Woukoukou Ougan Janjan

0
1740
Ougan Janjan

‘‘Pwoblèm pap janm fini.’’
Pwovèb lakay

Janjak Dyedone ougan, (Jean Jacques Dieudonné) se yon gran sèvitè Vodou ki fèk travèse retounen nan peyi Alada pa gen lontan de sa. Dapre sa Jan Alens Makajou fè konnen nan yon tèks, se nan aswè vandredi 15 janvye ki sot pase a sèvitè a kase kòd detan l te nan veye yon bopè l ki se papa madanm li nan vil Miragwàn nan Depatman Nip malè sa a rive l. « Anplis kè kase, kè sote, tristès ak flonn  lapenn sitiyasyon malè san zatann sa a lage nan mitan tout kòd fanmi Janjan ak tout sèvitè matchòpwèl li yo Vodou a pran yon gwo kou tou ki pa ret ak kou Paske Janjan se te youn nan pi gwo sòlda ki te toujou kanpe byen djanm sou lapkos piblik pou l defann Vodou a san filtè. E nou konnen jis kote l ye a nan peyi Alada a li toujou kanpe pou l kontinye defan Vodou a l kwè ki se youn nan pi gwo patrimwàn Kiltirèl Ayiti genyen ». 

Se konsa Manbo Evoni Ogis te pale nan non Konfederasyon Nasyonal Vodou Aysyen ki gen ti non jwèt li KNVA. Manbo a kontinye pou l di san l pat atann, san l pat rann li kont de sa, sa n pa wè yo pase pran Janjan brid sou kou mennen l ale detan l nan veye yon bò pè l ki se papa madanm li ki te gen tan travèse kèk jou anvan l. Se detan l te nan a nan Miragwàn malè sa a rive sèvitè a. Janjan Ougan nèk santi yon ti kò pa bon ak yon ti doulè. Oo, sa w tande a anvan yon bat je kou l gen tan kase pa dèyè. 

Pran lane 2006 pou rive nan lane 2012, Janjan te anime 2 emisyon sou Vodou nan Radyo Nasyonal. Vodou Lakay ak Rasin Lakay. Li te yon kolaboratè devwe Minis Pradèl Anrikès ki nan epòk sa a te direktè jeneral radyo a ak televizyon an. Ougan an te konn kouman l pou l melanje fèy yo pou l fè yo bay bon jan remèd pou kwape tout vye maladi ki konprann yo ka vin bay kadav kò a pwoblèm. 

Anplis li te jounalis, ougan an te yon sèvitè Vodou ki te gen bon jan anpil. Ta sanble sosyete a pat gen anpil bagay pou repwoche ougan Janjan. Nan sikonstans malè sa a Ayiti Libète di Woukoukou pou tout pitit li yo, madanm li, tout lòt sèvitè parèy li epi tou tout manm KNVA.

Ougan Janjan detan w nan peyi Alada, kontinye mennen gwo batay sa a w koumanse a pou Vodou a ka ride Ayiti jwenn solisyon delivrans pou l ka divòse ak chenn soufrans sa a l mare depi jou madichon sa a zagoloray yo te sasinen papa Nanchon an Lanperè Desalin. Bon travèse Ougan Janjan.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here