Nan lannwit dimanch 4 pou ouvè lendi 5 jen an, yon gwoup bandi te jwenn arestasyon yo apre yo te fin kase yon CAM transfè nan kafou Ayewopò. Se polisye ki t ap fè pòs nan soukomisarya ki tou prè mezon transfè ki te mare konplo a ak kèk lòt atoufè pou piye CAM lan. Polisye sa a rele Stevenson Éthéart, li se yon ajan 3 ki te fè pati 17yèm pwomosyon lapolis la. Eske se tout Etheart ki nan fè move zak? Nou pa kab bliye Woodly Ethéart alyas Sonson Lafamilya.
