Mwa me: Bòb Male,Ti Manno ak Moris Siksto travèse!

0
1038
Bòb Male

Lajan ooo, ala yon malediksyon

Ti Manno

 

Pa kite sistèm nan fè w sasinen frè ou

Bòb Male

 

 Mesyedam lasosyete men Moris Siksto

Moris Siksto

 

Jounen jodi a nou pral fè yon ti rale sou twa atis/lodyansè sa a yo ki kite nou nan yon mwa me tankou mwa sa a. Tout mwa gen abitid pati a bòt anpil nan atis nou yo tankou atis nan lòt peyi tou. Men me a pase pran anpil nan yo sa ki fè nou mal anpilanpil. Gen nan yo se lanmò bridsoukou patannte. Gen nan yo se maladi ki pase ba yo men sòl pa yo a apre l fin lage yo atè pandan kèk tan. Se konsa gen plizyè atis mizisyen chantè, konpozitè, pawolye ak lodyansè ki te gen bra yo ki te pran nan angrenay moulen lanmò pwennfèpa.

Anpalandesa, nou vle pale sou mizisyen Bòb Male (Bob Marley) ki te fèt tou pre nou an nan peyi Jamayik pa twò lwen pwent Jeremi ki travèse jou madichon ki te 11 me 1981 nan Lopital Jaksonn. Bòb Male travèse apre kèk tan yon kansè malfèktè ki rele Melanom t ap zigonnen l jiskaske l ba l kou k sasinen koukou a.

Wa Rege a

Anpil moun ki maton nan pale sou mizik, yo pat neglije monte sou nechèl lonè ak respè pou yo te foure kouwòn nan tèt Bòb Male kòm Wa Rege. San pèdi tan an n di Wa a pat wa sèlman, Bòb te chantè, konpozitè, pawolye, powèt, li te manyen gita l byen tou. Anplisdesa, se limenm menm ki te konn toujou chante tout chante li te konpoze yo. An n di aklè Bòb te yon mizisyen tèt chaje ki pat janm gen limit nan konpoze chante pou l te denonse tout abi ak enjistis sistèm pezesouse sa a te konn amize l fè sou moun chak jou.

Bòb te gen anpil kouray pou l te denonse politisyen koken ak pè ak pastè mètdam k ap pase moun nan tenten chak jou. « Politisyen ak pè ak pastè nan legilz se menm lòbèy yo, menm tenyen yo. Sèl sa yo ka fè chak jou se ankouraje w rete viv nan soufrans ak nan mizè tout tan. Epi lè w fin mouri se lè sa a yo pwomèt ou pou y al fè priyè pou w ka gen chans reviv nan paradi kote tout bagay gratis ti cheri san w papeye senk kòb kwiv ». Pawòl Bòb Male.

Nan tèks li yo Bòb te toujou ankouraje mas popilè yo pou yo leve kanpe pou yo batay sanpransouf pou dwa yo ka rive respekte. « Leve kanpe pou n reklame dwa n. Leve kanpe pa janm sispann batay ». Men kòm pwovèb Ayisyen an di l lan, bon pa dire lontan. Bòb te apèn wè 36 rèkòt kafe, lè gwo van siklòn maladi te pouse kannòt li jis li te fòse l al chavire sou tèt resif lanmò yon jou madichon ki te13 me 1985.

11 nan 50 pitit Bòb yo

Sanble menm jan Wa a konpoze mizik fasil fasil menm jan si l t ap desann kèk gòje dlo byen fre nan ti gòjèt li, sanble tou menm sous enspirasyon sa a fè l fè pitit pi fasil toujou. Anpil moun ki fè gwo rechèch sou Bòb Male ta dekouvri l te gen pou pipiti menm 50 pitit. Moris Siksto t ap di Wa Bòb se te yon wa pititye. Si n t ap ekri non tout dikdal pitit sa a yo fòk nou ta kole 10 jounal ansanm. Men reziyen n ak 11 nan pitit ofisyèl Bòb Male yo sèlman.

Ti Manno

Anvansa, li ta bon pou n rapòte apa madanm marye l ki rele Alfarita Konstannsya Anndersonn alyas Rita Male (non atis manzè). Li te marye ak li depi lè l te gen 21 lane. Apre sa Wa a te gen 6 lòt madanm (moun konnen) pou l bay pawòl detan l ape di yo tout No Womàn no kray. Kòm nou konnen bouch pale anpil gen nan yo ki di wa a te gen pou pi piti 50 pitit. Men non kèk nan yo sa vle di 11 sa a yo ki pi cho devan bann nan : Chawon Male, Wobè Male, Sedela Male, Jilyan Male, Ki Mani Male, Damyann Male,  Zigi Male, Estefenn Male, Woan Male, Karin Male, Estefani Male

Pil mizik Bòb yo

Pèsonn pap janm konn konbyen mizik Wa a te rive konpoze vre depi lè l te koumanse pou jis li travèse ale kite n jou ki te 11 me 1981 an. Nou pap janm ka gen tan pou n ta pale sou tout kantite mizik Wa Male konpoze epi chante yo. Men nou ka toujou fè fanatik li yo sonje l se sèl mizisyen ki te rive vann 10.000.000 nan albòm li ki rele Lejann la (Legend). Antou, se plis pase 200.000.000 albòm Wa a rive vann.

Ti Manno

Si Wa Bòb se te Jamayiken, ti Manno li menm se te san Papa Desalin ki t ap fofile desann tout boulin nan tout venn li. Menmjan ak Wa a, ti Manno te konn denonse nan fason pa l fason sistèm nan kanpe an bourik pou l fè mas pòv yo abi ak enjistis tout kalte. Sèl diferans, Ti Manno te konn sèvi ak mizik konpa ki se mizik lakay li Ayiti, Bòb Male limenm te konn sèvi ak Rege ki se mizik lakay pa l Jamayik.

Bon non ti Manno se Antwàn Wosini Janbatis. Men Emanyèl Janbatis, se non sa a menm papa l te ba l pote lè manman l te fin pouse l nan vil Gonnayiv yon maten 1ye jen 1953. Ti Manno, anplis li te konn chante, te konn jwe gita, kibòd epi l te konn fè batri chante anba kout bagèt. Anpil moun te renmen ti Manno kote l pase tankou nan gwoup mizik ki rele Dyad Senmak anvan l te vin kenbe mikwo l nan Volo Volo ki plis yon dyaz ki te konn jwe nan vil Boston.

Moris Siksto

Apre Volo Volo, mizisyen an pral retwouve l nan Astwòs anvan l rantre an Ayiti nan lanne 1978 pou l te vin chante kèk tan apre nan Dipi Eksprès. Se te nan lane 1981 l te vin met gwoup mizik pa l sou pye k te rele Jemini Òlstaz. An 1984, ti Manno repati Ozetazini kote l te santi kò l pat twò bon. Apre anpil tan pèsonn pat pran nouvèl li, nou vin aprann li malad grav. Yo te menm fè yon maraton pou l te ka fè operasyon nan lopital Sen Lik nan Mannhatann. Yon aswè 13 me 1985 move nouvèl la tonbe, ti Manno travèse. Lantèman l te chante jou ki te 18 me nan legliz Sen Matye nan Bouklin

Mesyedam lasosyete men Mòy

Nou pa menm bezwen nan pran ti chèz ba n pou n chita pale sou Mòy. Yon sèl bagay nou te vle di n Mèt Zabèlbòk fè dekabès. Li fèt yon 23 me nan Gonnayiv, li travèse yon 12 me nan Filadèlfi Ozetazini. Nan menm mwa me sa a toujou men kèk lane pi ta n vle pale lane 1984. Lè pi gwo lodyansè Ayiti te genyen te travèse bridsoukou nan yon lopital Filadèlfi ki Ozetazini. Se jou ki te 12 me a apre yon tizon dife ki te sot nan yon alimèt te tonbe sou yon pijama layilòn  ki te sou li detan l te chita sou yon dodin li t ap limen yon sigarèt. Malerezman se te dènye sigarèt mèt Zabèlbòk t ap limen.

Ti Sentaniz, Leya Kokoye, Mèt Zabèlbòk, Madan Jil, J’ai vengé la race, Le Coralin du Célibataire, Gwo Moso, La petite veste de Gallery de Papa. Se kèk nan zèv Mòy yo. Moris te yon sosyològ, li te jounalis, animatè radyo, pwofesè. Moris se te yon Ayisyen dipeyi ki t ap chache fè tout sa l kapab pou l sove diyite nan fè tout jimnastik pou pete apse a. E, l te menm mande pou pèp viktim yo leve kanpe pou bay eksplwatè yo yon lavman jilèt. Se sèl fason pou n debarase n ak move je yo ki se pwazon vyolan.

 

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here