Nòt pou swete pèp ayisyen an larezonnen, kouraj ak plis detèminasyon pou afwonte lane 2017 la.

0
1905
Fowòm lan kwè se reskonsabilite tout òganizasyon pwogresis ak militan konsekan pou nou monte yon fwon demokratik popilè antienperyalis

Medam/Mesye, lasosyete, Fowòm lan wete chapo li pou salye nou.

Nou menm manm Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen ki siyen nòt sa, swete Pèp ayisyen, anpatikilye Mas yo (travayè-travayèz yo, timachann yo, chomè, moun nan katye popilè yo, ti peyizan yo) yon bon lane 2017, kouraj, ak detèminasyon nan batay pou chanje kondisyon lavi nou andedan peyi Ayiti.

Lane 2016 la te di anpil pou malere ak malerèz k ap bat dlo pou fè bè ansanm, pou tout travayè-travayèz onèt k ap fè jefò pou yo bat ak lavi san yo pa nan volè. Pandan 5 dènye lane ki sot  pase yo (2010 – 2015) plis lane 2016 la, sitiyasyon an te malouk anpil. Ane ale, ane vini, ti mari pa moute ti mari pa desann pou mas Pèp la. Okontrè tout bagay vin pi rèd. Dominasyon kapitalis neyoliberal la atravè òganizasyon entènasyonal yo avèk laboujwazi koutayè a fè lavi a vin pi chè. Pifò moun nan peyi a prèske pa gen okenn aksè avèk sèvis sosyal de baz yo (ledikasyon piblik orabè, lopital piblik yo nan lagraba, pa gen kay, pa gen kouran, pa gen dlo, pa gen transpò, ata fatra yo pa ranmase nan lari, elt).To chomaj la monte disèt wotè. Plis pase 70 % moun, ki ta dwe ap travay, p ap regle anyen.

Nan nivo makwo kou mikwo, rapò depandans yo ogmante pi plis toujou nan lane 2016 la. Akòz enjerans kominote entènasyonal la nan ekonomi ak politik peyi a plis manipilasyon anbasad meriken sou to chanj goud ak dola a, salè minimòm nan pa reprezante anyen pou moun k ap travay yo. Anpil nan yo pa fouti garanti menm minimòm  yo bezwen  pou yo viv ak fanmiy yo. To povrete a kontinye ogmante tou, plis pase  60%  ayisyen ap viv nan povrete san konte 24 % lèzòt yo ki nan povrete ekstrèm jounen jodi a, (selon rapò Bank Mondyal sou lane 2015 jiska janvye 2016 yo), pandan yon ti kantite privilejye ki  gen kontwòl tout gwo mwayen yo nan peyi a kontinye ap vin pi rich chak jou. Pandanstan, moun sa yo ki gen manèt lajan an (Boujwazi a, Fowòm ekonomik la, Kò gwoup la ak enstitisyon entènasyonal yo, elt.) kontinye ap mete pye sou kou Pèp la ki pa gen mwayen ditou, pou li kontinye seye fè san sot nan wòch ankò. Sosyete miwo-miba a ranfòse. Pifò moun nan popilasyon an lage 2 bra balanse, yo pa menm ka manje yon fwa pa jou. Lajenès la li menm oblije al riske vi li nan peyi Brezil, Chili ak sou fwontyè Etazini. Pandan Pèp la pa kapab menm manje yon plat diri pa jou, pou finisman lane 2016 la sèlman, pouvwa egzekitif la bay chak senatè yon milyon goud epi chak depite 400 mil goud, pou yo banbile sou mizè pèp la.

Fòk nou fè remake tou, malgre tout lajan ki depanse, malgre tout gwo piblisite, malere nan peyi a kontinye vin pi frajil devan katastwòf “natirèl” yo. Anyen pa fèt pou pwoteje moun ki pi pòv yo. Se konsa nou te kapab wè kijan siklòn Matthew detwi 90% zòn Gran Sid la. Se vre te gen yon gwo mobilizasyon charite ak solidarite apre siklòn nan. Tout moun dakò sete bèl jès. Men okenn travay serye pa janm fèt pou prepare peyi a kont dega soukous “natirèl” yo. Se preparasyon sa yo ki pa janm fèt ki lakòz katastwòf “natirèl” yo tounen katastwòf sosyal tanzantan. Mete sou sa, nou konnen yon seri lòt katastwòf politik ak sosyal tankou pou sèl ane 2016 la, plis pase 420 moun mouri anba kolera san konte 39 mil lòt ki trape maladi sa a MINISTA  pote nan peyi a. Anplis, daprè JILAP plis pase 500 moun mouri anba bal pou lane 2016 la.

Yon lòt bò lajistis pap fonksyone, enpinite ap taye banda chak jou pi plis;  lè lajistis resi mete yon kriminèl nan prizon, gwo zotobre nan Leta a toujou nan fè konminezon pou malandren kase prizon yo. Se tanzantan yo louvri prizon,  pou mete kriminel nan lari.  Pandan tout lane 2016 la, pouvwa egzekitif la pa janm fè anyen pou mete vòlè ak atoufè yo anba kòd, malgre dega yo fè, malgre jan yo piye  kès Leta a nan dènye lane ki sot pase yo. Fowòm nan ap raple se enpinite ak ireskonsabilite otorite nan Leta a ki pèmèt jounen jodi a se sitou dilè dwòg, volè machin, krazèd prizon, mèsenè, asasen, moun ki ap blanchi lajan ka vin depite, senatè oswa prezidan.

Malgre tout bagay, nou konnen peryòd sa yo, se moman lizay ak kòkòday. Kote tout moun ap swete youn lòt bon lane. Se moman yo fè swè pou bagay yo chanje. Kidonk se okazyon pou nou voye lizay ak larezonnen pou tout Pèp ayisyen an,  anpatikilye tout sitwayen, gwoup, enstitisyon ak medya ki nan yon fason oubyen yon lòt te akonpaye batay Fowòm lan ap mennen pou yon lòt peyi, ki se batay mas yo. Nou di yo mèsi epi nou asire yo, yo kapab konte sou sipò nou nan moman difisil yo.

Jan nou renmen di sa, nan batay pou defann enterè peyi nou, defann enterè mas Pèp la ansanm ak enterè travayè-travayèz yo, Fowòm lan pa nan benyen kache lonbrit. N ap konstate tout lènmi peyi a, bandi ak kriminèl patripòch, piyajè abolotcho,  patatis ak brasè tout plim tout plimay gen tan rasanble, yo ap prepare pou yo vin souse manmèl Leta. Tout politisyen raketè san konsyans k ap prepare yo pou vann dwa bay Lezetazini, Kanada ak Lafrans pou eksplwate resous natirèl nou yo pou rann anviwonn peyi a pi vilnerab toujou.

Devan sa k ap rive sou nou la a, gwo dezas ki menase lavni peyi a ak mas Pèp la, Fowòm lan kwè se reskonsabilite tout òganizasyon pwogresis ak militan konsekan pou nou monte yon  fwon demokratik popilè. Se demach sa a ki ap pèmèt  nou defann gany demokratik ki fèt nan batay kont diktati yo, pwoteje resous peyi a kont dechèpiyè  ki vle vare sou richès peyi a. Nan sans sa a,  Fowòm lan renouvle angajman pou li batay pou peyi a dwa reprann grandèt majè li, pou richès peyi a pataje egal ego ant tout pitit peyi a, pou lavi chanje.

Pou lane 2017 la, nou menm,  manm   Fowòm Politik Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen  an,  nou detèmine plis toujou pou nou kontinye batay pou bati yon peyi granmoun tèt li, yon peyi jis, ekitab, san fòs kote, pou libète ak byennèt tout moun.

Bon lane konba 2017!!!

Moun ki siyen:

1- Josué, AUGUSMA, Avoka

2 -Stanley, BASTIEN, Jiris, Nòmalyen Siperyè, literè

3- Jean Willy, BELFLEUR, Filozòf,  Pedagòg, Pwofesè

4-James, BELTIS, Sosyològ

5- Nixon, BOUMBA, Sosyològ

6- Biltonn, BOSSÉ, Sikològ, Edikatè

7- Léonès, CENADIN, Enjenyè, Edikatè

8- Mchelet, CLERVEAU, Doktè nan jewografi, Pwofesè

9- Pétit-Jean, DÉRINX, Antwopososyològ,  anseyan

10- Peterson DÉROLUS,  Sosyològ

11- Jean Odile ETIENNE, Jewograf, Nòmalyen Siperyè, Pwofesè

12- Georges Wilbert FRANCK, Nòmalyen siperyè, Sendikalis, Anseyan

13 Chedler , GUILLOUX,  Nòmalyen Siperyè, Literè

14- Pierre- Richard JOSEPH, Sosyològ

15- Renardo JOSEPH, Nòmalyen siperyè, Jewowograf, Pwofesè

16- Fresner, MICHEL, Nómalyen Siperyè, Anseyan

17- Fritzner, NERETTE, Avoka, pwofesè

18- Guy, NUMA, Travayè sosyal, edikatè popilè

19- Emanuela, PAUL, Sosyològ, Feminis

20- Volcymus Ismaël PAUL, Jewograf, Anseyan

21- Djimy PÉTIOTE, Anseyan, Nòmalyen Siperyè, Literè

22- Nélio, PROVIDANCE, Ekonomis, Anseyan

23- Louis Junior, RAYMOND, Jiris, Nòmalyen Siperyè, Anseyan

Fowòm Politik  Sosyopwofesyonèl Pwogresis Ayisyen (FPSPH)

 

Pou otantifikasyon:

– Jean Willy BELFLEUR: 36942404

– Djimy         PÉTIOTE: 38031568.

Pòtoprens nan dat 5 janvye 2017

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here