Òganizasyon fanm man Jerizalèm ak Kanaran mande pou respekte dwa patisipasyon fanm yo ak kota 30% an!

0
4291
Entèvenan yo pandan konferans lan. Photo: Josué Michel

Nan okasyon Jounen Entènasyonal Fanm yo, òganizasyon Mouvman Fanm Lakay Ann Aksyon (MOFALAK) ak Kòd 15 wè li enpòtan pou mete aksan sou patisipasyon medam yo nan sa ki gen a wè ak avni yo pou pèmèt bon jan devlopman fèt nan Peyi a. MOFALAK ak Kòd 15 mande nan tout espas desizyon yo pou respekte kota 30% fanm nan, Konstitisyon peyi a nan admandan yo egzije nan atik 17.1 an.

Menn si gen gwo pa ki fèt nan lit fanm yo, chemen an long toujou. Sa vle di gen anpil bagay ki rete pou fèt. Se vre medam yo prezan nan anpil sektè nan sosyete a men yo pa vrèman prezan nan espas desizyon yo tankou Palman, gouvenman ak lòt espas kote desizyon pou devlopman zòn yo ak politik peyi a sipoze pran. Reyalite a montre nou menm anndan òganizasyon fanm yo, nou ta dwe travay plis pou ranfòse patisipasyon medam yo tout bon vre nan direksyon yo. Se vre, fanm yo prezan nan rankont yo ak mobilizasyon sosyal yo, men yo dwe patisipe nan desizyon final sou politik peyi a ak sou devlopman zòn yo. Nou dwe travay pou ranfòse lidèchip fanm yo pou opinyon yo ka pase tout kote. Se yon priyorite, paske fanm yo se premye aktris pou chanje kondisyon lavi yo

Patisipasyon fanm yo se yon fòs pou fasilite yon devlopman dirab nan sosyete a. Nan Jerizalèm ak Kanaran ak tout lot zon yo, reyalite medam yo pa bon ditou. Y ap dòmi nan move kondisyon ak fanmi yo tankou anba prela, chèltè ak nan kay ki fèt ak blòk kole. Enfrastrikti sanitè yo fè yo gen anpil risk pou gwo maladi enfektyez tonbe sou yo. Sitou gen gwo pwoblèm dlo potab nan tout zòn yo. Nan sa ki konsène kontwòl sou kò yo, fanm yo viktim anpil vyolans sitou vyolans konjigal. Majorite nan yo kontinye ap sibi move tretman anba men patnè yo paske yo pa gen pouvwa ekonomik. Nan sa ki konsène aksè ak latè epi kay, yo sibi esklizyon. Mari oubyen patnè yo konn mete fanm yo deyò nan chèltè kote y ap viv la oubyen nan kay la menm si se yo ki te vin gen tè a. Mesye yo menm konn fè odas pou di fanm pa konn gen tè. Kidonk se pa yo ki chèf fanmi an. Ka sa yo repete anpil nan zòn nan. Sou sa ki gen a wè ak aktivite y ap mennen pou fè lajan, medam yo ap fonksyone nan komès enfòmèl, nan vann pwodui alimantè, pwodui kosmetik, elatriye. Piske anpil moun fè menn aktivite a, sa fè komès sa yo pa rapòte anpil lajan vre, e medam yo pa jwenn mache pou vann pwodui yo nan zòn nan.

Tablo sonb sa a montre nesite pou medam k ap viv nan Jerizalèm ak Kanaan leve kanpe pou pran desten yo an men. Nou dwe aji toutotan nou kapab paske chanjman sosyete a konsène nou tout.

Se poutèt sa, òganizasyon fanm MOFALAK ki nan zòn Jerizalem ak Kod15 ki nan Kanaan mande tout sektè yo tankou Leta ak prive pou pote solidarite yo ak nou pou n kontinye batay kont tout fòm vyolans sa yo k ap komèt sou fanm nan zòn nan ak nan sosyete a. Fanm yo dwe prezan pou yo konnen ki desizyon k ap pran, eske li anfavè yo, paske se konstitisyon an ki ba yo dwa sa a. Nou menm fanm Jerizalèm/Kanaran, nou bezwen ankadreman pou n patisipe nan desizyon k ap pran yo sitou pou sa ki gen a wè ak devloman zòn nou ak peyi nou.

Konsa pou 8 Mas 2017 la, nou lanse yon seri aktivite pou fè pase revandikasyon nou yo sou tèm : « Kota Fanm yo dwe respekte nan tout espas desizyon yo pou yon devlopman dirab ».

Pou otantifikasyon:
Sanièce Petit Phat
Kowòdonatris MOFALAK
Marie Michelle Duvelson
Responsab Komisyon Fanm KÒD 15

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here