Pozisyon Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen (FPSPA) sou nòt Fowòm Ekonomik Sektè Prive a

0
1878
Gregory Brandt yon manm Fowòm Ekonomik Sektè Prive Ayisyen an

Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen paka kwaze bra li sou pozisyon politik Fowòm Ekonomik Sektè Prive a pran sou konjonkti politik n ap viv jounen jodi a. Nan yon nòt li mete deyò 13 desanm ki sot pase a, Fowòm Ekonomik lan voye yon piga bay KEP la pou li pa manyen dat 29 desanm lan malgre tout kontestasyon, iregilarite, magouy ak fwod ki koumanse parèt aklè nan verifikasyon eleksyon 20 novanm lan. Kidonk, Fowòm Ekonomik lan ap klewonen yon sèl kout kle menm jan ak PHTK. Pandanstan, y ap voye jete tout fòm pwotestasyon k ap fèt kont eleksyon 20 novanm yo. Pou noumenm nan FPSPH, pozisyon sa antre nan kad yon gwo konplo ki vize oryante desizyon KEP la, kriminalize lit sosyal ak popilè yo epi enpoze peyi a yon pwojè eksplwatasyon, dominasyon ak piyaj ranfòse.

Kisa Fowòm Ekonomik lan ye? Fowòm Ekonomik Sektè Prive a se yon espas ki regwoupe yon ansanm bizismann, majorite ladan yo se etranje ki kouvri tèt yo anba drapo ayisyen pou yo brase anba dra enpinite. Fowòm nan gen landan l asosyasyon patwon sa yo  : CCIH, ATH, AMCHAM, DIGICEL, COMME IL FAUT, APB, ADIH, GFN elt. Kidonk nou ka konprann pou kisa DIGICEL ki se yon manm Fowòm Ekonomik lan, ki te enplike nan fè kanpay pou kandida PHTK a (Jovenel Moyiz), te gentan pibliye rezilta eleksyon 20 novanm yo nan menm sware eleksyon an. Alòske pwosè vèbal yo potko menm rive nan sant tabilasyon an.

Pou listwa ak pou enfòmasyon mas yo, n ap fè sonje se Fowòm Ekonomik lan ki alabaz lwa HOPE I nan lane 2006, HOPE II nan lane 2008, lwa HELP nan lane 2010, yon seri lwa ki louvri vant ekonomi peyi a bay kapitalis entènasyonal ak pwodiksyon etranje lib e libè pandan y ap sèvi koutye kapitalis sa yo nan eksplwate fòs travay mas travayè ayisyen yo ak yon salè mizè. Lwa sa yo vote nan palman ameriken, men y ap aplike an Ayiti, san yo pa janm pase devan palman an (malgre nou konnen tout pwoblèm palman ayisyen yo genyen).

Pandan tout manda Mateli a , sou chak 100 goud ki rantre nan kès leta se apèn 8 goud Fowòm Ekonomik lan peye. Alòske rès popilasyon an bay plis pase 60 goud sou chak 100 goud nan kès Leta atravè taks l ap peye. Soti lane 2008 pou rive 2014, sektè soutretans nan kreye anviwon 9000 djòb. Alòske sektè agrikòl la bay plis pase mwatye nan popilasyon an travay. Se ak zong yo, san api Leta ak sektè prive a, peyizan yo ap pwodui preske mwatye nan manje nou konsome nan peyi a. Laprèv, sou chak 100 goud bank yo prete sou mache a, se sèlman 90 kòb (santim) ki ale nan agrikilti. Epi se anviwon 8 pou 100 nan bidjè Leta a ki swadizan ale nan agrikilti. Pifò montan sa a, se nan pèdiyèm ak nan salè li depanse.

Jan nou tout  konnen li, boujwazi koutaye a, pa janm sispann deplimen Leta a nan fè kontrebann, nan kontwole dwàn piblik yo epi nan kreye pwòp dwàn pa yo (SEDREN, Varreux, Lafito, Waf Jeremi elt) kote yo debake dwòg, zam ak tout lòt machandiz. Nan sans sa a, nou paka bliye kèk ka espektakilè tankou debakman bato dwòg sikre Marc Antoine ACRA nan dat 5 avril 2015 nan pò Pòtoprens; premye debakman kagezon zam ak minisyon nan pò Senmak la nan dat 8 septanm 2016; kagezon zam nan pò lafito ki se pwopriyete gwoup Gilbert BIGGIO nan dat 8 novanm 2016 ; san nou pa bliye ka lafanmi BRANDT ki istorikman melanje nan yon seri aksyon sal epi kriminèl tankou: arestasyon papa ak pitit Brandt pou kontrebann nan lane 2008, arestasyon grandyoz Cliford BRANDT nan lane 2013 pou kidnapin. Nan domèn enèji, yo kreye pwòp konpayi enèji pa yo tankou : E-power, SOGENER ak HAYTRAC pou fè komès blakawout sou do pèp la. Jounen jodi a, Gregory BRANDT ak Reginald BOULOS ap fè e defè nan mete pouvwa ak desann pouvwa nan peyi a pandan paran plis pase 200 timoun ki viktim siwo anpwazonnen BOULOS yo poko janm ka jwenn jistis ak reparasyon. Ki vyolans ki pi grav pase vyolans boujwa sa yo ap fè sou pèp la ?

Pandan Fowòm Ekonomik lan ap preche estabilite, lapè ak non vyolans, nou ta renmen konnen pouki rezon li rete bèbè sou mizè pèp la, sou okipasyon peyi a ak sou pil ak pakèt ayisyen k ap kouri kite peyi a pou ale Brezil, Chili, Meksik ak Etazini nan move kondisyon? Pouki rezon Fowòm Ekonomik la fèmen bouch li sou plis pase 10 mil ayisyen kolera/MINISTA touye nan peyi a, akote plis pase plis pase 1 milyon lòt ki te blije ale sou kabann lopital? Pouki rezon Fowòm Ekonomik lan refize peye travayè ak travayèz 500 goud pou pi piti, pou yo pa mouri anba salè tibèkilòz la?

Pa gen kachkach liben, li enpòtan pou tout Popilasyon an klè sou reskonsablite Fowòm ekonomik la, asosiyasyon patwon yo ansanm ak tout sistèm grandon-boujwa yo genyen nan sitiyasyon move lavi k ap deplòtonnen nan peyi a jounen jodi a. Malsite, salte tout kote, paka manje, pa gen ledikasyon, pa gen laswenyay, pa gen travay, ensekirite, pa gen kay – bidonvil elt… ; tout sa se REZILTA politik eksplwatasyon, lopresyon ak dominasyon boujwa yo (sou dikte Enperyalis la) ap aplike nan peyi a depi Dyab te kaporal (kounye a li jeneral). Nou pa gen ankenn dout peyi a p ap janm fè yon pa annavan anba grif boujwazi aloufa sa a.

Li klè, Fowòm Ekonomik la ap defann enterè klas li. Se pou sa l ap defann viktwa li atravè yon kandida ki reprezante enterè l ak enterè enperyalis la. Pou nou menm manm Fowòm Politik SosyoPwofesyonèl Pwogresis Ayisyen (FPSPH), nou ap mande pèp ayisyen kale je li pou li pa kite oligachi a, boujwazi a ak enperyalis yo fòse l vale pwojè pou souse san travayè ak travayèz yo epi pou piye tout ti rès richès peyi a. Menm lè nou gen konviksyon se pa eleksyon k ap rezoud pwoblèm fondal-natal peyi a, nou dwe batay jisko san pou anpeche enperyalis la ak boujwazi a chwazi nan plas pèp la, moun ki pou mennen bak peyi a. Soti 2010 pou rive 2015, ak anpil kout maltaye yo sot enpoze nou 5 lane mizè, 2016-2017 fwa sa se tout bon nou p ap pran sa nan men yo. Nan sans sa, n ap sipòte kare bare tout mobilizasyon k ap egzije bonjan verifikasyon pou bare koudeta elektoral ak falsifikasyon dwa demokratik mas pèp la. N ap pwofite lanse yon apèl pou tout klas defavorize yo, mas popilè yo, travayè tout kalite ak tout moun ki pa dakò pou oligachi a ak pisans enparyalis yo fòse nou bwè yon remèd chwal nan po bannann, rantre nan batay pou nou defann enterè klas nou.

Viv lit mas pèp la !
Viv dwa grandèt majè peyi a !

Moun ki siyen yo

  1. Josué AUGUSMA, Avocat
  2. Jean Willy BELFLEUR, Philosophe, pédagogue
  3. James BELTIS, Sociologue, travailleur social
  4. Nixon BOUMBA, Sociologue
  5. Reynold CELESTIN, Géographe, Anthropo-sociologue
  6. Leonès CENADIN, Ingénieur, Éducateur
  7. Duvenson DALTIRUS, Normalien Supérieur, Enseignant-chercheur
  8. James DARBOUZE, Philosophe, travailleur indépendant
  9. Petit Jean DERINX, Anthropo-sociologue, enseignant
  10. Peterson DEROLUS, Sociologue
  11. Jean Odile ETIENNE, Géographe, Normalien supérieur, professeur d’université
  12. Georges Wilbert FRANCK, Normalien supérieur, enseignant, syndicaliste
  13. Tamas Sauvagna Enock JEAN-PIERRE, Sociologue, féministe
  14. Frantz Junior MATHIEU, Anthropo-sociologue, enseignant
  15. Fresner MICHEL, Normalien supérieur, enseignant
  16. Guy NUMA, Travailleur social, éducateur populaire
  17. Emanuela PAUL, Sociologue, féministe
  18. Djimy PETIOTE, Enseignant, Normalien Supérieur, littéraire
  19. Monnois PIERRE, Normalien supérieur, enseignant
  20. Jean Médy PIERRE-TOUSSAINT, Gestionnaire, Travailleur indépendant
  21. Nélio PROVIDANCE, Économiste, enseignant
  22. Louis Junior RAYMOND, Juriste, Normalien supérieur
  23. Salvatory ST-VICTOR, Administrateur

Pour authentification :

Emanuela PAUL:  47 72 73 88
Jean Willy BELFLEUR: 36 94 24 04

Pòtoprens, 26 Desanm 2016

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here