Pou yon ti limyè sou chimen batay pèp la !

0
1928

« Lide kòrèk yo toujou sèvi pèp yo, lide makawon yo toujou sèvi lenmi pèp yo » Louis Althusser

Li parèt vrèman difisil pou reponn yon tèks ki mal prezante, mal òganize, tankou tèks ki parèt nan Alaso Vol.1, No 2, jiyè-out 2017 sou kriz inivèsite Leta a jounal  Haïti Libète pibliye nan paj 6, edisyon vol 11 # 7 ki te parèt nan dat 23-29 dawou 2017 la.

 Reponn tèks la parèt ankò pi difisil lè w twouve w nan yon sitiyasyon kote yon bò, ou jwenn dirijan Inivèsite Leta a (ILA) ki pa janm rive mete yo alawotè dimansyon kriz ILA a ap travèse a.  Nan plas pou yo pran atan inisyativ konkrè e kòrèk pou chache solisyon dirab kriz la nan mete anplas vwa ak mwayen pou satisfè revandikasyon lejitim etidyan, pwofesè ak anplwaye yo ak lòt gwo pwoblèm inivèsite a, pandan tout longè kriz la, swa yo kwaze bra yo, swa yo fè silans oubyen yo obsève yon atitid kontpwodiktif ki pa favorize denouman kriz la. Ansanm konpòtman, pozisyon ak atitid sa yo plis lage dife sou lwil pase yo mete ansanm aktè ILA yo sou wout pou jwenn solisyon tout bon.

Yon lòt bò, ou jwenn yon gwoup etidyan, pwofesè ak alye yo ki sou chita sou pretèks jistès pifò nan revandikasyon yo anpil aktè nan ILA a ak nan mouvman sosyal demokratik popilè a pataje, pou adopte yon liy aksyon ki trennen yo nan yon seri fòm lit ki depaman ak objektif yo di y ap goumen pou li a. Sa ki mennen yo nan yon seri deriv ki gen tandans avili sans batay yo a, sans ak dimansyon politik batay etidyan ayisyen abitye mennen nan peyi a ak lit pèp la anjeneral.

Men malgre difikilte sitiyasyon an poze e kòm Alaso voye toya sou Ayiti Djanm, òganizasyon an pa ka rete endiferan, li pa dwe rete endiferan paske nan moman latwoublay ideyolojik nap viv la,  gen yon devwa fè limyè pou klere chimen batay la.

Nou pa vle tonbe nan polemik ki pap pote okenn fwi pou lit la. Si pou nou ta reponn tèks sa a, ti moso pa ti moso, sou ansanm latwoublay li charye, nou pa tap janm fini. Anplis se lòt latwoublay nou ta ka pote san nou pa ta vle. Kòm Alaso pretann li se « yon pwopozisyon ideyolojik estratejik ak taktik pou konstwi nouvo sektè pwogresis ayisyen an », nou blije kanmenm pran tèks la oserye.

Nati tèks la

Li difisil pou idantifye nati tèks la. Nou t ap tann yon seri analiz. Sa n jwenn se joure, lage konfizyon epi fè pèsonalizasyon ki rive nan fiksasyon san okenn pèspektiv konsekan. Se pa nan fè analiz sikolojik sa yo, nan lonje dwèt sou X oubyen Y, veritab chanjman revolisyonè a ka rive fèt.

Yon analiz sosyolojik bwete

Tit la anonse yon bagay, lè nou li tèks la nou jwenn lòt bagay. Nou pa konprann kouman se a, Inivèsite Leta Ayiti (ILA), ki ta gen reskonsabilite malè pèp la, jan tèks la vle fè konprann nan. Pouki nan analiz li a Alaso fè silans sou oligachi lokal la ki vle di klas « posedant » ak klas « dirijant » yo ? Pouki silans sou enperyalis yo pou se ILA ki pa te toujou ekziste nan istwa pèp ayisyen an ki ta pou pote yon chay ki pa arimen pou li ? Eske se iyorans, erè oswa yon senp limitasyon ideyolojik ?  Li enpòtan pou nou poze kesyon sa yo paske fasilman nou ka kite bourik pou nou bat, enpi se sak pay n ap bat.

Apwòch ideyalis ak apwòch materyalis

Kòm Alaso site Althusser ak “militan maksis” lè yo pale sou aparèy ideyolojik Leta a, li ta bon pou yo reli oswa « li » Marx ak Engels nan liv b-a ba maksis la ki rele « Manifès pati kominis » la pou konprann demach Marx ki pat yon « refòmatè » sosyal. Marx/Engels te analize ekonomi peyi Lewòp yo, nan peryòd lane milwisan yo (1800). Se analiz mòd pwodiksyon ak rapò pwodiksyon ekonomik yo ki te fè yo konprann mòd òganizasyon sosyete a. Se konsa yo te kapab dekouvri vrè lenmi, vrè zanmi ak vrè alye mas yo, pou trase chimen batay la. Men okontrè nan tantativ analiz Alaso a, yo fè yon kout gidon, yon rakousi mekanik pou asosye ILA a ak lekòl, legliz, medya kòm aparèy ideolojik ki pa inosan nan mizè pèp la, pandan yo fè silans sou rapò pwodiksyon ekonomik yo. Se yon analiz tèt anba ki mennen yo nan goumen ak pwòp lonbray yo, nan kraze brize epi nan degrade, destabilize pwòp ILA a yo pretann ap goumen pou refòme a. Kouman w ka refòme ILA a lè nan estrateji batay ou se kraze w ap kraze l ? Se tankou pawòl la ki di lè w krache anlè, li tonbe sou pwent nen w.

ILA a se pwodwi kalite oligachi nou genyen nan peyi a, men an menm tan se rezilta batay òganizasyon konsekan etidyan, pwofesè ak mouvman sosyal ayisyen an

Nan katriyèm paragraf, paj 11 tèks yo a, Alaso ekri : “Li enpòtan pou n pa janm bliye Inivèsite a menm jan ak lekòl, legliz, medya, elt… se yon enstitisyon sosyete a kreye pou repwodwi tèt li… li enpòtan pou pa genyen pyès ilizyon sou wòl enstitisyon sosyal sa yo ap jwe… »

Etidyan Jhon Gourgueder

Se vre nan tout sosyete esplwatasyon, aparèy ideyolojik Leta yo gen yon wòl enpòtan y ap jwe nan kenbe ak repwodwi sistèm dominasyon an. Men ILA a gen istwa l : 1901 se te Inivèsite Dayiti ; 1960 se Inivèsite Deta ; 1968 se Inivèsite Deta Dayiti. Dayè, se Fakilte yo ki te estriktire tèt yo ki te kòmanse grenn grenn, denpi fen diznevyèm syèk la. Estrikti ILA a ak rektora a vin parèt apre nèt. ILA nou genyen jodi a se pwodui mòd oligachi ak kalite Leta nou gen la a mele ak enperyalis la. Yo pa vouzèt li menm. Nou ka wè ti kraze kòb ki nan bidjè 2017-2018 la pou ILA a. Apèn 1% bidjè a. E nan 1% an pifò se pou depans fonksyonman, 0.4% sèlman ale pou envestisman. Se nòmal paske jounen jodi a oligachi a voye pitit li nan Inivèsite Prive ak nan Inivèsite peyi etranje. Men an menm tan, nou pa dwe janm bliye, ni souzestime ILA a se rezilta batay òganizasyon konsekan etidyan, pwofesè ak apwi mouvman sosyal ayisyen pwogresis la.

Kontradiksyon prensipal ak kontradiksyon segondè nan ILA a

Li enpòtan pou souliyen ILA a se yon enstitisyon otonòm anndan Leta a. Men ILA a pa yon Leta nan Leta. Endepandans ak otonòmi ILA a ba li yon doub mak fabrik. Li enpòtan pou tout moun konprann sa epi toujou genyen l nan tèt pou ka byen sènen reyalite l, mòd egzistans ak mòd fonksyonman li.

Yon bò, endepandans ak otonomi ILA a ba li yon seri dwa ak libète ki fè dirijan li yo genyen maj mannèv enpòtan nan aksyon yo anndan Leta a. Dispozisyon Tranzitwa (DT) ki fikse règ fonksyonman ILA a ba li dwa ak libète pou : eksprime l libelibè sou tout sijè nan respè konstitisyon ak lalwa peyi a ; defini kontni ak oryantasyon ansèyman ak rechèch k ap devlope anndan inivèsite a ; jere tèt li sou plan akademik, administratif, ekonomik ak finansye, pi espesyalman nan sa ki regade resous moun ak materyèl, rekritman, admisyon ak ranvwa etidyan yo ; prepare bidjè li, planifye pwogram etid ak finansman yo, nan respè règ ak prensip kontablite piblik yo ak mòd itilizasyon lajan Leta ; jwi prensip « inviolabilité » espas inivèsite a ki vle di lòd ak disiplin anndan ILA a depann de dirijan ILA yo. Okenn lòt otorite pa ka antre nan espas ILA a, san otorizasyon reskonsab ILA yo. E DT a nan atik 5 li presize : “Antite ki pa anndan ILA a kapab entèvni nan zafè ILA a sèlman nan kad yon akò enstans konpetan ILA a apwouve.”

Dwa ak libète sa yo montre kokennchenn reskonsablite Konsèy Inivèsite Leta a ak Rektora a genyen pou fè mache ILA a toutbon. Yo montre vizyon ak volonte politik dirijan ILA yo detèminan pou bon fonksyonman inivèsite a. Kidonk si vizyon ak volonte politik sa a manke oubyen absan bò kote prensipal dirijan yo, se nòmal pou kriz ap depatcha ILA a. Men an menm tan, egzèsis dwa ak libète sa yo enplike angajman konsekan diferan aktè ki fòme kominote inivèsite Leta a. Yo tout ansanm gen reskonsablite veye pou dirijan ILA yo se pwofesè ki bay prèv yo nan eksprime vizyon, konpetans ak detèminasyon yo nan batay pou mennen ILA a nan bon pò. La a gen yon gwo chan batay ki dwe toujou rete ouvè pou etidyan, pwofesè ak anplwaye pou egzije dirijan ILA yo pran reskonsablite yo pou chache amelyore non sèlman kondisyon travay ak sitiyasyon espesifik pa yo, men tou pou goumen pou amelyore ak transfòme reyalite ak kondisyon jeneral inivèsite a, nan devlope rapò yo ak Pouvwa Leta a epi ak sosyete a anjeneral. Sa a se yon batay pèmanan ki dwe toujou byen makònen aspè akademik, politik ak enstitisyonèl lit la, selon evolisyon konjonkti a ak dinamik sosyal la pou l ka bay rezilta.

Yon lòtbò, tout aktè yo dwe konprann tou, kòm antite ki anndan Leta a, ILA a oblije respekte, aplike epi fè respekte ak aplike règ ak prensip fonksyonman Leta a, pandan maj mannèv dirijan l yo dispoze oblije yo negosye, plede e menm nan sèten ka voye pye pou chache rache plis gany posib nan men Leta otoritè restavèk antipopilè antinasyonal la. Men pèsonn pa dwe janm bliye, ILA a pa yon Leta nan Leta ki ka enpoze Leta a règ pa li. Non sèlman konstitisyon an ak lalwa ap toujou limite endepandans ak otonomi ILA a, men pi fon toujou, limit sa a enskri avantou nan mak fabrik otoritè, restavèk, antipopilè ak antinasyonal Leta a ak oligachi a. Sa fè kalite Leta sa a pap janm ka gen predispozisyon pou mete tout mwayen ak resous nesesè pou bon fonksyonman ILA a. Youn nan pi gwo kontrent ILA a jisteman se kontrent finansye dèske fonksyonman li depann de bidjè nasyonal la kote gouvènman yo pa janm mete adispozisyon l yon anvlòp ki ta depase 1% bidjè nasyonal la.

Egzistans kontrent sa a mete objektivman diferan aktè ak konpozant kominote inivèsite Leta a anfas Leta restavèk la, kèlkanswa divèjans ki genyen oubyen ki ta kapab genyen antre yo. Nan kad sa a etidyan, pwofesè, anplwaye ak dirijan ILA a, kit nan nivo Konsèy Inivèsite a, kit nan nivo Rektora a, kit nan nivo dekana yo, genyen fondalnatalman yon enterè ki mare yo tout ansanm : jwenn nan men Leta a mwayen ak resous nesesè pou yon fonksyonman minimal aseptab ILA a. Mwayen ak resous ki ta dwe kapab satisfezan pou tout aktè ak konpozant li yo. Sa fè, nan tout batay k ap devlope anndan ILA a, aspè prensipal kontradiksyon yo ta dwe toujou opoze ansanm konpozant ILA a ak Leta otoritè restavèk antipopilè antinasyonal la. Tout lòt fòm kontradiksyon ant etidyan, pwofesè, anplwaye e dirijan yo ta dwe segondè, sòf si youn oubyen lòt nan aktè yo ta mare sosis ak pouvwa Leta a oswa oligachi a nan yon demach pou ta pèmèt Leta reprann kontwòl total ILA a, pase anba pye prensip otonomi ak endepandans ILA a pou ta kraze l pou fasilite devlopman inivèsite prive yo.

Kidonk, nan kad mòd egzistans ak fonksyonman ILA a, tout tantativ youn oubyen lòt nan aktè oubyen konpozant ILA yo pou ta apwopriye enstitisyon an kòm chèmèt chèmètrès yo, tout tantativ youn oubyen plizyè aktè pou trete mekanikman kontradiksyon nan mitan ILA a nan sans pou ta fòse kontradiksyon segondè yo vin pran plas kontradiksyon prensipal la, ap mennen nesesèman nan deplwaman estrateji batay ki depaman ak reyalite ILA a. Estrateji batay depaman ki vle pa vle, ap montre alalong, li kont enterè fondalnatal ILA a. Se pou sa :

Tout konpozant ak aktè anndan ILA a, kit se dirijan, kit se pwofesè, kit se etidyan, kit se anplwaye ki derefize konprann reyalite objektif ILA a nan pratik yo ;

Tout konpozant ak aktè anndan ILA a k ap aji nan non enterè mesken e pèsonèl, oubyen nan non yon sèten ideyoloji politik osnon fosanblan ideyoloji politik ;

Tout konpozant ak aktè anndan ILA a ki pa pran ankonsiderasyon enterè komen ansanm aktè ki konpoze ILA a, nan devlopman aksyon ak estrateji batay oswa demach yo ;

Tout konpozant ak aktè anndan ILA a ki derefize konprann nesesite pou prezève nan aksyon yo gany ak aki mouvman sosyal ayisyen 1986 la rive rache nan men Leta otoritè restavèk antipopilè antinasyonal la nan inivèsite a ;

Tout konpozant ak aktè anndan ILA a k ap pèsiste devlope fòm batay oswa demach ki depaman ak enterè ILA a, pap abouti ak lòt rezilta pase kore fòs dominasyon ekonomik ak politik nasyonal ak entènasyonal yo nan pwojè yo genyen pou kraze/privatize ILA a, pou lage nan  mera mas elèv, etidyan ak fanmi ki soti nan mitan klas pòv yo ki pa gen lòt rekou pase Inivèsite Leta a pou tanmen epi rapouswib etid inivèsitè yo pou prepare avni yo ak avni peyi a.

Dwayen Fakilte Etnoloji a Jean Yves Blot

Lè w bezwen touye yon chen ou di l gen raj

Demach Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo fè nan tèks yo a kote yo prezante ILA a tankou yon bwat bòlèt ak yon bann « moun san vizyon, san tit, ni kalite » ; demach pou prezante ILA a kòm yon « espas boul malatchong » kote anpil dirijan ak pwofesè « move payas ap chache grapday» oubyen «larekonesans pou bat lestomak yo di yo se entelektyèl, pandan yo enplike nan tout kont maltaye kont mas pèp la », kalite demach sa a, vle pa vle, se yon demach denigreman ak afeblisman ILA a.

Imaj degradan fòs kote sa a Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo prezante sou ILA a se yon tantativ avilisman enstitisyon an, yon tantativ avilisman dirijan, pwofesè e menm etidyan ILA a nan je popilasyon an ak nan nivo entènasyonal. Se yon imaj sèlman negatif ki prezante ILA a kòm yon depo fatra kote yon bann voryen ak pouriti anpile youn sou lòt ! Pa gen imaj ki ka pi fò pase sa pou anime yon kanpay denigreman kont ILA a. Ak difizyon kalite imaj sa a, se sètèn gen sektè nan inivèsite prive yo, nan aparèy Leta a, nan anbasad yo ak nan gwo biwo entènasyonal k ap soutni plan newoliberal la ki ri gra, lè yo wè avantaj bab ak moustach imaj sa a prezante pou yo. Adaj popilè a di « lè w bezwen touye yon chen ou di li gen raj »…

Kalite prezantasyon san nyans sa a ki pwojte sou gran ekran sèlman yon ti moso sou reyalite ILA a san montre tout fasèt reyalite a pa kapab gen lòt efè pase diskredite enstitisyon an epi prepare gran piblik la pou l asepte rezilta pwojè politik newoliberal enperyalis la ak Leta restavèk la ki vize kraze inivèsite piblik yo, anpatikilye ILA a pou fè pwomosyon inivèsite prive yo. Kidonk, si nan teyori Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo ap denonse plan newoliberal la, nan lapratik, nan kad batay anndan ILA a, nan chache goumen ak lonbray yo, y ap fè jwèt politik newoliberal la, konsyamman ou pa. Se jarèt y ap bay plan neyoliberal la nan inivèsite a lè yo pran denigre ILA a jan yo fè l nan tèks yo a. Anfèt, se tankou pou Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo, ILA a te mèt disparèt, yo te mèt boule l voye l jete.

Analiz ak pozisyon sa a pa vle di kritik kont dirijan ak move fonksyonman ILA a pa nesesè e itil. Pa gen dout, gen divès mankman grav ki parèt nan mitan dirijan ILA yo. Se sèten manke yon vizyon estratejik nan mitan dirijan yo e petèt menm kapab genyen nan dirijan yo ki pa gen okenn vizyon konsekan pou devlopman ILA a ak devlopman sosyete ayisyen an. Men malgre sa, èske se vre gen « anpil » dirijan ak pwofesè san tit ni kalite nan ILA a ? Si yo egziste vre, ki pwa « anpil » dirijan ak pwofesè sa yo ki ta ap mache sèlman dèyè « grapday » anndan ILA a ? Ki pousantaj egzat yo reprezante ? Epitou èske tit entèlektyèl la dwe toujou koresponn nesesèman ak yon pozisyon politik ak ideyolokjik popilè ak pwogresis ? Fòk Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo ta reponn kesyon sa yo ak presizyon si yo ta vle serye nan analiz yo a, pou yo pa bay enpresyon se kraze yo vle kraze enstitisyon yo di y ap goumen pou refòme a. Men annatandan sa ki parèt klè, gen twòp amalgam ak twòp pasyon nan jan Alaso dekri reyalite ak sitiyasyon an nan ILA a…

 

Yon chema analiz blan ou nwa

Tout moun ap rekonèt, pandan ventyèm syèk la, etidyan ak pwofesè pwogresis nan ILA a toujou jwe yon wòl avangad nan sosyete ayisyen an, nan divès moman istorik (grèv Damyen 1929, 1946, 1950, 1960/61, 1986/87). Atravè òganizasyon konsekan etidyan, pwofesè ak pafwa priz pozisyon sèten nan dirijan l yo, ILA a oubyen yon bon pati nan ILA a toujou montre kapasite pou kanpe ankwa kont deriv otoritè, antidemokratik, antipopilè ak antinasyonal ki toujou make trè fò sosyete ayisyen an. Se pou sa nan devlopman lit demokratik ak popilè yo nan peyi a, ase souvan ILA a konn twouve l anfas oligachi a, anfas pouvwa Leta a ak fòs enperyalis yo, espesyalman atravè mouvman konsekan etidyan ak pwofesè yo.

Estati otonòm konstitisyon 1987 la bay ILA a fè li gen posiblite jodi a chwazi pwòp dirijan l epi genyen endepandans administratif ak akademik li san ekspoze l twòp ak reprezay pouvwa Leta a. Sa a se yon gwo aki, yon  gwo gany ki merite non sèlman prezève men tou konsolide nan devlopman tout batay anndan inivèsite a. Gany sa a se rezilta plizyè dizèn lane batay òganizasyon konsekan etidyan, pwofesè ak apwi mouvman sosyal pwogresis ayisyen an. Pa bliye, sou diktati makout la, se François Duvalier ki te gen lawot men sou inivèsite a.

Konkèt demokratik ak popilè 1986 yo fè jodi a, menmsi ideyoloji dominan an kontinye genyen gwo pwa nan ILA a, sitou nan oryantasyon kalite ansèyman l ap dispanse, men prezante ILA a jan Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo fè l, kòm yon aparèy ideyolojik deta fòs dominan nasyonal ak entènasyonal yo ta domestike nètale, se yon entèpretasyon mekanik ki pa pran an konsiderasyon tout tandans ak kontradiksyon k ap travèse ILA a. Okontrè mank enterè fòs dominan yo pou ILA a esplike an pati, pandan 30 dènye lane yo, diferan gouvènman ki pase alatèt peyi a pa vouzèt Inivèsite Leta a. Yo pa enterese nan devlopman li. Yo pa ba li bidjè adekwa. E fòk sa klè, pouvwa Leta a pap janm bay ILA a dekwa pou l fonksyone kòmsadwa, toutotan fòs pwogresis, demokratik, popilè ak revolisyonè anndan kou deyò ILA a pa rive tabli yon estrateji batay kòrèk e initè pou fòse Leta otoritè antidemokratik antipopilè antinasyonal la satisfè revandikasyon lejitim mas yo, revandikasyon etidyan yo pou rive tabli yon lòt estrikti Leta, lòt mekanis ak resous  pou yon lòt mòd direksyon ak yon lòt kalite ansèyman ak rechèch nan ILA a. Yon nouvo fòm direksyon, ansèyman ak rechèch ki dwe ale nan sans enterè peyi a, reponn ak egzijans devlopman ekonomik, politik ak sosyal sosyete ayisyen an epi ki pran rasin nan kilti natif natal pèp ayisyen an.

Malerezman pèspektiv tip batay kalitatif pèmanan alontèm sa yo ki dwe chita fondalnatalman sou konstriksyon ak ranfòsman òganizasyon mas yo, òganizasyon ouvriye ak peyizan yo, òganizasyon etidyan ak pwofesè yo, yon mannyè pou se mas popilè yo ki rive genyen direksyon batay la, pa sanble antre nan pwojè Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo. Annik gade mòd karikati yo drese pou prezante ILA a ak dirijan li yo nan paj 14 tèks yo a, w ap konprann rapid vit oryantasyon ak pozisyon pwennfèpa mòrèd yo parapò ILA a yo mete anfas yo epi yo trete tankou lenmi. Pou Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo, « ILA tounen Lame Dayiti », l ap simaye « menas, entimidasyon ak koudeta ». Sa fè nan ILA a, « tout moun pè, tout moun alamaskay » pou yo pa « viktim represyon, reprezay ». Kanta dirijan ILA yo, Alaso dekri yo kòm moun ki « pare pou itilize tout mwayen reprezay, laterè ak maspinay pou tabli yon lapè simityè anndan ILA a dabò ak nan peyi a apre. » E Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo rapouswiv pou di « pou rive nan pasifikasyon sa a, yo pare (dirijan ILA yo) pou ranmase pwojè Himalaya kadav Franswa Divalye a. »  La a, n ap konprann nou anfas yon veritab matrakaj !

Nou ka rann nou kont, nan fason Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo konprann reyalite inivèsite a, se tankou ILA a ak dirijan l yo se prensipal lenmi etidyan ak mas pèp la anjeneral. Se tankou kontradiksyon ant etidyan ak dirijan ILA yo, alapapòt, se kontradiksyon antagonik, kontradiksyon lèt ak sitwon. Se tankou kontradiksyon sa yo ta ekspresyon radikal yon lit ant klas kote rès ILA a ak dirijan l yo ta reprezante klas dominan yo epi gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo ta reprezante klas domine yo. Nan kad vizyon blan ou nwa sa a, pwofesè Blot ak pwofesè Pika parèt sibitman kòm 2 «Grand Orient », 2 « trèt ak soubreka sistèm esplwatasyon kapitalis la ». Matrakaj pi rèd, pou soutni prensip goumen ak lonbraj yo a !

Yon konpreyansyon ak aplikasyon mekanik teyori maksis yo

Chema analiz blan ou nwa sa a tèlman ankre nan imajinè Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo, yo pa ezite entèprete ensidan 12 jen Fakilte Etnoloji a kòm “ekspresyon yon vyolans Leta, yon vyolans gwo nèg kont ti malere, travayè, plantè ak etidyan k ap batay pou chanjman total”. Pou sa, Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo pran kan yo. Yo pwoklame byen fò estrateji batay pa yo : « Sèl solisyon pou kontrekare vyolans sa a se vyolans oprime yo, se vyolans etidyan, travayè ak ti machann k ap bay gwo nèg ak Leta kwa manman yo. » Konsa yo enskri swadizan « vyolans oprime yo » nan mitan tout demach batay yo.

Pwoklamasyon liy batay sa a ap fè tout moun konprann jodi a, se nan non swadizan “vyolans oprime” sa a gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo te fè tout menas lanmò ak sekestrasyon yo te fè jou lendi 12 jen an nan Fakilte Etnoloji a. Se nan non menm swadizan “vyolans oprime” sa a gwoup etidyan, pwofesè ak alye l yo te òganize tout lòbèy ak dezagreman nan Fakilte Etnoloji a yon senmèn anvan pou anpeche imatrikilasyon preske mil etidyan. Se toujou nan non menm swadizan “vyolans oprime” sa a, gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo te mete dife nan machin yon vis dwayen Fakilte a pandan vis dwayen an te chita anndan machin nan. Se nan non  menm swadizan “vyolans oprime” sa a, yo te lapide vis dwayen an ak kout wòch jis li te rann san. Se toujou nan non menm swadizan « vyolans oprime yo », dòt reskonsab Fakilte a te manke pèdi lavi yo, lè yo te oblije lage tèt yo anba sou yon etaj chanmòt pou sove lavi yo. Jou 12 jen 2017 la, se tchou boutèy ki te kraze pou menase anplwaye Fakilte a ! Se kat (4) machin pwofesè ak reskonsab Fakilte a te redi achte ak ti lajan nan pòch yo gwoup etidyan ak pwofwsè kontestatè ak alye yo te boule nan lakou Fakilte Etnoloji ! Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo pase tout briganday sa yo sou silans pou fè fiksasyon sou Blot ak Picard. Se tankou tout zak brigandaj sa yo pat anyen, dèske se swadizan « vyolans oprime » yo a ki t ap bay « gwo nèg ak Leta kwa manman yo… »

Jan nou ka konstate l, estrateji batay Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo chita sistematikman sou itilizasyon ak aplikasyon mekanik teyori maksis yo, espesyalman sou kesyon lit ant klas yo, sou idantifikasyon ak jesyon kontradiksyon nan devlopman batay pèp yo, sou jistifikasyon ak opòtinite pou egzèse vyolans revolisyonè a nan devlopman lit pèp yo. Se yon estrateji batay makawon k ap devlope pou soutni yon pi gwo pretansyon Alaso ak ti gwoup etidyan kontestatè ak alye yo pa ezite bay tèt yo : « konstwi nouvo sektè pwogresis revolisyonè ayisyen an ».

Soti nan dife pay mayi pou konstwi veritab fòs chanjman an

Konsta tout moun ka fè, estrateji makawon Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo mennen yo pito nan devlope yon seri pratik konsyan osnon enkonsyan k ap destabilize Inivèsite Leta a, ki fè anpil etidyan, elèv ak paran oblije fè sakrifis viredo bay ILA a pou al enskri nan divès inivèsite prive malgre fèb mwayen ekonomik yo. Estrateji makawon Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo genyen move konsekans tou sou goch la nan peyi a : l ap dekonstonbre chak jou pi plis sa ki rete toujou nan sektè pwogresis ak revolisyonè ayisyen an. Etan done jèm otodestriksyon li pote nan kòtòf li, estrateji batay sa a merite e dwe rektifye. Sinon fòs pwogresis ki di yo se revolisyonè nan peyi a dwe pran reskonsablite yo pou denonse estrateji batay sa a piblikman si yo pa vle vin konplis li. San rektifikasyon, estrateji batay sa a pap kapab abouti ak lòt bagay pase simaye latwoublay, zizani ak divizyon epi plante plis pikan kwenna sou wout òganizasyon ak devlopman lit popilè ak revolisyonè a nan peyi d Ayiti.

Men pandan y ap deplwaye estrateji batay makawon yo a, Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo pa dwe met nan tèt yo yo ka tòdye kou tout ansèyman istwa lit revolisyonè yo kite pou jenerasyon k ap monte yo, espesyalman youn ladan yo : « pa gen revolisyon posib san teyori revolisyonè.» Menm jan okenn òganizasyon oubyen mouvman revolisyonè pa kapab devlope nan endisiplin, nan dezòd ak anachi, konstriksyon yon mouvman popilè, pwogresis ak revolisyonè pa ka chita sou vyolans avèg, nan fè moun pè, nan mennase tire pwòp alye w, pwòp zanmi w, nan teworize moun. Se sou konviksyon revolisyonè, laverite ak teyori revolisyonè yon mouvman veritableman revolisyonè ka chita pou l pa tounen yon dife pay mayi. Batay popilè yo, batay revolisyonè yo mande etik. Yo pa ka devlope ni nan bay manti, ni nan fè mètdam, ni nan fè kòken. Pwovèb kreyòl la di twou manti pa fon. Malerezman Alaso ak gwoup etidyan ak pwofesè kontestatè ak alye yo, sanble kwè plis ou repete yon manti se plis manti a ap vin verite.

Sitiyasyon peyi a malouk se vre, men fòk sektè ki di yo revolisyonè nan peyi a pran tan yo pou òganize sektè popilè ak pwogresis yo nan yon travay reveye konsyans, konsyantizasyon, òganizasyon ak mobilizasyon konsekan. Pa gen wout pa bwa. Pa ka gen rakousi, ni kout gidon. Lè se mas pèp òganize yo ki va veritab aktè pwosesis chanjman an, lè se mas pèp òganize yo (klas ouvriye a, peyizan pòv yo) ki va genyen direksyon batay la nan men, lòt kategori sosyal tankou etidyan, pwofesè, Inivèsitè, eleman klas mwayèn, ti boujwa ap blije konfòme yo epi mete yo opa.

Pou laverite, lajistis ak ekite

Pou fini n ap reprann apèl konsètasyon ak refleksyon kritik ak otokritik AYITI DJANM te deja voye bay diferan sektè ak aktè ki konsène nan chache solisyon nan kriz inivèsite Leta a. Apèl sa a te lanse nan nòt AYITI DJANM te mete deyò nan dat 19 jen 2017, sou evenman 12 jen an, apèl nou kwè ki toujou kenbe tout valè li  : « Anfas gwo kriz k ap boulvèse Inivèsite Leta a depi anviwon 10 a 15 lane, AYITI DJANM / AD fè apèl a Dekana Fakilte yo, a Rektora a epi a Konsèy Inivèsite Leta a pou yo pran reskonsablite yo, fè konsètasyon nesesè pou jwenn yon solisyon kòrèk e jis nan kriz la. AYITI DJANM / AD voye menm apèl sa bay tout pwofesè, etidyan ak pèsonèl administratif ki fòme kominote inivèsite Leta a. A gwoup etidyan, pwofesè ak branch nan sektè pwogresis ak popilè k ap akonpaye yo nan batay la, AYITI DJANM / AD mande yo reflechi seryezman sou mak fabrik aksyon y ap poze epi pou yo veye pou se pa bagay ti sèvèl y ap regle. »

« A tout òganizasyon, pati ak regwoupman politik pwogresis ki sou teren an, AYITI DJANM / AD lanse yon apèl a kritik ak otokritik pou redrese liy ak pratik politik nou. Espesyalman anndan inivèsite a. Depi kèk tan, gen yon liy gochis k ap devlope nan batay k ap mennen nan Inivèsite Leta a. Nan AYITI DJANM / AD, nou kwè se reskonsablite nou tout nan sektè pwogresis revolisyonè yo pou rasanble fòs nou pou mennen yon batay teyorik ak ideyolojik fèm kont tandans politik sa yo ki depi toutan, nan tout epòk e nan tout peyi, toujou reprezante yon danje, chak fwa yo parèt vle siplante batay pèp yo. »

Parapò evenman 12 jen 2017 la kote gwoup etidyan kontestatè yo lage gwo akizasyon sou do dwayen Fakilte Etnoloji a, Jean Yves Blot, kòmkwa li ta fè espre frape epi pase machin Fakilte a sou etidyan Jhon Gourgueder, AYITI DJANM toujou rete atache ak regrè epi solidarite li te eksprime sou ensidan grav sa a nan menm nòt li te mete deyò nan dat 19 jen 2017 la. Se yon kesyon ki nan men lajistis. Nou kontinye ap mande jan nou te fè l nan nòt la pou reskonsab lajistis peyi a pran reskonsablite yo pou trete dosye a san pèdi tan, nan tout endepandans epi ak ekite pou limyè ak laverite blayi, pou jistis fèt pou edifikasyon tout sosyete a.

Viv limyè, verite ak jistis sou evenman 12 jen 2017 la !

Viv respè otonomi ak endepandans Inivèsite Leta a !

Viv Konstriksyon ak Inifikasyon Goch Revolisyonè Ayisyen an!

 

AYITI DJANM, oktòb 2017

 

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here