Prezidan Preval, kote Lovinsky. Pierre Antoine?

0
627
Prezidan Preval, jodi a, m vin fè w konnen Lovinsky Pierre Antoine disparèt depi 2 zan, depi 12 out 2007.

Prezidan Preval, papa, nou konnen ou soud, ou bèbè. Men nou konnen tou, ou soud, ou bèbè lò w vle, lò w pa vle pale nan kòz pèp la. Nou konnen gen lontan ou mare sosis ou ak fòs fè nwa yo, ou plòtonnen ak boujwazi a, ak blan meriken, ak fòs Minustah a. Nou konnen ou bay pèp la do depi kèk jou. Fò m di tou, ou pat janm ba l fas nonplis. Ou trayi tout mounn ale pou vini. Ou trayi marasa a, ou trayi fanmi a, ou trayi lanperè, ou tray lapatri, ou trayi pèp la, ou trayi depi se sa k ap travay pou kòz pèp. Se konsa ou vin trayi Lovinsky Pierre Antoine, ou vin trayi travay an pwofondè li t ap fè pou avanse kòz mas yo, pou eseye kreye yon mobiliszasyon ki pou ta fòse okipan an bay talon l.

Prezidan Preval, papa, 12 out sa a fè 2 zan depi konpatriyòt Lovinsky kite kay li. Yo fè l oun kout telefòn, yo ba l oun randevou preseprese. Lovinsky kite lakay li brid sou kou. Kout tele-fòn sa a se te yon bon jan pyèj paske depi lè sa a, fanmi l, manm oun delegasyon entènasyonal li t ap pilote nan peyi a pa janm wè l pou jouk jounen jodi a. Nan tout lang, sa rele yon disparisyon. Pa nenpòt ki disparisyon. Disparisyon yon òm politik tout mounn konnen, yon militan politik aktif, yon aktivis ki alatèt tout manifestasyon ki fèt pou mande jistis, pou mande retablisman dwa granmounn peyi a, yon nèg totalkapital ki te idantifye l ak Fanmi Lavalas. Kivedi, prezidan Preval, yon mounn ki pat yon n’importe qui. Depi disparisyon Lovinsky Pierre Antoine, Prezidan Preval, tout kalite demach fèt kòmsadwa e akidedwa. Lèt al jwenn laprezidans, Primati, Palman, ministè lajistis, Polis nasyonal la, ONU, OEA, elatriye. Malgre tout aktivite ekri sa yo, pa janm gen oun mouvman ki fèt kòmkidire ankèt ap fèt. Fanmi Lovinsky, kidonk madanm ak 2 pitit, rès fanmi a, zanmi Lovinsky, kanmarad militan Lovinsky, pèsonn pa janm tande ki mò ki touye lanperè, ki mò ki touye Lovinsky, ki men kriminèl ki disparèt Lovinski, ki «laboratwa» nan peyi a ki pran Lovinsky pou al fè esperyans sou li. Mounn ki sèvi nan laboratwa sa a, eske se sèvo kretyen vivan yo manje osnon kè yo, osnon fwa yo, lò yo fin touye yo? Pale n byen, prezidan Preval.Prezidan Preval, pa pran pòz egare w, pa pran pòz ebete w, paske nou konnen ou pa kapab pa nan le secret des dieux. Si ou pa konnen sa k rive Lovinsky, genlè se pa ou k prezidan peyi a. Genlè ou s oun pòtre Blan yo met la pou veye zafè yo, pou fè ajenda yo mache. Si ou pa konnen, s oun lawonte, c’est une vraie honte ! Jan grann mwen te konn di l la, genlè ou s oun prezidan bouch sakèt dyòl fobo, kidonk oun prezidan initil, oun prezidan restavèk, oun prezidan tyoul. E si ou konnen sa k rive Lovinsky Pierre Antoine, e si dyòl fobo a pa janm pale, si bouch sakèt la pa janm di kwik, ou s oun bon jan mechan.

Lovinsky Pierre Antoine ak manm Fondasyon 30 septanm yo nan yon manifestasyon

Se kab pa ou menm menm, prezidan Preval, ki disparèt Lovinsky oubyen ki mande pou disparèt nonm lan, men jan Lafontaine te ekri l la, «si ce n’est toi, c’est donc quelqu’un des tiens», yon rastakwè ansasen, oubyen oun grap atoufè k ap travay pou yon patwon ki ba yo lòd pou fè malveyans. Sa m rele «lè 3 ki» : ki moun (pou disparèt), ki lè, ki jan. Prezidan Preval, nou pa ni ti mounn nan lakou plètil ni ti grangou nan lakou tanprisouple. Kidonk, ou pa ta kab konprann pou rete ap betize fanmi Lovinsky yo, betize kanmarad li yo, betize tout nasyon an, betize zanmi progresis etranje Lovinsky yo, jan w ap fè l la depi 12 mwa dout 2007 lan. Abraham di sètase, prezidan Preval.

Fanfan Latulipe

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here