Peral

0
1355
Chalmay Peral

Chak fwa m leve
M gade lari Nouyòk
M wè moun ap defile
Bloke pon Bouklinbridj
Pou devèse kenbe gòj
Manatann pou fè Loni tranble
M di : Ochan pou ou Peral

Chak fwa m leve
M tande nan Pòtoprens
Tout fanm vanyan kanpe
Kenbe ren Matisan
Pou fouke ri dèkazèn
Bloke kè magouyè
M di Bravo Chalmay, Kenbe

Chak fwa m sonje
Malgre n pran kou nan
Trant Septanm
Nou la pi rèd nan rezistans
M di Ochan Peral, Ochan
Dekourajman pa p pike kè n
Vle pa vle
Ladènye se nou k pou fè l.

                                Paul Tulcé
                               (Plon gaye)

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here