Rara: Patrimwàn mizik rabòday

0
178
Majò Jon Rara Lewogàn

Maten an se yon yon sèvèl kowona ki t ap pale tout koze salami sèlman ki reveye katye a. Nan makòn tenten l t ap deplòtonnen yo men sa k pi grav li te di. « Tout Rara k ap chante, danse, plonge nan lari yo se plezi lakontantman yo jwenn poutèt yo fin sasinen Jezi. Ki sa moun sa a yo konnen nan agwana ak sasinay nou nonm sa a yo bay pou Jezi a. Epoutan, inyològ pwofesyonèl la pa menm konn anyen nan anyen.

Li pa konnen se menm Jezi sa a l  ap fè avoka l gratis la ki te deside pou l vin mouri gras a peche matchòpwèl li Satan ki se pitit menm papa ak li te fè. Tout sa se pou esplike n aklè sida alyenasyon sa a Loksidan kretyen lage nan kòlèt sèvèl poul yo pa gen remèd. Okontrè, chak jou ki jou l ap vin pi angrave. Kansè alyenasyon sa a se yon chenn asye ki mare sèvo esklav mantal yo. E, malerezman zouti sa a fè n dakò pou Loksidan enperyalis dechèpiye tout richès Ayiti te genyen. Vyèy timenn nou, kanta pou sa k rele Rara ak lòt kalib anbyans yo, se pwennfèpa !

Menm bonm atomik ki te depatcha Iwochima ak Nagazaki, de vil Japon nan senk minit la pa fouti brinding zouti rezistans sa a yo. Premye fwa m asiste defile Rara nan Jandeni nan Latibonit pou pak 1986, se te yon gwo mèvèy san parèy. Moun moun sou moun !!! Te menm gen yon bann kote chak moun gen yon manchèt koulin byen file nan menn yo. Kout tanbou, kout vaksin, kout banbou pèdi lavi yo.

 Ki kote Rara sa a do soti ?

Jiskaprezan tout moun rive dakò, Rara se youn nan pi gwo koudyay kilti lakay apre madigra ? Nan yon rechèch Emanyèl Ibè te fè e l te pibliye jou ki te 2 avril ane pase a. Jiskaprezan, okenn antwopològ, ougan, sèvitè po ko janm antann yo pou di aklè ki kote rara a soti vrèman. Litch G. Bastyen, youn nan fondatè « Plen grennen rara » fè konnen, an Ayiti rara koumanse ak Tayinòs yo.

Fòk nou fè n sonje Tayinòs sa a yo n tande a se yo ki te abite sou Zile a anvan Kristòf Kolon ak yon kolonn kolon kriminèl parèy li yo te debake an bourik vin pote bondye Loksidan an yo nan 3 gwo bato azipopo ba yo. Pou lapenn tou, nan non krèy bondye Izrayèl pa yo a, blan krentyen Loksidan enperyalis arivis sasinen yo grenn pa grenn apèn si yo kite kèk grenn, ki te gen tan kraze rak. Se bon pye yo ki sove yo.

Pou n retounen sou nannan koze a, Tayino yo ki te abitan Zile yo te toujou ap fete fèt solèy la. Kou n pale sou Tayno yo, n pa ka pa sonje yon fanm vanyan ki te rele rèn Anakawona. Pou listwa se rèn Izabèl yo fanm parèy li te pase lòd pou mare l rèd nan yon poto nan mitan yon kay pike dife sou li kankannen l tou vivan jis li tounen sann. Kèk chèchè ta menm fè n konnen, se te nan epòk sila a, ak menm Tayino sa a yo bèl tradisyon bon mizik ak bèl degizman ki rele rara a te koumanse ouvè zèl li sou bout tè a. Men ta sanble se sitou nan Depatman Latibonit  abitan yo te koumanse pran plezi rara.

Yon fenomèn kiltirèl

Yon lòt kote, yon otè tankou Tidiri Mede kwè rara soti depi nan Ginen. Sa vle di depi nan rasin nou nan peyi Nago mizik rara te koumanse layite kò l nan chak gout san nan venn nou. Rara se yon fenomèn kiltirèl ki la pou mete anbyans, plezi sitou nan zòn pwovens yo ak nan kanpay yo prejije fè anpil sèvèl vid rele andeyò yo. Nan yon atik jounal Nouvelis te pibliye, Mesye Bonnavanti te pale sou divès otè ki yo menm te wè rara nan fason pa yo.

Mizisyen rara an Ayiti

Pou limenm, orijin rara a varye selon moun ki ekri l la. Dapre sa Bonavanti ekri pèsonn pa fouti rive di aklè vre ki kote plezi gratis sa a ki rele rara a soti. Genyen ki di se depi nan Lafriken Ginen, genyen tou ki di se yon eritaj Tayino yo ki t ap viv nan lapè sou Zile a anvan kolonizasyon te vin disparèt yo kou kout zèklè. Genyen tou ki fè konnen rara gen yon orijin kolonyal paske esklav yo te gen pèmisyon pou yo te danse, chante nan fen semèn ki vin apre kanaval la.

Se mèt yo (sanginè san kè, san zave, san zantray yo rele kolon yo) ki te ba yo l pou yo te yaya kò yo nan twa dènye jou semèn sent. Anvan sa, rara a yo te pote non « Chayopye » paske nan epòk sa a se te pye ak bouch moun yo ki te konn sèvi kòm enstriman nan lide pou mete bèl anbyans ak plezi pou fè moun yo danse, plinge, sote ponpe nan yon bèl anbyans mizik ak degizman.

Rara nan Nò ak Yogann

Jackson Jinyò Renvil li menm pale de rara nan yon bèl atik. Selon li menm nan peryòd Wa Anri Kristòf rara pat gen dwa parèt pwent tèt nan mitan kè lavil pou l vin banbile. Se sitou nan kanpay yo te ba yo dwa pou yo te rete bay plezi lajounen kou lannwit. Efektivman w gen pou w jwenn se nan Yogann, Lakayè Jandeni, Tirivyè Latibonit, Bomon, Dichiti nan depatman Grandans w plis jwenn rara ki mache bon jan rabòday orijinal la. Sa vle di ak enstriman orijinal yo.

Epi kalib rara sa a yo pat konn gen enstriman ki soti nan peyi loksidan an yo tankou twonpèt, saksofòn, twonbòn, tanbou elatriye. Si rara ka vin kale kò yo lavil se jounen jodi a. Se vre anyen pa klè sou ki kote rara a soti, sa pa anpeche gen atwopològ ak chechè ki sèmante sou lanmò grann yo pou di kolonn Kolon te vin jwenn Tayino yo pe mayimoulen kò yo vire ren yo pran plezi yo nan plezi rara te konn ba yo nan peryòd yo bay pote non senmenn sent.

Yo fè konnen nan peryòd sa a Tayino yo nonm Kristòf la te rele Endyen yo men ki pat gen anyen pou wè ak Endyen orijinal yo vre yo te konn Fete Ekinòks Prentan. Se nan tradisyon pa Maya a yo te konsakre pou yo bay lanati glwa nan fason pa yo. Yo te konn plis fete 3 bagay ansanm. Mayi, Lò ak Rèn Solèy. Jòzè Wonal Dotrich li menm ki pe fè gwo etid pou l ka vin dòktè nan etnoloji ak nan patrimwàn nan Inivèsite Laval an Frans ta fè konnen.

«  Tradisyon ki pale nan bouch sèlman fè konnen Rèn Anakawona ki te fèt Yaguana, kote nou rele Yogann kounye a se te zanmoure Kawonabo. Lè w tande manzè a pral wè nonm li nan Latibonit, se te yon kò mizik ki te konn akonpaye l ». Marilwiz Woèl ki se pwofesè lekòl pou timoun e ki se madanm istoryen Jòj Michèl kore kare bare tout koze antwopològ Jan Koulanj di yo.

Pou tout sa madanm nan di yo rara la depi lontan anvan kolonn kolon yo te debake an bourik vin sasinen piye fè kadejak sou Tayino yo te vin jwenn sou zile a. « Nan peryòd sa a Abitan Zile a te konn òganize gwo fèt pou bay ochan pou Solèy ak Lalin. Yo te konn fè krèy pou yo sot nan yon Kasika ale yaya kò yo nan yon lòt kasika jan w wè rara a yo fè l la. Lè blan panyòl yo koumanse sasinen Tayino yo pa pil ak pa pakèt yo te Zansèt nou yo ki te sot nan Lafrik Ginen te koumanse al pote kole ak sa k te rete yo ».

Mòd òganizasyon Rara

Yon bann rara se tankou yon bon jan sosyete sitou nan mòd òganizasyon l. Chak rara  gen yon prezidan, yon prezidan an apre, yon gouvènè, yon koumandan ak yon kolonèl. Se sa Jan Koulanj ki se antwopològ fè konnen. W ap jwenn to sanba a ak majò Jon an ki fè sa l pipito ak jon an. Se nonm sa a ki mete piplis piman nan plezi rara a. Men rara nan lavil yo jounen jodi a pa prèske gen majò jon ankò.

Jounen jodi a se yon anperè ki pran plas kolonèl la. Men pa konprann se yon bagay konsa konsa se sitou sosyete bizango yo ki lakòz sa. Pa konprann Majòjon an la sèlman pou bèbèl. Menm si w ta wè misye piti men l pa mens ditou ditou. Pa konprann ou ka vin monte sou li konsa konsa. Ou ka jwenn ak zo grann w. Kote w wè l ye a l gen pouvwa pou l goumen ak yon lòt bann rara poukont li. Yon nonm ak yon fwèt kach la pou kwape tout dezagreman. Bann nan pa gen dwa kite lakou l san kolonèl la ansanm oungan pa ba l lòd. Si se pa sa sa l pran se pa l.

Konn gen gwo malè tou

Tout peryòd pran depi mèkredi lèsann pou rive jis dimanche pak gen de kote tankou Yogann yo konn fè sa yo rele est agap. Sa vle di chak bann nan lokazyon fèt yo fè gwo fèt nan lakou l. Pou ane sa a menm, malerezman gen yon gwo aksidan ki rive nan bann rara kòm sa konn toujou rive anpil lòt ane yo. Sou pon Dimez nan rantre lavil Jakmèl, gen yon kamyon ki pote boure sou yon bann moun ki te nan rara.

Menm kote a gen 3 moun ki travèse san yo pa menm bat. Apre sa gen youn nan 62 blese yo ki al kouche sou kabann lopital. Enfòmasyon k rive jwenn nou ta fè konnen gen anpil nan rès blese yon ki rive jwenn lanmò yo yèswa. Pou sa ki rapòte, gen yon kannòt ki t ap mennen anpil nan yo nan yon lòt lopital ki ta koule akòz move tan. Nan aksidan sa a ni malad, ni kòd fanmi ni zanmi ki te ak yo ta mouri neye. Malè pa malè chak lane plezi Rara nan tout peyi a se toujou yon bagay malè, men nan bon sans lan.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here