Unnoh mande opozisyon an leve kanpe pou voye Jovenel ale !

0
1539
Josué Mérilien

Josué Mérilien ki se  kòwdonatè Inyon nasyonal nòmalyen Ayiti (Unnoh) nan yon konferans pou laprès li te bay jedi 21 desanm 2017 ki sot pase a, mande sektè ki nan opozisyon ak gouvènman an bay dèyè yo de tap pou yo kapab reprann mobilizasyon an pou yo wè si yo ta fòse Jovenel Moise rache manyòk li.

Mérilien mande eleksyon yon lòt prezidan men si se pa blag l ap bay fòk li ta esplike kòman yo pral jwenn prezidan ki pa nan koripsyon an Ayiti jounen jodia.

Mèt Andre Michel ak yon lòt manm opozisyon an nan konferans pou laprès la

Se konsa tou nan yon entèvyou dirijan platfòm politik Pitit Desalin nan Moise Jean Charles te bay Radyo Zenith jou vandredi 22 desanm lan, li fè konnen apati 8 janvye limenm l ap repran lari a.

Mèt Andre Michel limenm tou nan yon konferans pou laprès li te pral bay jou 18 desanm pase a ; kèk militan te kouri deyè l anpeche li pale. Militan yo te di se yon opozisyon mòdesoufle  « Nou soufri twòp, nou soufri twòp ! Kounye a nou pral fè yon lòt bagay. Dayè peyi a se pou Ayisyen li ye nou dwe manje, pitit nou dwe al lekòl. Nèg yo fin gagote kòb Petrocaribe a kounye a peyi a se fèmen pou nou fèmen l paske nou bouke ak istil opozisyon sa a ».  Apre kèk reta mèt Michel te pran lapawòl pou l denonse Jovenel Moise epi li te tou deklare lane 2018 la pral yon lane batay kont koripsyon.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here