Pierre Esperance yon antreprenè nan koripsyon, yon kansè nan peyi a

0
846
Pierre Esperance : yon danje sosyal

Pierre Esperance gen yon antrepriz anbasad meriken ba li an Ayiti pou l kapab elimine, detwi moun atravè zam dwazimen an. Dwazimen an se zouti enperyalis yo ap itilize jodia pou konbat anpil gouvènman rebèl,  pwogresis ki refize mache sou lòd tonton Sam nan Wachinnton.

An Ayiti, anpil  jounalis se anplwaye Pierre Esperance yo ye. Sa k pi rèd la, moun ou pa ta kwè Pierre achte yo, se sa k fè y ap defann li, kore li epi veyikile montaj manti l yo. Si yon moun tande yon entèvyou Assad fè ak Magalie Habitant, se yon kokenn wonte, se bagay ki pou fè moun vomi. Yon jounalis k ap defann patwon li.

Sa k pi tris la se pa limenm sèl, se yon latriye ki konsa. Peyi sa a gen anpil reparasyon ki pou fèt ladann, Gen moun ki pa moun ankò se vètè, se cheniy se ranpe y ap ranpe pou yo kapab manje.

Pierre Esperance kontwole anpil mèsenè nan radyo, nan gwo jounal boujwa, nan lapolis patikilyèman DCPJ, li chaje kliyan k ap veye pou li.

Dayè yon endividi tankou Pierre, kòm ou kapab wè, li pa menm konn wont. Menmlè, li bay manti yo kenbe l, li toujou fè je l chèch pou l defann tèt li. Yon moun ki po konn wont, se yon danje sosyal. Men sa k pi tris la, li jwenn yon lòt ki pi mal pase l ki prè pou kouvri pou li.

Se yon kokenn pwoblèm pou yon latriye moun swa k ap ekri, fè bèl editoryal nan gwo kotidyen, oubyen radyo anliy epi sa y ap di yo, se vann y ap vann yo. Se sa yon bòs di yo ekri, yo ekri, di yo pale, yo pale. Sa k pi tris la gen moun ki pran pawòl sa yo pou laverite.

HTML tutorial

Se tout bagay sa yo k ap kraze peyi a. Pierre Esperance kontwole anpil mèsenè nan radyo, nan gwo jounal boujwa, nan lapolis patikilyèman DCPJ, li chaje kliyan k ap veye pou li.  Anyen pap pase tout la pou pwoteje patwon an. Lapolis la se pa pwoteje ak sèvi ankò. Se pwoteje sa ki delivre, sa ki byen sèvi ak yo. Nan ka sa a, pèp la ki pa gen anyen, li pap travay, li pap janm jwenn okenn pwoteksyon nan men polisye sa yo.

Lajistis la Piere fini ak sa nèt. Se pa fasil pou jwenn yon jij ki kapab gade misye lan je, li konwoup tout. Olye pou yo travay pou peyi a se pou Pierre Esperance y ap travay.  Se li ki fè pewòl pou yo, yo tout fè pati antrepriz k ap simaye latoublay nan peyi a. Pou Pierre Esperance peye tout moun sa yo, kouvri depans tout radyo sa yo, fò k li toujou jwenn lajan. Si lajan an pa kab antre anbyen, li fè l antre anmal. Anyen pap deranje paske se li ki sèl chèf nan peyi a.  Se pouvwa lajan sal sa yo k ap depafini peyi a.

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here