Pou n konprann pi byen sa k te pase nan Fakilte Etnoloji jou lendi 12 jen an !

0
683
Pou listwa ak pou laverite, Jhon Blot, yon opòtinis istorik pase machin li sou yon militan, yon etidyan, yon konbatan pou lavni : Jean John Rock Gourgueder

Tantativ sasinay Blot fè sou etidyan Goug – ki voye etidyan an sou kabann lopital pandan Blot kontinye ap sikile libelibè – montre yon lòt fwa ankò enpinite se mak fabrik sistèm konwonpi n ap viv ladan la. Li montre tou enpòtans yon estrikti tankou ILA nan ranfòse sistèm konwonpi sa. Pou yon moun byen konprann sa k pase nan fakilte Etnoloji, fòk li retounen sou sa ekip Alaso a te di nan nimewo jounal ki te parèt nan kòmanse mwa jen 2017 la.

Men sa nou te ekri : «Volonte moun ki nan tèt ILA yo jounen jodi a, se touye tout kontestasyon yon fason pou yo fasilite vanse san bri san kont nan pwojè neyoliberal la. (…) Jan yo montre sa deja, yo pare pou itilize tout mwayen reprezay, laterè ak maspinay pou tabli yon lapè simityè anndan ILA dabò ak nan peyi a apre. Pou rive nan pasifikasyon sa, yo pare pou ranmase pwojè Himalaya kadav Franswa Divalye a. ILA tounen Lame Ayiti ! Se dwèt sou bouch (omerta), menas, entimidasyon ak koudeta ki ranplase deba agimante. Sa fè ou mèt ap chache yon pozisyon depaman pou fè te ou p ap jwenn. Tout moun pè, tout moun alamaskay ap jwe kwen pou yo pa viktim represyon, reprezay ».

Rektora a kanpe dèyè zak Blot a paske zak Blot se ekpresyon yon vyolans Leta, yon vyolans gwo nèg toujou ap ekzèse kont ti malere, travayè, plantè ak etidyan k ap batay pou chanjman total. Devan vyolans sa, nan sosyete miwo-miba pa gen jistis ki kenbe. Sèl solisyon pou kontrekare vyolans sa, se vyolans oprime yo, se vyolans etidyan, travayè ak ti machann k ap bay gwo nèg ak Leta, kwa manman yo. Se nan sans sa tou pou n konprann divès nòt ki soti nan mitan yon bann moun ak pati ki di yo se lagoch. Dividal nòt sa yo, san yo pa janm kondane zak Blot fè a, eseye montre pou tout moun Blot se yon notab, yon gwo nèg. Yon opòtinis ki san di petèt gen gwo reskonsablite nan mizè pèp la. Liy politik ki sèvi bwa dèye bannan tandans opòtinis lan se refòmis.

Nannan kouran refòmis lan, se aprann tout moun – sitou sa ki pi fèb yo – devwa yo genyen pou yo aksepte lòd dominan yo ak tout leksplwatasyon kapitalis la konmsi sete yon fatalite, yon bagay ki p ap janm chanje, ki mande swa pou nou reziye oswa pou nou adapte. Opòtinis lan se liy taktik ki chita sou ideyoloji adaptasyon an. Sa k enterese òpotinis la se pa transfòmasyon depi nan rasin relasyon pwodiksyon yo, se pa ranvèse epi fini nèt ak lojik eksplwatasyon ak dominasyon kapitalis la men se pito negosye yon ‘‘deal’’ ak kapitalis lan. Nan deal sa, li menm li kapab vin jwe wòl entèlokitè.

Li pa nan enterè opòtinis la menm menm pou travayè-travayèz yo òganize yo yo menm pou defann tèt yo. Se sa k fè tout kote li wè òganizasyon otonòm ap devlope – kit se etidyan, travayè, peyizan, ti machann – li pentad. Sa l vle, se pou li toujou kapab pale nan non tout moun pandan l ap regle zafè pa l. Pou li menm, batay klas yo pa dwe janm depase faz negosiyasyon klas kote poul granmanjè ap manje ravèt.

Kontrèman ak jan kèk zefeyis entelektyèl – pami yo Jhon Picard Byron – vle fè sa parèt, li enpòtan pou n pa entèprete tantativ sasinay Blot sou etidyan yo anpatikilye sou Gourgueder tankou ekpresyon yon enkyetid oubyen zak yon moun ki ta pèdi tèt li, ki ta panike. Tout analiz ki fèt ap montre pa gen bagay konsa pyès ! Zak Blot a se yon zak li fè ak fèm konviksyon epi ak konsyans. Avèk zak sa, Blot siyen yon manifès politik ak sosyal tou. Pou misye, moun ki anba yo, malere-malerèz, peyizan tankou etidyan, majorite Ayisyen pa dwe janm soti nan segregasyon ak apatay. Si yo gen malè leve kanpe, machin represyon li ladan l la p ap ezite pase sou fyèl yo.

Konferans pou laprès dwayen Fakilte Etnoloji a Jean Yves Blot nan dat 12 jen 2017. Li te genyen bò kote l, agoch pwofesè John Picard Byron ak adwat li administratè Fakilte a.
Foto Le Nouvelliste

Nan yon pozisyon malonèt òganizasyon Blot ap dirije a, Ayiti Djanm, fè soti pou defann misye, yo raple angajman Blot nan ILA depi djab te kaporal. Pou ki rezilta? Yo raple kijan Blot se yon militan wodpòt ki te batay tèt kale bò kote Pè Tijan, Pè Jan Mari elt…Kesyon: kote 2 bon grenn militan sa yo? Kote Blot li menm? Repons: Yo toulede mouri sasinen anba bal lenmi kan Pèp la pandan Blot li menm ak tout akolit nouvo alye makout li yo ap pase machin sou etidyan. Pozisyon Ayiti Djanm pran pou defann Blot a annik konfime sa anpil militan konsekan k ap batay pou chanjman total kapital te konnen deja : grand orient Jean Yves Blot pa inosan ni nan mizè Pèp sa ni nan kalamite ILA ap pase yo. Se santiman solidarite nan malè sa ki fè misye pa jennen pou l bandi.

Pou listwa ak pou laverite : Jhon Blot, yon opòtinis istorik pase machin li sou yon militan etidyan, yon konbatan pou lavni.  

Gen anpil dyalektisyen, sitou nan sa ki rele sektè lagoch pwogresis istorik la, k ap soti gwo diskou ak foul sistèm agimantasyon pou montre pwoblèm lan mal poze paske pou yo: «pa gen ankenn antagonis fondamantal ant divès gwoup k ap batay yo». Pou moun sa yo, di oswa ou Goug oswa ou Blot – nan sans oswa w ap batay pou chanjman oswa w ap batay pou w kenbe estatu quo – se mal poze pwoblèm lan. Premyèman fòk moun sa yo ta eksplike si pa gen antagonis fondamantal poukisa Blot estime jou lendi a li te kapab pete fyèl jèn militan an. Epi dezyèmman mezanmi, ann reflechi pou tout bon : si se vre jan Ayiti Djanm di sa nan nòt li a – e nou konnen se vre – Jhon Blot se yon notab, yon zotobre, ki gen plis pase 40 lane depi l ap sèvi Leta kadav la nan tout nivo kòm wo fonksyonè. Soti Direktè jeneral pase manm kabinè Minis, pwofesè nan ILA, vis-dwayen epi kounye a dwayen elt… eske fayit sistèm lan se pa fayit li menm tou pèsonèlman?

Lè n sonje istorikman kèk pwofesè ki te definitivman pozisyone yo sou bò gòch la, yo te opoze a Franko an Espay, Mussolini an Itali, Pinochet nan peyi Chili, Divalye an Ayiti oubyen Hitler pandan rejim twazyèm Reich la nan peyi Almay. N ap note yo te mete non pwofesè sa yo sou lis nwa epi pita yo te fè yo soti nan kominote akademik yo oswa yo te bije sove kite peyi yo oubyen pou fini yo te asasinen yo tankou Walter Benjamin. Genyen pouvwa politik la te konn lage vèni pou mete lawont sou do yo pou tout tan nan kominote akademik la. Se sa k fè nou gen anpil kesyon pou n ta poze sou wòl yon pwofesè tankou Blot yo prezante kòm pwogresis anndan ansèyman siperyè a.

Blot se yon machòkèt ki kwè twonpri ak demagoji kapab sèvi kòm taktik pou fè manipilasyon nan batay politik. Pwojè li se vire lòlòj moun pandan l ap ankouraje adaptasyon nan sitiyasyon ki deja egziste la a. Ki vle di, li pa gen pwoblèm pandan l ap pale – oswa depale ou mal pale – yon diskou chanjman pou l ap konsolide nan reyalite relasyon dominasyon ant klas sosyal yo, nan jan sistèm kapitalis la deja detèmine yo. Adaptasyon ki vle di pandan pawòl chanjman ap pale, eksplwate ak oprime yo ap toujou rete nan penpennen nan klas defavorize, redi travay di pandan gwo boujwa melanje ak  tiboujwa-klas mwayèn djòl Loulouz ap kontinye byen mennen. Pa bò isit, si malgre depi plis pase 200 lanne mas Pèp la ap batay pou soti anba system peze souse a, si malgre lit klas k ap travay yo kont eksplwatè, nou toujou la nan kafou tenten; si malgre anpil gwo moman kriz revolisyonè ki souke sosyete sa, rejim kapitalis la toujou rive retounen kanpe sou de pye l devan gwo mouvman sosyal yo, se granmesi mòd militan opòtinis tankou Blot, Picard, Deshommes, Vernet elt… Se youn nan prensipal rezon ki fè li enpòtan pou yo kenbe tèt ILA yon fason pou kontinye asire pèmanans liy opòtinis lan nan mouvman batay la.

Blot deside li pase tibis etnoloji an sou etidyan an pou li aprann li respekte lòd ki kapab pete fyèl li. Lajistis boujwa yo di: Anyen sa ! Rektora defakto a di : Bravo ti kòk ! Yo monte yon komisyon machòkèt ki pral konkli se viktim lan ki kouche sou kabann lopital la ki gen tò. Gwo lajan ap distribye—380 000 goud—pou pèmèt sa fèt san bri san kont. Se sosyete apatay la ki pèmèt Blot ak rektora a fè zak sa. Si Goug se pa t etidyan ILA ki soti Lagonav, Blot t ap reflechi anvan l pase tibis la sou li pou kraze zo l. Li vle montre tout etidyan yo, otorite gwo ponyèt rete otorite gwo ponyèt menm lè yo ap pote diskou altènativ. Men se byen konte mal kakile !

 

Rhizomes -Jiyè 2017  

ALASO Vol. 1 nimewo 2

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY