Zenden Cherestal touye mennaj li Sherley Montfort

0
1769
Polis nasyonal la te prezante jou madi 5 janvye a Zenden Anderson Cherestal ki te mennaj yon jèn fi ki rele Shirley Monfort, paske jou ki te premye janvye a 2020 an, Zenden te sasinen Sherley ak plizyè kout kouto. Papa Zenden te deklare nan Radyo karayib « se limenm ki te arete pitit li Zenden kòm ansasen kriminèl epi renmèt li bay lapolis » Zenden te konmanse ap bay manti nan DCPJ kote li te menm fè konnen se Shirley ki te vin ak kouto pou touye l, men li te rive pran l nan men Shirley. Men aprè Zenden te konfese se li ki touye mennaj li apre yon diskisyon. Menm jou a, Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) te pwofite prezante bay laprès yon lòt moun yo te arete tou Féguens Métellus pou menm zak sasinay la sou mennaj li nan zòn Fòjak jou ki te 10 novanm 2020 an.

Polis nasyonal la te prezante jou madi 5 janvye a Zenden Anderson Cherestal ki te mennaj yon jèn fi ki rele Shirley Monfort, paske jou ki te premye janvye a 2020 an, Zenden te sasinen Sherley ak plizyè kout kouto.

Papa Zenden te deklare nan Radyo karayib « se limenm ki te arete pitit li Zenden kòm ansasen kriminèl epi renmèt li bay lapolis »

Zenden te konmanse ap bay manti nan DCPJ kote li te menm fè konnen se Shirley ki te vin ak kouto pou touye l, men li te rive pran l nan men Shirley.  Men aprè Zenden te konfese se li ki touye mennaj li apre yon diskisyon.

  Menm jou a, Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) te pwofite prezante bay laprès yon lòt moun yo te arete tou Féguens Métellus pou menm zak sasinay la sou mennaj li nan zòn Fòjak jou ki te 10 novanm 2020 an.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here