Woukoukou Manbo Evoni

0
1282
Evonie Auguste

Se ak yon gwo kout van move nouvèl anmè fyèl dlo nan de grenn je sa a larenn lawouze leve nan jou ki t mèkredi 23 mas la. Ki nouvèl li do ye ki lage flonn piman bouk nan de grenn je tout pitit fèy la. Ki nouvèl gou lalwa ki do lage move gou lapenn nan kè tout Vodouyizan n yo? Siman se yon move nouvèl move koulè move lòdè move malè !!!

Enben move nouvèl malonnèt sa a sonnen kwochi an travè nan twou zòrèy tout limanite. Malgre l gen gou fèy pa janbe rantre byen fon nan fon pòpye chak Vodouyizan pou l di yo gen yon pitit fran ginen ki fèk janbe. Vle pavle, gou pa gou, pike pa pike, son kòn pipirit bijo lage l kan menm.

Anvan chwèt rense grèg kafe l pou l al siveye kòmè bajou kase maten mèkredi 23 mas la grif lanmò desann nan Dèlma 83 pou l te vin peche. Lanmò te tann nas li nan chak kalfou, malgre l pa jwenn plim poul kayèt, li pat deside remonte san l pat pran anyen. Se vre l pat remonte ak anpil plim men l remonte ak tout plim ti bon anj yon pitit fèy.

Yon pitit fèy orijinal natif natal gran lakou lakay. Tout dilatwa laviwonn dede sa a yo se yon fason daki pou di n Manbo Evoni Jòj Ogis fè zèl maten an. Manbo Evoni Jòj Ogis lage pye l anvan souf douvan trepase pase ale pou letan ak letènite. Lanmò pase pa dèyè l pran Manbo a pa sipriz pou l met yon bout nan lavi l.

Lè nouvèl piman bouk sa a tonbe, anpil pitit fèy te sezi pou wè kouman grif asye lanmò madichon ki file tou de bò koupe fil lavi Manbo Evoni. Men, anvan lanmò desann vin fè krim sa a l te voye yon sòlda atoufè san kè san fyèl ki rele kansè. Se kansè sa a ki te koumanse kase branch manman mapou Vodou sa a pou l te ka fè move zak sa a pi fasil.

Move van lanmò fòse Manbo Evoni travèse nan peyi Alada anvan bajou jou mèkredi sa a kase kow. Nan mitan mwa fevriye a se te tout pa Maryo Chandèl pou l lanmò te pase l swèl pa l. Anvan sa, nan mitan janvye a se te souf Sèvitè Fènan ki te kaba lè pat zago lanmò zagoloray te ton be sou kou l.

Bon kiyès ki ka di m kisa katchapika lanmò genyen ak boujon lavi ki fè l cho pou l prita l konsa a konsa a ? Se pa ni de ni twa souf li pa koupe. Se pa ni de ni twa kòd dyakout lavi l pa rachonnen san konnen san rezon. Nan mitan makòn kriye melanje nan yon toubouyon rèl anmwe Wa Vodoua te di mo pa l tou. « Manbo Evoni Ogis travèse jounen jodi a. M regrèt kou sa a ki fè n mal anpil. Sekretèz Jeneral Konfederasyon Nasyonal Vodou Ayisyen an (KNVA) travèse e se yon gwo defisi pou Vodou a. E, nan non tout Ginen yo, n pwofite pou n swete l bon travèse pou yon lòt lakou. Men tout Lakou Lakay pap janm bliye ». se sa Wa Vodou a Ogisten Senklou te di pou swete Manbo Evoni bon Travèse

Ati Byenneme, Ati Bovwa, Aboudja, Sèvitè Fènan, Maryo Chandèl Konpè Filo Manno Chalmay ak tout lòt pitit fran Ginen koumanse fè bèl delegasyon pou al resevwa w. Tanbou Petwo, Tanbou Ibo, Tanbou Arada pare pou ret tann w nan baryè Alada, lè w kriye lonè pou yo reponn w ak kout ochan respè. Manbo Evoni n pap di ki sa pou w di Zansèt yo pou Ayiti. Se la a w te ye w wè tout sa k pep ase nan tout Lakou yo.

Manbo Evoni ale ale w tande. Twò prese pa fè lannwit kouri al dodo meya jis dèyè tèt mòn. Manbo Evoni gen de koze sekrè desounen se lè na wè na pale koze Fran Ginen. Lè na va wè na pale koze gason ak fanm. Bon bouch pe pale bon koze. Move fèy zòrèy pe koute. Sere koze w pitit. Mal tande kon fe kont.

Bowoun pou Manbo Evoni pe chante nan Biwo Etnoloji sou Channmas jou k ap samdi 9 avril la ant 7 è e 10 zè nan maten.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here