Lendi 11 janvye 2021an, nan lokal Radyo tele-kiskeya, yon nouvo komite pran nesans nan mitan opozisyon an, li rele : Komite mobilizasyon sitwayen pou respè konstitisyon an.  Jou sa a yo te bay yon konferans pou laprès kote yo te prezante yon kaĺandriye aktivite ki gen pou fèt kont pouvwa PHTK a. Yon fason pou kenbe mobilizasyon an pou l kab rive 7 fevriye 2021, ki se dat fen manda konstitisyonèl Jovenèl Moise sou pouvwa a.

Diferan aktè ki te prezan yo te pran lapawòl. Yo pat mete dlo nan bouch pou yo denonse pouvwa phtk a ak tout akolit li yo. Pami yo avoka Andre Michel ki se pòtpawòl òganizasyon Sektè demokratik popilè, li te fè apèl ak popilasyon, mande yo pou yo okipe beton an sou divès dat mobilizasyon yo tankou 15 janvye 2021 dat ki senbolize Jounen ansyen militan meriken an Martin Luther King. 

Y ap manifeste tou jou mèkredi 20 janvye 2021, dat envestiti nouvo prezidan meriken an Joe Biden. Eske se pou sipòte l oubyen pou mande l wete Jovenel nan tèt peyi a ?

Camille Charlmers dirijan Papda a men ki te reprezante platfòm Konbit la nan reyinyon sa a  te fè limenm yon bilan sou 10 lane pouvwa PHTK nan tèt peyi a. Li te esplike se plis mizè, kidnapin, plis kòripsyon nan antrepriz piblik yo ki te pran pye nan peyi pandan 10 lane sa a.

Anpil militan channmas te vin kore konferans sa pou relansman mobilizasyon an nan tout peyi a. 

Elysée-Luckner Vil

HTML tutorial

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here