Rasin Defi aplikasyon deklarasyon dwa moun an Ayiti

0
1176

Peryòd XVIIIe syèk la konnen de (2) revolisyon, revolisyon ameriken epi revolisyon fransè a. Mistik revolisyon ameriken an genyen gwo enfliyans sou revolisyon fransè a[1]. Revolisyon sendomeng lan pa t genyen menm nati parapò revolisyon fransè a. Revolisyon fransè a te chita sou yon nati boujwa, lòt revolisyon an se batay kont esklavaj, rasis, gwo plantasyon, elatriye. 

Nan peyi Lafrans aprè lamonachi, genyen yon nouvo sèman sivik ki soumèt (dekrè 14 dawout 1792) kote reprezantan asanble yo fè sèman pou yo rete fidèl ak nanchon an epi fason pou yo konsève libète, egalite ak fratènite oswa mouri pou defann valè sila yo [2]. Nan period XVIIIe syèk la, kesyon libète, egalite epi fratènite t ap fè fas gwo konfisyon nan sosyete fransè a. Premye konfisyon an te chita bò kote moun ki t ap defann revolisyon fransè a; nan yon dezyèm tan bò kote Lafranmasònri. Malgre sa a, revolisyon fransè a rezime politik li suivan twa (3) mo : libète, egalite epi fratènite. 

[3]Selon Saint-Victor Jean-Baptiste (Sen-Viktò Jan-Batis), lide libète a t ap taye banda nan Sendomeng bò kote kaptif yo nan batay pou Lendepandans lan, sitou avèk Padre JEAN nan lane 1679. Modèl batay kaptif yo te chita nan rasin filozofi yo, pou yo rive genyen yon «Citoyenneté Pleine » [4], pwofesè Jean Anil Louis-Juste (Jan Anil Lwui-Jis) nan kad rechèch li yo manyen tèm « Citoyenneté pleine » lan, nan kontèks soulèvman jeneral kaptif yo nan Sendomeng nan lane 1791. Modèl sitwayènte sa a ale nan sans opoze lòt modèl yo ki pa total, sa vle di yon modèl ki pa konkrè, ki pa pèmèt jwisans dwa yo ak libète yo nan tout totalite yo. Pwofesè a panse revolisyon 1791 lan poze veritab baz demokrasi a, nan sans libète epi egalite ki konkrè a. Nan pèspektiv sa a, tematik sitwayènte a voye nou « nan libète tout moun anndan sosyete a epi nan kesyon demokrasi a »[5]. 

Jan Anil montre nan revolisyon 1791 lan, fason kaptif yo t ap poze veritab baz demokrasi a li te depaman parapò modèl oksidantal la. [6]Konsepsyon demokrasi oksidantal la kontribye nan mete èn kont li, paske li soumèt dwa moun yo, lwa ekonomik yo ki dwe suiv yon sèl direksyon, nan yon lide ki fè kwè yo paka chanje epi nan fason oksidan soumèt lwa syantifik yo. 

Kesyon dwa moun yo, konsidere kòm yon veritab lwa nan tout politik oksidantal la. [7] Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo, Nasyonzini adopte li nan asanble jeneral nan dat 10 desanm 1948, li se disip Deklarasyon Endepandans peyi Etazini a, menm jan li te pwoklame nan Vil Filadèlfi nan dat 4 Jiyè 1776. Prensipal moun ki te ekri Deklarasyon an nan Filadèlfi, Benjamin Franklin, Thomas Jefferson ; moun sila yo te kite sou tè yo, aprè lanmò yo, plis pase 200 esklav pou moun ki eritye yo. Sepandan, nan atik 1, yo ekri : « tout moun fèt lib, egal nan diyite epi nan dwa yo. Nan atik 3 : « tout moun genyen dwa pou genyen lavi, libète epi jwenn sekirite. Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo chita sou menm atik sa yo, elatriye, men li ajoute dwa sou zafè travay, garanti dwa sivik ak politik fanm yo [8]. 

[9] Dwa Entènasyonal Imanitè pran nesans nan peryòd XIXe syèk la ; dwa moun yo jwenn sous li nan rasin enspirasyon filozòf Limyè yo men li parèt sitou nan peryòd XXe syèk la, aprè dezyèm lagè mondyal nan yon kontèks diktati t ap vale teren. Objektif yo se konsève lavi, diyite epi sekirite moun yo. 

[10] Istorikman, genyen konjonkti ki konn fè Leta pa respekte konvansyon Dwa Moun yo. Dwa moun yo aplike nan tout sitiyasyon kote vyolasyon dwa moun ap fèt. Li aplike sitou nan moman genyen lapè, kote li garanti libète moun genyen pou yo pale epi ekri, libète pou moun yo òganize yo epi dwa yo genyen pou yo vote, libète relijyon moun yo epi garanti dwa pou moun yo genyen pou yo viv nan libète byennèt la, elatriye. 

[11]Asanble Nasyonzini pwoklame, Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo, kòm yon vizyon tout pèp, tout Nasyon dwe genyen pou li konkretize. Nan peyi Lafrans Deklarasyon Dwa Moun yo fèt nan dat 26 dawout 1789, li fè pati dwa konstitisyonèl fransè a. Dwa Moun yo konstrui pou yo fè respekte diyite moun yo. Sepandan modèl dwa sa yo pa t konsidere dwa sosyal ak dwa politik fanm yo, elatriye. 

[12]Nan nivo entènasyonal, dwa moun yo konsidere kòm yon konvansyon. Dwa moun yo konpoze twa (3) jenerasyon. Premye jenerasyon dwa moun yo parèt nan peryòd XVIIIe syèk la, li chita sou lide “libète” sa vle di li karakterize dwa sivik ak politik yo. Dezyèm jenerasyon dwa moun yo konpoze dwa ekonomik yo, dwa sosyal yo epi dwa kiltirèl yo. Twazyèm jenerasyon Dwa moun yo genyen nan nannan li dwa solidarite yo, sa vle di dwa moun yo genyen pou yo makònen lòt òganizasyon, lòt peyi pou yo batay kont dezòd klimatik la nan lide pou yo viv nan yon anviwònman ki sen ; dwa moun yo genyen pou yo fè devlopman, dwa pou yo jwenn lapè epi dwa moun yo genyen pou yo jwenn èd imanitè, elatriye. [13]Genyen plizyè kritik ki fèt sou modèl jenerasyon dwa moun yo, parekzanp, premye jenerasyon an ki senbolize vizyon oksidantal monn lan. 

Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo genyen yon kokenn obligasyon, tankou, li genyen obligasyon pou li fè respekte lavi moun, libète pou moun yo òganize yo ; obligasyon pou li pwoteje moun yo kont aksyon ki pa legal, kont pèsekisyon epi zak kriminèl; obligasyon pou Leta mete sou plas yon ansanm mwayen pou li konsève dwa moun yo [14]. 

Alòs, Leta an Ayiti ratifye konvansyon ameriken sou kesyon dwa moun yo suivan lwa 18 dawout 1979 kote li pibliye nan jounal ofisyèl peyi a ki rele “Le Moniteur” nan dat 3 mas 1998, nan 195ème lane Lendepandans peyi a [15]. Nan kad yon bilan ki fèt nan lane 2008 sou Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo an Ayiti, bilan fè konnen [16]« prensip Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo miwo miba, yo pa respekte yo nan lemonn, nan sans sa a, genyen yon pakèt defi ki dwe leve, sitou nan yon peyi tankou Ayiti malgre yon kokenn jefò fèt bò kote yon ansanm òganizasyon, enstitisyon, sosyete sivil la, elatriye, ki mobilize pou yo fè respekte prensip ‘’Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo’’. » Nan yon lòt bò pwofesè dwa nan inivèsite Jenèv, Michel Hottelier konprann rapò miwo miba ki genyen nan kesyon respekte dwa moun yo ak òganizasyon Entènasyonal yo oswa miltinasyonal yo se yon veritab menas pou aplikasyon dwa moun yo [17]. Maya Hertig Randall, pwofesè dwa nan fakilte Jenèv, fè yon konsiderasyon kote li mansyone Leta kapab sèvi kòm pwoblèm pou manifestasyon dwa moun yo [18]. 

Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo genyen nan vant li yon ansanm valè demokrasi a ap fè pwomosyon pou li, tankou kesyon tolerans, lapè sosyal, batay kont diskriminasyon, elatriye.

[19]Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo genyen nan vant li yon ansanm valè demokrasi a ap fè pwomosyon pou li, tankou kesyon tolerans, lapè sosyal, batay kont diskriminasyon, elatriye. Valè sa yo pa dwe nan avantaj yon gwoup oswa yon kan sa vle di pou yo tounen chwal batay yon fòm demokrasi militan. Nan sans sa a, li dwe nan avantaj tout moun, si n ap konsidere youn nan 14 prensip Bwakayiman yo, [20] « tout moun se moun pa gen moun pase moun». 

Alòs, si n ap konsidere apwòch pwofesè Maya Hertig Randall la kote li mansyone Leta kapab sèvi kòm yon veritab pikan kwenna pou manifestasyon dwa moun yo, elatriye ; nou ta vle chache konnen : Ki pi gwo baryè oubyen pikan kwenna nou jwenn sou wout Deklarasyon Inivèsèl Dwa moun (DUDH) nan peyi Ayiti ? 

Pou nou rive devlope yon konpreyansyon sou kesyon sa a, li t ap enpòtan pou nou founi je gade fòmasyon sosyal peyi a, nan yon premye tan ; eseye gade nan yon analiz dyalektik difikilte ki fè demokrasi a paka rive veritableman tabli nan peyi a, sitou pou dwa moun yo respekte aprè rejim Divalyeris la fin kaba, nan yon dezyèm tan.

Malachy BASTIEN, Asp Antwopo-sosyològ, Ekriven.

Asuiv

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here