Premye me Jounen Entènasyonal travayè yo

0
2652
Yon santèn travayè bravedanje te reyini nan Kafou rezitans, se non sa a yo batize kafou Ayewopò kounyea. Foto yo: Elysée Luckner Vil.

Vandredi Premye Me 2020 nan kad jounen entènasyonal dwa travayè yo, diferan òganizasyon popilè ak sendikal pat vle kite jounen sa a pase san yo pa manifeste kòlè kont gouvènman Jovenel Moise/Jouthe Joseph la. Se konsa  MOLEGHAF, ANNIH, Fòs Kanapevè Reveye ak Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè te deside pran lari malgre konfinman an.

1500 goud ouvriye ak ouvriyèz yo mande pou salè minimòm lan.

Yon santèn travayè bravedanje te reyini nan Kafou rezitans, se non sa a yo batize kafou Ayewopò kounyea. Se la yo te derape manifestasyon Premye a, ki se yon mach militan, paske sa ak anpil militans manifestan yo te pase kanpe devan kèk biwo Leta tankou Ministè Edikasyon nasyonal ak Ministè Afèsosyal kote travayè yo te delivre kaye revandikasyon yo.

Travayè ak Sendika yo k ap revandike dwa yo.

Men kèk revandikasyon yo :

1) ONA pa dwe la pou anrichi gwo zotobre nan leta ak gwo komèsan pwoch pouvwa a

2) 1500 goud ouvriye ak ouvriyèz yo mande pou salè minimòm lan ak bonjan akonpayman pou ouvriye yo kont pwopagasyon kowona viris la

3) nominasyon prese etidyan finisan lekòl nòmal siperyè yo ak bonjan limyè dwe bay populisyon an sou lajan ki ta dwe peye sena a, Jovenel te di : kòb sa a pral konstwi Lise nan tout peyi a.

Se yon mach militan, paske manifestan yo te pase kanpe devan kèk biwo Leta.

4) Gouvènman an dwe  bay rapò sou lajan Kowona viris la. Sa k pi rèd la, yo pa menm gen yon sant depistaj nan peyi a pou bay swen ak moun ki enfekte yo.

5) Pou lajistis nasyonal peyi a pran reskonsablite li nan kesyon gagòt lajan Petwokaribe a

Manifestan yo sou tout wout mach la, pa t janm sispann chante : yo paka tann 7 Fevriye 2021 rive pou Jovenel Moyiz bay demisyon l epi pou l al nan penitansye nasyonal.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here