Ansyen majistra Pòtoprens, Ralph Youri Chevry, arete nan Repiblik Dominikèn

0
1067
Ralph Youri Chevry

Yon avi rechèch te pibliye kont ansyen majistra Pòtoprens lan, Ralph Youri Chevry. Se konsa Sòlda Dominiken pral bare babpoubab ak misye Dajabon jou dimanch 14 fevriye pandan l t ap eseye travèse fwontyè a pou l sovepoul li. Majistra a te gen ak li 3 lòt moun pami yo 2 polisye ayisyen. Yo tout te jwenn arestasyon yo.

Selon jounalis Ayisyen, Yves Marie Chanel, k ap viv lakay vwazen an, yo te jwenn zam nan machin majistra ak yon kantite lajan 30 milyon dola Dominiken (apeprè 500,000 dola meriken). 

Ajan nan biwo kontwòl imigrasyon nan tèminal Dajabón fè yon lòt kout filè nan Dajabón, kote yo mete lapat sou yon kriminèl danjere ki te chape nan prizon. Non li se Luc Jhon  31 lane.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here