Wawa : Yon lane nan peyi Alada

0
1063
Jacques Maurice Fortere “Wawa”

Ou wè jodi, ou pa konn denmen

Pwovèb Kreyòl

 

Anvan n ale pi lwen, kite m fè n sonje se yon 13 avril konsa lane pase san pesonn pat atann nouvèl piman bouk sa a te tonbe brid sou kou. Nouvèl la te pike anpil si w konn lè grenn piman chen tonde nan grenn je manman pou l kayèt lè n te aprann jeneral lanmò te pase pran Wawa deta l te Nouyòk nan peyi Etazini. San l pat mande sanba a si l vle, San l pat bay sanba a okenn nouvèl li te tou travèse ak li nan peyi Alada. Mesye jan pwovèb Kreyòl la di l la, sa k ta di sa ? 

Sa k ta di pou Wawa travèse epi pa gen yon kout tanbou ki bat pou ba l yon dènye ochan dèyè mòn karate. Lè n konsidere Wawa te yon Wa tanbouyè e menm tout fran Ginen yo rekonèt sa e yo tout te respekte l pou sa. Lè n konsidere Wawa te yon gwo Wa nan wayòm tanbou kote tout zansèt yo te toujou dakò wete chapo ba devan l epi pou l ta travèse pou tout kout tanbou ta gen tan bèbè menm jan ak wòch galèt. 

Enben si malè sa a rive se akòz kowona ki te vin fè tout moun poze nan koze bay kalinda devan dèyè san gade dèyè lè yon sanba travèse kite n. An tou ka Wawa, w devan nou dèyè w pye pou pye. E, pou jan makòn move lawon mèt sistèm yo maton nan simen pikan kenna esikirite ak jèm lanmò 24/24 sou figi tout 27.750 kilomèt kare Papa Desalin te kite pou nou anvan gran don ak milat Zagoloray te sasinen l pou te fòse l travèse san lè l pat ko prèt pou rive. 

Tout moun ki respekte tèt yo konn sa trè byen. Pa gen pesonn ki gen foli vin fè matyè sale isiba sou tè sa a. Men tou si lanmò te respekte tèt li gen ge moun li te do ekzonore pou sa yo fè sou tè sa a. Gen de kalib moun lanmo ta dwe respekte l paske se yon sèl grenn nan ki gen nan yo. Pa fouti gen ni de ni twa alevwa pou kat. Enben se menm jan pou sanba Wawa. Li pap janm gen tokay. Se pou sa lanmòte do tchwipe l lè l te wè l.

Wawa : Yon Mapou n sonje

13 avril 2021 an fè yon lane men longè depi malè pandye ki rele lanmò a te pase men pran men Sanba Wawa pou pati mennen l byen lwen nan fon peyi Alada kote l pat menm ge tan pran ni manman tanbou ni papa tanbou pitit tanbou l ni tchatcha l. Tout vrè pitit Ginen te sezi tande Wa Wawa travèse. Men tout sa k kite blan kretyen loksidan fè yo rayi rasin yo kontan poutèt Wawa travèse. 

Wawa, Sanba san parèy sa a, an plis li se yon gwo Mapou men tou l te yon gwo defansè mizik Rasin nan. E, sanba a toujou fè konnen tout kote l pase mizik rasin nan se youn nan pi gwo Rasin kilti natif natal Ayiti an. Se sa yo rele patrimwàn Imateryèl la sa vle di yon pati nan Kilti n nan pesonn pa fouti wè men ki la devan de grenn je n chak jou ki jou malveyan loksidan kretyen miltipliye tèt yo pa 4.2 milya pou yo kraze Kilti n nan. Men kòm yo pat janm konn ki jou Mizik Rasin nan te fèt yo pap janm sis nan douz la. 

Wawa se non vanyan sanba vanyan an. Men bon non manman l ak papa l te ba l se Jacques Maurice Fortéré. Se ti non jwèt li ki rele Wawa. Epoutan se sitou sou non vanyan l sa a tout moun konnen l. E, se non sa a ki fè chimen l pou jis li travèse kite bout tè batay lakilti a nan peyi Alada. E nou konte sou sanba Wawa pou l al kontinye  batay la paske l se yon sòlda ki sèmante l pap janm trayi. 

Kòm Wawa, menm jan ak pèsonn lòt moun pat fèt anasye, nan lane 2006, l te fè yon kriz ki te manke pote l ale nan peyi kote pesonn pa janm menm gen dwa mete ni chapo ni kepi ni panama. Responsab Leta nan epok sa a pat janm mande l ki sa l te pote pou vann. Prèske 10 lane kriz sa a te panike l anpil Wawa pa janm bliye kouman responsab ki nan Leta a yo te gen tan bliye l. 

« Malerezman se moun ki pa menm konn kisa Kilti vle di ojis ki twouve yo nan tèt Leta a pou dirije l. Youn pa janm maande m ki sa m pot pou vann. San m pa kache n fòk m di n m vekse paske Leta pa janm mande m ki mo ki pete fyèl lanperè. Responsab nan Leta a yo pa janm pran Mizik Rasin nan ki se yon gwo moso nan Kilti a oserye. Alevwa pou yo ta kore Rasin Kanga ki se yon gwoup ki gen lontan pe plante Mizik Rasin nan pi fon toujou cha jou ki jou ». Se konsa Wawa te lage l san filtè depi se pou denonse ti reyaksyonè ransè betizè. 

Wawa pou jis li travèse kite n pa janm konprann pouki gouvènman an pat janm envite Rasin Kanga vin jwe nan douzyèm edisyon Karifesta. Malgre sa te fèl mal paske l te wè ki jan gouvèlman Tèl Kale a pat jennen pou l te krache sou Mizik Rasin nan men sa pat janm dekouraje pou sa. Wawa, avan l travèse pat konn met dlo nan bouch li pou l te denonse reyaksyonè soudevlope ki te dakò pou yo derasinen mizik Rasin nan.

E pou kalòt marasa ak lot kalib pataswèl Mizik Rasin nan kontinye pe pran jounen jodi a si rasin li pat plante byen fon menm jan ak Rasin Kanga li t ap disparèt takou kout zèklè nan lapli novanm. Wawa w ale se vre men w kite Mizik Rasin nan pou nou. E tout pitit lakay pap janm bliye tout sakrifis w te toujou konn fè pou w te ka fè mizik Rasin nan pouse byen fon nan tout venn nou. 

Wawa te toujou renmen rakonte kouman l te kwaze ak Sanba Azò nan yon estidyo anrejistreman. E yo te fè yon bon bout chimen ansanm detan yo plede mache plante Mizik Rasin nan pi fon toujou tout kote yo pase. Jiskaske yon jou yo te deside kase asosiyasyon an pou yo chak fe chimen pa yo pou kont yo toujou nan mennen gwo batay pou voye kilti lakay monte pi wo jis anwo. Men vyen maladi pon gongon te gen ta pase men pran Sanba Azo depi lane 2012. Yon lane apre Wawa fin travèse, li toujou Wa nan Wayòm Lakilti lakay… Paske lakay se Lakay. Sanba Wawa menm si w travèse nan peyi Alada, w toujou Wa nan memwa tout pitit Kilti Lakay.  

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here