18 me : Drapo a monte/Nemours Jean Baptiste travèse

0
905

Machann dlo konbyen ou vann kalbas dlo

Men 2 pou 15

Pawòl chante Nemours Jean Baptiste

Se vre 18 me 2021 an fè n sonje kouman yon dikdal potorik gason kanson te kanpe tèt rèd devan mouche blan kolon. Se konsa anpil koze pale sou dat 18 me 1803 sa a kote Papa Desalin ak konpayèl li yo pami yo Petyon te pran yon desizyon pou yo te mare yon gwo konplotay. E se konplotay sa a ki te akouche drapo sa a ki se senbòl fyète n diyite n ak souverènte n.

18 me 2021 an fè 218 lane depi drapo sa a pe yaya kò l sou douvanjou Ayiti. Men tou nou tout admèt se pa ni de ni twa kalòt marasa l pa pran anba pat zago zagoloray san zantray. Pou jis jounen jodi a  pa gen anpil kanmarad ki janm konn ki koulè batwèl machwè drapo sa te ye vre premye jou Katrin Flon te koud li a nan vil Lakayè.

Tanto w tande l se nwa ak wouj. Tanto w tande se wouj ak ble l te ye. Tanto w tèl fason l te koud. An tou ka sèl sa n konnen kabouya ant potanta ki kite lwa pouvwa sele chwal yo tonbe fè lesefrape tout jounen tout lannnnwit san fren. Lè konsa se rete w rete w wè talon bòt pwofesè respè dwa moun ak papa demokrasi yo pe paweze sou 2 pòpyè je drapo a kote yo sal li ak labou lokipasyon.

Anpil fwa gen Ayisyen ti loulout ki kite foli gwo mago fè yo envite menm kolon kretyen yo vin krache sou lestomak drapo n yo. Men tou gen plizyè Kanmarad konsekan ki toujou twouse ponyèt diyite yo pou yo netwaye tout plòt krache yo. Men chimen batay pou lave diyite Drapo n yo pou jis jounen jodi toujou gen anpil pikan kwenna divizyon ak kou trèt ladan l. Si n gen de dirijan toudenkou ki pa gen yon ti zing respè pou tèt yo alevwa pou Drapo n nan.

36 lane depi Nemours Jean Baptiste travèse 

Drapo pou Drapo 18 me 2021 an fè 36 lane depi Nemours Jean Baptiste te mache rara a. Nonm Nemours sa a w tande a se li menm ki te 1ye monte drapo konpa sou ma lakilti a. Pou jis jounen jodi a depi w tande yon mizik konpa ki pe balanse ak bon jan kadans, w mèt konnen se Nemours ki papa l se Madan Nemours ki manman l

Nonm Nemours sa a papa Konpa a te tèlman maton nan soufle van nan saksofòn, anpil tan pa t ap ase pou n pale de li. Men sa n ka toujou drapo konpa a Nemou te monte a, kontinye ap flote nan de twou zòrèy anpil peyi. Nemours kote w ye a pa janm kite saksofòn w atè.

Paske loksidan enperyalis gaspiye tout sa n genyen. L gaspiye drapo diyite n nan ma labou okipasyon derespektan. Menm drapo Konpa a nan moman an Kowona Awona fè l pran plizyè desè peti pataswèl. Nemou pa rete poze kote w ye a. Toujou soufle saksofòn w. Nou di w ochan dirèk dirèk pou sa Mayestwo Konpa Dirèk la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here