gwo deklarasyon sa a sa a ki se yon gwo angajman yon fanm vanyan, Nawomi Osaka vin yon gwo manman fòs chanjman ki melanje vizibilite l genyen tout kote l pase mete sou angajman grenn plen l fèk pran sou responsabilite l. Bèl inisyativ sa a Manzè pran pou l reklame pou Lafrans remete Ayiti mago lendenpandans lan atire atansyon tout moun sou late sou abi ak enjistis san parèy kolon yo te fè l sibi. Ak pozisyon klè kou dlo kòk sa a Nawomi Osaka pa nan benyen kache twou lonbrik

Manzè kanpe kin sou de tèt zòtèy li poul reklame pou Lafrans remèt Ayiti mago dèt lendepandans la reprezante yon moman enpòtan ki mete ansanm nan menm panye selebrite ak aktivis patriyotik manzè sa a ki se yon gwo manman jwèz ki maton nan voye kout rakèt tenis. Gwo deklarasyon sa a Nawomi fèk fè yo se tankou lagè l te fè Lafrans pou fòse l remèt mago milya lendepandans lan. Nawomi kontrèman a medam Kolektif Non yo te fyè pou l te fè tout tou teren tenis nan Mayami an kote l t ap patisipe naa yon gwo chanpyona tenis pou fanm ak gason tou.

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here