Woukou Manbo Kalin Vyèjelen

0
873
Manbo Kalin Vyèjelen

Latibonit oooo yo voye rele nou
Yo di n Manbo Kalin malad oo
Chante Fòlklorik  Ayisyen 

 

Si yon moun te konn ki lè Mèt Agwe t ap pase pran w pou l mennen w nan Bato Imamou anbake menm si w pat vle pou l fòse w travèse se pa ni de ni wa bagay w ta kouri fè anvan mennen w nan peyi san chapo. Se menm jan an Manbo Kalin Vyèjelen tankou ougan Janjak Dyedone t ap gen tan gaye kont pay yo pou yo ka pa regrèt anyen lè gwo van lanmò tenyen ti rès bout souf yo. 

Se kòm si lide m te gen tan fè m pran lòdè gazolin ki nan motè tren lanmò ki t ap vin bwote manbo a ki fè m te kouri rele l nan jedi anvan l travèse ! Li te 8 tè nan maten pou m te mande l nouvèl Matin Mila ki se matchòpwèl nou tout lede. Anplis se menm maten sa a ki te fè m fè konesans ak li nan lane 2002 yon jou n te kwaze nan Bisantnè sou plas nasyonzini bab pou bab ak Palman an. 

Enben se yon gwo gòdèt dlo fre ki sot nan fon krich m vide sou tèt mwen pou m kaba flanm chalè sezisman lè m aprann Manbo Kalin travèse san l pa gen tan di pesonn ayabonmbe. Okenn sèvitè pat ka fin konte grenn seziman alagouj ki blayi nan mitan kalfou malè pandye lè san zatann vye nouvèl santi move zè sa a fin lage kò l atè vidip pip. Se konsa tout sèvitè yo Manbo Kalin mache rara a sou yon kout tanbou rabòday nan rara Yogann.  

Se jou ki te vandredi 22 janvye ki sot kaba a yon kout kòn watsap aprann nou Manbo Kalin anbake de pye devan abò Bato Imamou san l pa gen tan di ni Bilolo alevwa pou Ayibobo. Epoutan nan Peyi Alada tout lòt zansèt nou yo pe tann li pou kontinye mennen gwo batay pou Ayiti pa kaba. An tou ka vle pa vle Manbo Kalin Vyèjelen travèse san konnen san ret tann denmen.  

Kiyès Manbo a te ye ?

Manbo Kalin te youn nan Konseyèz nan KEP ki te gen pou misyon pou te fè eleksyon pou te ka mete bon jan dirijan pou mennen bak peyi an ki te konn bay konsèy nan KEP 2015 lan kote Lewopòl Bèlanje t ap koumande an Lwijanboje. Se ak labanyè sektè Peyizan ak Vodou a li te rantre nan lakou sa a ki te la pou l fè bon jan eleksyon. Manbo a te ranplase Mèt Neyemi Jan lè misye te deside lage pye l poutèt li te santi kabwèt KEP a t apral chavire nan mon kabouya si l pa kole nan ma labou kostestasyon. 

Gran sèvitèz Vodou a ki fèk travèse retounen nan peyi Alada pa gen lontan de sa ale kou yon kout van siklòn Matye. Dapre sa yon bon jan kòkòday Manbo a, ki se Madan Jina Silyona fè konnen se sou yon kabann nan lopital Eloyim Konplèks Medikal motè kè l te desite pran pàn gaz. Sa w tande kè a tou lage pye l jou ki te vandredi 22 janvye a. Se la yo te kouri mennen l brid sou kou apre yo te sispèk manzè te santi kadav kò a kanyank kanyank tankou motè dizèl ki pral pran pàn gaz sou tèt mon Pilbowo nan plen mennwit

Pandan plizyè lane menm jan ak Ougan Janjak Dyedone ki te travèse pa gen lontan sa, Manbo Kalin Vyèjelen te konn anime pandan anpil lane emisyon sou Vodou nan radyo Nasyonal. Manbo Kalin Vyèjelen ki ki te pran ason nan lane 1988 te kase kòd jou ki te vandredi 22 janvye ki pase a apre 33 lane men longè. Bon travèse Manbo Kalin Vyèjlen. Kote w ye a nan Peyi Alada a toujou sonje kontinye mennen batay la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here