Anpil etidyan ret dòmi leswa sou chèz Fakilte yo

0
1002

Tande ak wè se de, mezanmi akoz sitiyasyon ensekirite jeneralize k ap depafini ak peyi a. Anpil jèn etidyan fi kou gason, nan Inivèsite Leta Ayiti pè pran wout lakay yo apre klas, yo bije ret dòmi sou chèz Fakilte a

Dosye sa a finalman rive jwenn responsab Rektora Inivèsite a, se konsa nan yon nòt yo fè sòti lendi 27 mas 2022 : Rektora a fè konnen otorite konpetan nan Inivèsite Leta Ayiti ap konsidere ka etidyan sa yo ki, akòz ensekirite bije pase nwit nan patiraj fakilte yo. Bagay sa a lakòz an patikilye pwoblèm ijyèn ak kokenn malèz grav, san nou pa mansyone efè negatif sou rezilta akademik jèn sa yo, sitou Fakilte yo pat ekipe pou sa.

Plizyè reyinyon te òganize nan nivo Konsèy Inivèsite a, Konsèy Dwayen yo ak Konsèy Egzekitif la sou ka sa a. Tout enstans ki te mobilize yo rekonèt fòk  yo jwenn yon solisyon rapid pou rezoud pwoblèm sa a.

Anpil demach ap fèt pou kabab pote yon solisyon dirab annakò ak enterè etidyan yo ak tout kominote inivèsite a.

N ap di Rektora a pa pran tan, bagay la grav ! Fò k li pote yon repons korèk pou amelyore kondisyon jèn sa yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here