Revolisyon Kiba

0
127
Aba anbago kont Kiba

Yon revolisyon dwe toujou pike pou pi devan, paske si li rete anplas, l ap fin pa fè bak. Fòk nou analize, kesyone, peze pwogrè k ap fèt. Annefè, nan peyi Kiba, depi lontan te gen yon kokenn kanpay pou korije erè, rektifye tandans negatif, egzamine metòd travay, òganizasyon estrikti nouvo sosyete a. 

Pa gen okenn fòmil majik pou konstwi, òganize yon sosyete pou tout moun kapab jwenn yon mòso lavi. Pa gen resèt tou fèt pou garanti devlopman ekonomik ak sosyal yon ti peyi tyèmonn. Kiba sitiye ak 90 mil tou prè Etazini, pi gwo pisans enperyalis sou latè, ki pa dakò ditou ak lide egalite, fratènite, libète sosyalis la. Wachintonn kenbe yon blokis ekonomik kont zile a, li pa pèmèt komès ak medikaman antre sòti Kiba, anplisdesa, l ap plede fè tout kalte menas ak agresyon kont peyi Jose Marti ak Fidèl Castro a.

Sistèm sosyalis nan Kiba pataje richès peyi a nan yon fason ki pi jis. Tout sitwayen Kiben gen sèvis medikal ak edikasyon gratis, tout moun kab manje vant plen, tout moun gen kay pou yo rete,  epi tout moun gen dwa pou yo pale di sa yo panse sou sa k ap pase nan peyi a. 

Depi kanpay rektifikasyon an te lanse nan lane 1986, anpil chanjman gentan fèt. Youn nan egzanp nou kapab pran se nan koze konstriksyon edifis pou popilasyon an, yo te envite travayè tout pwofesyon ki vle fè travay volontè, nan de tan twa mouvman yo antre nan konstwi kay, lekòl, lopital. Nan vil Laavàn sèlman yo bati 2215 klinik kominotè, 20 poliklinik, yon lopital pou timoun, 9 lopital pou matènite, 4 sant syantifik, 114 jadendanfan, 24 lekòl espesyal pou timoun andikape. Yo konstwi izin, abatwa, lekòl segondè ak lekòl prime. Moun yo te travay ak yon ideyal paske yo te vle reyalize kèk bèl mèvèy nan peyi yo. Rezilta yo te fantastik, se yon prèv klè pèp kiben an ap pote byen wo drapo sosyalis la.

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY