Padon Papa Desalin

0
966

Papa Desalin padon souple

Papa Desalin padon si w vle

Tande vwa n ki plede mande

Mande w ti zing padon souple

Pou woulo konpresè Apredye 

Ki fin souse piye kraze brize

Pou woulo konpresè san zizye

Ki fin demantibile tout diyite

Fòse libète n egalite n travèse

Yo krache sou memwa w ase

Men kou salopri sa a pap pase

Kou zenglendo sa a pap pase

N pap kite memwa w trepase

Anba grif krèy salopri elatriye  

Yon krèy jimnastik krebete

Yon pepinyè ti Malis jebede

San ren san fyèl san diyite 

Pou demantibile flè diyite 

Pou van malveyan san konsyans

Ki krache sou memwa w Padon

Pou krèy mafweze rès repiyans 

Ki krache sou diyite w Padon

Pou kolonn vye koral awogans

Ki vwomi sou respè w padon

Papa Desalin tanpri souple

Pa okipe tout rès bèt k ap jape 

Papa Desalin w mèt padone 

Menm si yo konnen se pa vre

Se sòm nan vèsè manti yo resite

Chè Papa Desalin tanpri souple

Pa janm met fren nan vèb padone

Menm si lwa radote ta sele monte

Kouri sele monte kouri ale sefwe 

Trennde grenn nan dyòl mafweze

Ou mèt kite radote san fren rete

Radote jis fèy lang yo chavire

Nan tèt mòn falèz laverite vre

Papa Desalin padone yo souple

Si w koute son van dèyè ti mal vre

Ala gwòsè pil chay ou ta ba l pote ! 

J. Fatal Pya   

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here