Pòtoprens kontinye inyore desizyon pou bay kèk ri pote non fanm

0
252

Nan lane 2005, gen yon karantèn lari nan peyi Ayiti ki te vin gen non fanm. Se Ministè kondisyon feminin ak dwa fanm ki te pran desizyon sa a, Ministè enteryè te bay pwojè a bourad. Plis pase dizan aprè, desizyon sa pa janm aplike. 

Desizyon pou « feminize » kèk lari nan peyi a ta pral pran aprè yon seri refleksyon feminis yo t ap fè sou kijan non medam yo efase nan istwa Ayiti. Non ewo endepandans yo souvan se non mesye yo nou tande. Sou Channmas paregzanp ki se youn nan pi gwo plas piblik nan peyi a, gen plizyè estati ewo gason men pa gen yon sèl fanm.

Sosyològ Danièle Magloire ki se militan feminis ak fondatris òganizasyon Kay Fanm te youn nan aktè ki t ap reflechi sou pwojè « feminizasyon » ri yo. Li deklare gen yon dam ki te rele Tòya ki te goumen pou endepandans koloni Sendomeng nan ki t ap vin tounen Ayiti. Alòske nan diskou ofisyèl ki konn fèt nan dat 18 me yo, pèsonn, daprè Danièle Magloire, pa janm site non ewoyin sa a.

An 2005, lè pwojè pou bay kèk ri pote non fanm nan te akouche, se Adeline Magloire Chancy, minis Kondisyon feminin nan epòk la, ki te fè anons la nan medya. 43 ri nan peyi ta pral pote non fanm.

“Ligue féminine d’action sociale” ki te kreye an 1934, ki ta pral jwe gwo wòl nan istwa mouvman feminis la an Ayiti.

Pèsonaj  ki te chwazi pou nome ri sa yo se te fanm ki te jwe gwo wòl nan kèk mouvman sosyal ak politik nan peyi a. Men tou  gen kèk fanm ki te jis gen yon kout pasaj makan nan sosyete a. Ministè kondisyon feminin nan te vle onore memwa medam sa yo.

Moun ak asosiyasyon

Konsa, nan Pòtoprens gen Ri M ki te vin rele Ri Marie Christine Jeune, nan memwa yon jèn polisyè ki te mouri trajikman nan peyi a nan lane 1996. Gen Ri O nan zòn Pako ki te vin rele Ri Rose-Marie Desruisseaux. Dam sa a se te yon gwo atis pent anpil moun te konnen. Li te ekspoze tablo li yo nan anpil peyi nan mond la.

Se pa non fanm yo sèlman ki te konte, gen asosyasyon yo te kreye tou. Tankou Premye “Avenue du travail” te vin rele “Rue de la ligue féminine” pou raple “Ligue féminine d’action sociale” ki te kreye an 1934, ki ta pral jwe gwo wòl nan istwa mouvman feminis la an Ayiti. Anpil lòt ri anko nan Pòtoprens te chanje non.

Desizyon pou bay ri yo pote non fanm nan pa t pran sèlman pou Pòtoprens. Nan vil Jakmèl paregzanp granri a te vin rele « rue Emmeline C. Lemaire », alòske Granri Tigwav la te vin rele « Rue Catherine Flon ». Boulva Okap  la te vin rele « rue Cecile Fatiman » Okay gen « rue des Guerriers » ki te vin rele « rue Toto Bissainthe ».

N ap viv nan yon sosyete matchis, yo toujou prè pou kache non fanm yo

Antre site Felix nan Fòlibète vin rele « Rue Marie Jeanne ». Boulva Senmak la te vin rele « Rue Alice Garoute ». Nan Gonayiv, « Avenue la victoire » te vin rele « Ave Lumane Casimir ». Nan Pòdpè, « Rue du Quai » te tounen « Rue Madeleine Sylvain Bouchereau ». Tout vil sa yo nou site a te gen pou piti 2 ri ki te chanje non.

Te gen gwo inogirasyon ofisyèl ki te fèt pou pwojè sa a selon Danièle Magloire. Nan epòk la Wenier Cadet ki te direktè jeneral Ministè Enteryè ak kolektivite teritoryal te menm pale sou yon arete kominal ki te pibliye nan epòk la konsènan chanjman non ri yo. Otorite lokal nan komin konsène yo te okouran. Toutfwa, se pa anpil moun nan popilasyon kote non ri yo chanje yo ki okouran desizyon sa a. Danièle Magloire gen plizyè eleman repons pou sa. Youn nan rezon yo daprè li se paske se toutan gen moun k ap rache poto ki idantifye ri yo.

Pòtoprens nan rezistans

Nan ane 2016, meri Pòtoprens te gen yon pwojè pou idantifye tout ri ak avni nan komin nan. Travay sa a te fèt nan yon koperasyon minisipal ant Ayiti ak Kanada. Men nan kad pwojè sa a, ankenn nan non ri nou sot site yo (Marie Christine Jeune, Rose-Marie Desruisseaux, ligue féminine) la pa t afiche nan lari Pòtoprens. Se menm ansyen non ri yo ki te afiche. Pa gen youn nan non medam yo ki te afiche. Anne René Louis ki te direktris jeneral meri Pòtoprens si yo repran ansyen non yo se paske premye yo pa t idantifye.

«Mwen  pa kwè se delibereman meri a chwazi pa mete non ri yo. Moun yo jis kontante yo de sa yo te jwenn yo. N ap viv nan yon sosyete matchis, yo toujou prè pou kache non fanm yo», Daniele Magloire k ap pale. Li ajoute lè pwojè sa a t ap lanse, te gen anpil retisans epi yo pa bay sa enpòtans paske se fanm.

Michel Acacia ki se sosyològ pa panse se yon atitid antifeminis ki fè pa gen anpil moun ki konnen ri ki pote non medam yo. Selon pwofesè a, se pa nan yon kout dire popilasyon an pral dezabitye ak yon seri de non pou adopte lòt. Li bay egzanp Bwavèna rele Avni Lamatinyè alòske jeneralman moun yo di Bwavèna. « Anvan pou ou chanje yon tradisyon sa pran anpil tan. Jeneralman moun yo pa li non ri yo, yo jis di sa tout moun ap di. Sa montre plas oralite a genyen nan kilti nou.»

Sosyològ Daniele Magloire dakò sou pwen sa a. Li ajoute se Leta ki pou ta fè konnen non yo epi fè respekte yo.

Laura Louis se jounalis nan Ayibopost depi 2018.

Ayibopost 

NO COMMENTS

LEAVE A REPLY