An n pouse analiz la yon ti kras pi lwen pou n konprann pi byen!

0
1778
Georges Sassine

Kouman pou Sassine, Baker, Apaid, Boulos elt… ta fè imajine yo nan plen 21yèm syèk sa a, yon travayè pa kapab resevwa yon salè kòrèk kòm retou pou fòs kouraj li? Mesye sa yo gen lè panse esklavaj kapab retounen ankò. Alòske sou yon lòt bò yo ap pyafe, fè piwèt sou kesyon demokrasi ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun ki poutan rekonèt se yon dwa pou tout moun viv kòmsadwa apati salè travay li pwodui. Sa k ap paweze sou kesyon nouvo kontra sosyal pou fè tibebe dòmi ! Dwa pou travay desan ak bon jan opòtinite pou lavi se youn nan dwa pi fondal natal tout moun genyen. Pi grav toujou, jounen jodi a, yo gen KSS ki pou bay lavwa sou baz konsiderasyon endikatè makwoekonomik. Avèk yon salè konsa, travayè ayisyen yo pa fouti gen ni ase pou yo manje pou tèt yo ale wè pou yo ta gen mwayen pou yo bay fanmi yo minimòm ki nesesè pouyo viv la !

Charles Baker

Modèl salè sa yo ki preske fè n sonje peryòd lesklavaj ak tan lakoloni – alòske nou konnen zansèt yo te batay pou retire nou tout nan lesklavaj – pa kapab kontinye. Jan nou sot wè sa yon ti kras piwo, patwon izin yo ta dwe kapab itilize senp bon sans, men tou konsyans yo tankou tout moun pou wè nesesite ogmante salè ouvriye yo jan lalwa mande sa otomatikman – san rechiya – apati lavichè ak enflasyon an. Men kòm yo pa gen konsyans, ann di pito kòm konsyans yo se nan pòch yo, travayèz ak travayè yo nan tout sektè pa gen lòt altènativ : grèv jeneral pandan yo ap okipe tout espas travay yo. Tout sosyete bezwen travayèz ak travayè pou l fonksyone paske se yo menm k ap pwodui tout richès sosyete a bezwen. Men li pa bezwen eksplwatè, li pa bezwen patwon. Viv travayèz-travayè ! Aba patwon !

Enterè yo pa menm ! Enterè yo p ap janm menm. Nan yon sosyete ki chita sou eksplwatasyon, gen de klas moun: yon klas ki p ap fè anyen epi ki chita ap vòlè fòs travayè yo peye yo yon salè mizè. Klas moun sa yo se parazit. Yo pa patisipe nan fè lavi vanse, yo jis ap tann lòt klas moun travay ba yo pwofite. Klas parazit sa se enjistis l ap simen. Epi, yon lòt klas moun ki fè lavi vanse tout bon nan travay di pou pwodui richès nan sosyete a. Moun sa yo, si yo pa travay tout bagay bloke. Nou ta ka menm di lavi sispann. Klas moun sa se pwoletè yo, travayè yo : ouvriye, peyizan, ti machann elatriye.

André Apaid

Nan sosyete eksplwatasyon ki chita sou lojik miwo-miba ak peze souse, enterè boujwa se fè pwofi sou fòs travayè nan souse jouk nan mwèl tout ti san travayè yo. Enterè politisyen mafya sa yo se batay pou kenbe vye sosyete ki monte sou do travayè ak klas moun ki pi pòv granmesi fòs kouraj yo.

Enterè ouvriye se sispann travay di pou yon kraze monnen pandan travay yo ap vann pou milyon ven lòt bò dlo, epi y ap viv ak tout kòd fanm yo nan malsite. Enterè klas moun pòv yo se konstwi yon sosyete kote yon klas moun p ap kapab kontinye mete yo nan mizè ak nan malsite. Sou sa n di a, kiyès ki nan bon bò a tout bon? Jounen jodi a, fò k nou demaske tout eskamotè ki pran devan ak pòtvwa yo, pou klewonnen di yo nan bon bò a.

HTML tutorial

Patwon yo se bandi, boujwa yo se vòlè ! Nou menm travayèz-travayè onèt k ap redi di epi k ap viv sou fòs kouraj nou, nou pa dwe gen ankenn respè pou bandi ak vòlè ! Bandi ak vòlè pa gen pwoblèm ak dlo santi ! Se pou sa, tout fòs viv sosyete ayisyen an dwe rete veyatif dekwa pou evite lavi sosyal la pa tonbe pi ba pase nan nivo kanivo li ye a !

Reginald Boulos

Fòk tout gwoup anndan sosyete patikilyèman manm pouvwa egzekitif la ak Palman an bay prèv yo p ap kanpe anfas enterè gwoup ak kategori sosyal k ap pote tè a sou kou yo. Yo gen reskonsablite pou yo garanti se prensip enterè jeneral ak byen pou tout moun ki triyonfe nan sosyete a. Si yo la a, e kòm defèt yo la a, se devwa yo pou yo soulaje kondisyon lavi travayè yo epi pwoteje diyite plis pase 40,000 travayèz-travayèz teksil yo. Se pa vire lapawoli, epi pawòl, pawol ankò….

Li pa nòmal pou Leta ap peye fonksyonè epi yo pa gen anyen yo itil malere-malerèz nan peyi a. Li pa nòmal pou dirijan yo ap viv nan lwil, rete nan gwo kay ap woule bèl machin pandan popilasyon an ap penpennen nan malsite. Jodi a se Hervé Denis, ansyen chèf òganizasyon patwon yo k ap mete Lame l kanpe pou vin ratibwaze.

Jan pawòl granmoun yo di sa : ‘‘jou fèy tonbe nan dlo se pa jou an l koule’’. Nou pa dwe bouke repete, jan leta boujwa a trete kesyon salè minimòm lan vin montre nesesite pou nou menm travayè (ouvriye-ouvriyèz, peyizan, atizan, ti machann, chomè-chomèz) fè Leta pa nou. Leta sa pa leta pa n se Leta boujwa, grandon, piyajè ak pezè sousè. Pou tout fanm ak gason konsekan ki vle chanjman nan peyi, moman an rive pou nou kanpe kou yon sèl pwen pou ranmase batay pèp la.

Yon sosyete san eksplwatasyon: sèl pwogram politik ki nan enterè tout travayèz ak travayè!

Lè nou va rive mete kanpe pwòp Leta pa nou, pou defann enterè travayèz-travayè tout kote nan peyi a ak sou latè beni, anatadan nou chanje rapò pwodiksyon yo nèt nèt, n ap mete kanpe – pandan yon peryòd tranzisyon – yon politik ekonomik ki pral fè travayè ak travayèz yo reprann konfyans nan enpòtans travay yo non sèlman pou peyi a men kòm kontribisyon pou richès Limanite. Lè sa a, tout travayè ap gen garanti sou travay yo epitou yo ap pran kontwol lavi yo. Leta pa travayè yo ap pwoteje yo kont tout fòm revokasyon; l ap amelyore kondisyon travay ak kondisyon lavi tout kote nan peyi an nan enterè pifò moun nan sosyete a; l ap amelyore kondisyon lavi travayè yo apati yon politik men kontre patwon, Leta ak travayè sou lidèchip travayèz-travayè yo ak nan enterè majorite mas Pèp la. Sou baz prensip solidarite, tout travayè-travayèz dwe kapab viv kòmsadwa apati travay li pou l pa dekouraje; li dwe kapab pran swen fanmiy li, pitit li san kè kase.

Nan izin kote patwon yo pa dakò sou prensip solidarite sa yo, Leta ap òganize komite travayè-travayèz pou jere antrepriz la epi fè l fonksyone kòmsadwa; patwon yo prale bwa chat ! Lajan benefis yo te konn ap vòlè nan eksplwate tout ti fòs kouraj travayè yo pral itilize pou pèmèt plis moun travay, fini ak chomaj la epi chomaj degize a. Anba lidèchip travayèz-travayè ak pwodiktè yo, Leta revolisyonè a ap ekzèse yon kontwòl estrik sou tout sektè estratejik nan ekonomi an. Tout bagay ap sou kontwòl ! Kontwòl sa ap fèt sou lidèchip òganizasyon travayè nan sektè sa yo. Kote k pa gen òganizasyon, Leta ap gen reskonsablite ede travayè yo mete bon jan òganizasyon kanpe pou jwe wòl sa.

Epitou, pou Leta popilè a kapab degaje bonjan mwayen pou pèmèt tout moun jwenn libète ak byennèt, n ap konbat kontrebann, blanchiman, mafya lokal ak entènasyonal la. Leta travayè yo ap entèdi espekilasyon anjeneral nan domèn ekonomi anpatikilye sou tout pwodui ak byen premye nesesite yo tankou manje, kay, tè elt… epi pandan omwens twa (3) premye lane k ap swiv monte pouvwa popilè a, Leta ap entèdi enpòtasyon tout byen ak pwodui ki pa esansyèl ak nesesè pou fonksyonman peyi a yon fason pou kontwole fwit lajan ak deviz. Pou sa fèt, ann aprann konte sou pwòp fòs nou !

Kolektif Kanmarad Janil, Jiyè 2017
Alaso, Vol 1 # 2

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here