O Kongo !

0
976

Venteyen me demil

Solèy leve Kongo

Ak yon chemiz lespwa

Yon chapo libète

Nan tèt li

 

Solèy ekri lapli

Yon lèt san dous

Anmè nan bouch lanmè

Anmè nan bouch Loksidan.

 

Solèy voye di lapli:

Moboutou tonbe!

Yon gason kanson 

Kabila ! Kabila !

Pran Kongo

Ak de men

Lafrans dlo nan je 

Labèljik andèy

Zayi pran legzil

Zayi mawon

Pèp la ozanj.

 

Mizik ap bouyi monte

Mizik nan tout peyi a

Kenbe

Kenbe la 

Kabila

Kenbe pa lage!

 

Demokrasi kon larivyè

Pran desann ak pikwa, manchèt, pèl

Pete sous koripsyon

Koupe souf represyon

Anvayi jaden pwa Kongo

Loksidan espantan

Loksidan kalsitran

Meriken kriye diktati

 

Lapli reponn solèy :

Sa k tonbe tonbe nèt

Pa detere sa k antere

Latè bezwen fimye

Pou lavi donnen

Pou flè konsyans fleri 

Kenbe 

Kenbe la

Kabila

Kenbe pa lage!

 

16 janvye demil en

Van chire pawòl 

Lapli ak solèy

Solèy kouche Kongo

Anba rèl ak anmwe

Loksidan Lumumba Kabila

Loksidan Sankara Kabila

Loksidan etenn lespwa Kongo

Ak de bal lan kè

De bal lan kè Kabila

Pou solèy pa janm leve

Pou lapli pa janm tonbe

Pou lavi pa janm fleri

O Kongo !

 

Berthony Dupont

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here