Similarite Twoublan ant Prezidan Trump ak Prezidan Moise

Nou ap fè fas a 2 administrasyon ki ap konpòte yo menm jan: yo ap fè ti komik nan vle demokrasi pandan y ap travay san kanpe pou defèt li.

0
374


Mwen kòmanse agase ak jan yo vle gouvène limanite ak fòs epi koripsyon, komsi limanite se yon ekip koken ak enbesil.”

Plis pase de san (200) lane, filozòf Thomas Paine ki se yon teyorisyen politik ekri mo sa yo pou eksprime fristrasyon li lè yon kòlèg li t ap eseye krache sou enpòtans revolisyon. Petèt se ledikasyon Jezuit mwen te resevwa, oswa se paske mwen on ti jan dramatik ki fè nan jou yo la, mwen kòmanse rejwenn tèt mwen nan jan li te bouke a. 

2020 pa sanble okenn lane nou viv deja ditou, e sezon ete a sèlman montre nou a klè ki jan tiranik pouvwa dezespere pou yo rete chita la sou pouvwa sitou an Ayiti ak Ozetazini. 

Semenn sa a, Sekretè deta Nasyonzini an ki rele Mike Pompeo pale ak Prezidan Jovenel Moise sou dosye frajil ki se eleksyon lejislatif nan peyi Ayiti, nan mitan yon koulwa pandan envestiti prezidan Repiblik Dominiken an Luis Abinader. 

Gen anpil moun ki pran lokal yo fè reyinyon sila a tankou yon bèk yo ba nou, paske li montre Ayiti te “yon dènye lide ki pase nan tèt” gouvènman ameriken an. Men mwen rete kwè nou dwe pran sa ki rive a pou sa li ye a, yon simagri demokrasi nan figi militan Ayisyen ki pandan lontan ap kritike Jovenel Moise poutèt li te deside gouvène padekrè apre li fin echwe nan renouvle  palman an. Epi se vreman yon move blag pou se Pompeo ki ap bay tèt li pwoblèm paske li vrèman “enpòtan” pou Ayiti fè eleksyon, pandan administrasyon li reprezante a te pibliye 40 dekrè ane sa a sèlman epi ap travay san kanpe pou redui to patisipasyon nan eleksyon Etazini yo nan mwa novanm ane sila a. 

Nou ap fè fas a 2 administrasyon ki ap konpòte yo menm jan: yo ap fè ti komik nan vle demokrasi pandan y ap travay san kanpe pou defèt li. 

Sou papye, Ayiti pa ta dwe chita nan menm bato ak Etazini tankou de bon patnè, ki ap navige sou rivaj sistèm peze souse.

Depi lè Donald Trump vin prezidan an, moun ki etidye politik, entèlektyèl ak istoryen yo enterese e an menm tan pè ki jan tandans gwo ponyèt Donald Trump yo pral enspire lòt chef deta, sitou sa ki nan peyi ki ap devlope yo sou chimen demokrasi. Yon semèn aprè Trump fin genyen an 2016, jounalis Jason Burke ak Ruth McClean ekri: “Viktwa Trump la pral bay dirijan afriken ki plis otokratik yo libète pou yo chanje konstitisyon yo pou yo ka kenbe pouvwa, asele opozan yo, fèmen òganizasyon medya, yo oubyen nan sèten ka jis pou yo ka fè lajan.”

San nou pa bay manti, li vreman pa biza pou nasyon nwa yo fè eksperyans sila yo. Nan mwa novanm 2017, nan yon atik pou The Guardian, Chigozie Obioma ekri:”Nasyon Afriken yo gen yon depandans total sou sa ki gen pou wè ak filozofi  ak lide politik etranje yo, men tou chanjman epi mouvman yo. Se pozisyon ki pi fèb yon leta ka jwenn tèt li, paske se yon pozisyon restavèk kwonik. Sa ki vle di tou, tout sa ki nòmal nan peyi lwès yo, peyi tankou Ouganda oubyen Togo ap adopte yo.” 

Santiman sa a se li nou ap viv ann Ayiti ak gouvènman ki sou pouvwa kounye a. 

Depi yo nonme yo sou pouvwa a, ni Trump ni Moise ap dirije menm jan an, nan montre yon mank respè pou leta de dwa, pandan yo rete bouch be sou zak vyolans, e yo pa manifeste okenn anvi pratike yon lidèchip responsab. Petèt Moise, ki benefisye lèd Etazini, ap enspire li de Trump epi repwodui menm konpòtman destriktè entimidatè ameriken an genyen anndan pwòp teritwa li.  

Nan mwa me ak jen, tout 50 eta Etazini yo te leve kanpe pou manifeste apre polis Minneapolis tiye George Floyd. Ameriken ki ap fè fas ak inegalite ekonomik ak rasyal, nan tout rakwen sòti pran lari a pou mande chanjman. Kisa Trump te reponn? Yon apèl pou lalwa ak lòd sa ki ankouraje ajan lokal yo ak federal yo atake manifestan yo ak bal an bwa an kawotchou, ak kout pwen, ak matrak epi gaz lakrimojèn.  

Menm sèn lan te pwodui ann Ayiti pandan menm moman an. Ak gang ki ap ogmante, ensekirite ekonomik ak mank transparans gouvènman an plas la, gen yon kòlè ak yon lapèrèz ki anvayi popilasyon an, sa ki vin fè plizyè aktivis pran lari pou mande chanjman devan ministè Jistis la. Menm jan ak Ozetazini, polis atake aktivis yo ak gaz ak lòt taktik pou entimide yo. 

E sa poko fini. 

Si nou tounen nan dosye eleksyon ak transfè pasifik pouvwa yo, ni Moise ni Trump fè konnen yo ta pito jwe wòl gwo diktatè olye yo prezidan demokratik. An jiyè 2020 nan yon entèvyou ak Chris Wallace sou Fox News, Trump refize fè okenn kòmantè sou si li pral dakò ak rezilta pwochen eleksyon pou Mezon Blanch lan. Li reponn  san li pa bat yon plim je l: “Non, mwen p ap di wi. Mwen p ap di non, e mwen pa te fè sa non plis dènye fwa a.”

Menm semen sa a, Moise lage pinga pa li. Nan yon evènman ki te fèt pou yon dyalòg kominotè, prezidan ayisyen an anonse okenn moun paka retire pouvwa a nan men li ak pati politik li. Li pran yon pa davans sou Trump lè li di byen serye, okenn moun nan peyi a pa gen otorite pase li. 

Sou papye, Ayiti pa ta dwe chita nan menm bato ak Etazini tankou de bon patnè, ki ap navige sou rivaj sistèm peze souse. Kòm de (2) pi ansyen repiblik emisfè oksidantal la, de (2) nasyon  yo reprezante  2 ideyoloji totalman diferan: youn reprezante sipremasi blan an  ak konkèt vyolan, epi lòt la ilistre posibilite ak lespwa pou leberasyon moun Nwa. Men kounye a, yo rejwenn tèt yo pou tout move rezon yo. Dirijan yo sanble detèmine pou yo detire kò yo san yo pa epanye okenn moun sou wout yo. Mwen sipoze, ak yon prezidan ameriken ki tèlman detèmine pou li pwoteje ak fè pwomosyon pouvwa ekekitif la, rasism, omofobi, milis sitwayen elt., nou paka sezi si yon lòt nèg ki pran pòz gwo ponyèt pwofite moman istorik sa a pou li fè menm bagay la. 

Viv moman nou pa janm viv sa yo, fè nou santi bèt ki bay sipremasi blan, patriyaka, ak pil lòt peche, resi ap trepase epi l ap eseye rale tout moun li kapab ak li nan dènye moman sa yo. 

Pou nou di li pi senp, jan nou kontinye reponn a 2 fawouchè sa yo ap detèmine mòd vi ak avni nasyon nou yo, ak nan ki bato yo ap ye nan jenerasyon ki ap vini yo.  Aktivis ayisyen ak ameriken ap montre mond lan kisa sa vle di lè ou kwè nan kreyasyon yon nouvo mond, menm jan zansèt nou yo te fè sa gen plizyè santèn lanne. Aktivis yo pa sèlman imajine yon nouvo mond, men tou, y ap travay pou mete nouvo mond sa sou pye nan moman prezan an pandan y ap fini ak lide tann chanjman nan yon avni nou paka wè. Se devwa nou pou nou kanpe ak yo, pou nou sipòte yo, motive yo, rejwenn yo nan konba a epi jwenn yon jan pou nou sansibilize lòt pou nou ka pi plis. 

Pandan mwen pa konn kijan sa ap fini, mwen ap prete vwa larezon Thomas Paine yon lòt fwa ankò pou mwen ekri youn nan fraz li yo: “ Gouvènman [dwe] gen pou objektif kè kontan jeneral. Lè ou pa fè sa, sitiyasyon an kreye epi ogmante mizè nan tout pati sosyete a, se yon move sistèm, e chanjman vin nesesè.”

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY